You are on page 1of 2

PREMYE GRADIASYON LANG KREYOL

Richadson Louius*

Colegio Dominicano de Periodistas (CDP) ak Instituto de Formación Gerencia y Liderazgo


Americano (IFGLA) pral realize Premye Gradiasyon Lang KREYOL, kote plizye dizèn moun
pral gradye

Konsa tou, yo pral rekonèt anbasadè Ayiti, doktè Fritz Cineas pou ekselan egzèsis
diplomatik li.

Aktivite sa a pral fèt nan salón Orlando Martínez, Colegio Dominicano de Periodistas
(CDP) a sisè nan aprè midi 29 me ane sa a.

Lisansye Aurelio Henriquez, presidan CDP, ak Alcedo Magarin, rektè IFGLA fè konnen ke
nan “Premye Kou Kreyol sa “ plizyè dizèn jounalis, achitèk, enjenyè, avoka, politisyen,
machann ak antreprenè te enskri epi yo te rete etidye pandan kat mwa kote yo te
aprann pale ak ekri Kreyol.

Yo anonse ke enskripsyon yo ouvri pou lot kou ki pral komanse a, epi tout moun ki vle
aprann Kreyol kapab patisipe.

Yo eksplike ke yo pral bay yon Dezyèn Kou Kreyol Avanse sou konvèsasyon, istwa, literati
nan lang pèp ayisien an.

Henriquez ak Magarin anonse ke klas yo pap kanpe. Lendi kap 14 jen an nouvo kou
kreyol yo ap komanse nan orè 6-8 aswè soti lendi pou rive vandredi epi 9-11 nan maten
jou samdi ak dimanch.

APRANN KREYOL NAN SELMAN KAT MWA

Henriquez ak Magarin fè konnen ke Kreyol se yon lang ki fasil pou aprann e nan kat mwa
moun kapab aprann pale ak ekri li.

Yo endike ke yon genyen yon gwoup pwofesè ki gradye nan lang nan inivèsite aysièn ak
dominikèn. Epi pwofesè yo genyen eksperians fè kou nan diferan sant edikaf.

Yo enfome que yo te prepare yon pwogram etid lang Kreyol ak yon nouvèl metod pou
aprann moun kreyol, kote etidyan an ap swiv kou dezè de tan chak semèn, epi li va
resevwa liv, kasèt, video ak CD, pou etidyan yo kapb genyen plis fasilite.
Henriquez ak Magarin di ke Kou Kreyol la ap gratis pou manb CDP, selman yo ap achte
material yo epi madanm/mari ak pitit kominikatè sosial yo ap resewa demi bous. Kou a
koute 5 mil peso pou piblik an jeneral. Enskripsyon yo ouvri nan Colegio Dominicano de
Periodistas (CDP). Pou plis enfomasyon rele lisansye Fatima Rodriquez nan nimewo
telefon sa yo: 809-508-1287 y 829-876-3195.

*Pwofesè lang

You might also like