You are on page 1of 3

KOTE LAJAN D T LA F ?

Edmonde Supplice BEAUZILE

Prezidant Pati Fizyon Sosyo-Demokrat Ayisyen yo (PFSDA)

Jou ki te mkredi 12 avril nan lane 2017 la, m te patisipe nan Mkredi Refleksyon
ki te ft sou tm : Dt piblik ak devlopman ; se Bank Entramerikn pou Devlopman
(BID) ki te envite m. Gen 2 kanmarad Fizyon ki te f deplasman an avm paske, depi kk
tan, kesyon ekonomik yo pa janm soti nan lespri nou menm yon segond epitou yo toujou la
nan nannan deba k ap ft nan direksyon pati a. Pa gen moun ki pa konnen m tankou yon
psonalite politik ki vle dirije peyi a, se poutt sa a m ret kw pwoblm ekonomik yo,
envestisman piblik ak prive yo, kwasans, repatisyyon pitit kwasans lan l genyen kwasans,
bese nivo povrete a oubyen nou ta ka di pito kreye richs, tout sij nou sot site la yo dwe nan
lespri nou tout tan epitou tout kouch nan sosyete ayisyn nan paka pa pale de yo. Paskem se
yon sosyal-demokrat, map ajoute bese nivo inegalite yo nan lis sij m sot site la yo paske se
sa k anpeche kwasans lan monte epitou se sa lakoz kriz finansy.

Plizy moun enptan te debat sou sij sa yo tankou 2 kad Minsit Ekonomi ak Finans
(MEF) ak BRH epitou te gen lot reprezantan Bank Entramerikn pou Devlopman, Fon
Monet Entnasyonal ak yon ansyen minis finans nan peyi Chili. Men map slman rete sou
kokennchenn ekspoze direkt jeneral adjwen ki responsab trez nan Minist Ekonomi ak
Finans Mesye Jean Donat ANDRE ansanm ak reprezantant Bank Santral la Madam Fabiola
BENOIT. Premye a te pale de Pwa dt piblik la genyen sou finans piblik yo epi dezym
nan limenm te pale de Enpak dt piblik la genyen sou kwasans ak devlopman .
Prezantasyon yo a te entpelem, se sak f m te poze kesyon sa ki konsne tout sitwayen
ayisyn ak ayisyen : Kisa yo f ak lajan dt la ? Se yon kesyon ki gen anpil enpotans, epoutan
nou kite l slman pou ekonomis yo. Diskisyon ak deba ta dwe ft sou yo nan inivsite yo,
nan lekl yo, nan pati politik yo, nan form sosyete sivil la, nan sendika yo, san n pa bliye
palman an ki gen otorite ak obligasyon konstitisyonl pou l kontwole aksyon gouvnmantal
la.

San m pa vle part teknik anpil ni m pa vle bay anpil chif, men sa pou nou sonje se
nan lane 2008 ak 2009 dt ekstn peyi a te bese anpil pou nou pa di anile. Apre prske 60
lane kote nou jwenn finansman ki soti ltb dlo, Ayiti pa t janm rive dwe 2 milya dola
ameriken. Nan pi piti ke 10 lane, dt sa vin rive nan 3 milya dola ameriken epitou 90 pou san
nan lajan sa a nou prete l nan men Venezyela paske nou nan pwogram Pretro Caribe a.
Pou nou menm, se wot dt la ki bay pwoblm. Nou ret kw peyi a dwe prete lajan ak
entelijans si l vle konstwi tout enfrastrikti k ap bon pou devlopman l. L n ap konsidere
politik jeneral gouvnman an ak fydewout divs minister yo, n ap ka w peyi a ap bezwen
prete lajan nan men gwo enstitisyon k ap prete lajan pou Leta ka f envestisman piblik paske
don nou te konn resevwa yo kmanse bese depi lane 2011 epitou nan moman n ap pale la
don sa yo pi piti pase 500 milyon dola ameriken epitou del nou pral bout paske kantite tan
gwo enstitisyon sa yo te genyen devan yo pou prete moun lajan rive nan bout li. Men chak
grenn dola, chak grenn ero dwe svi pou defann enter nasyon an pou Leta ka kreye bon jan
kondisyon k ap pmt li atire envestis epitou kreye travay k ap dire k ap byen peye.

3 milya dola dt epi zewo enpak sou kwasans lan

Pou mwen, revelasyon konferans sa a vini ak jenn ekonomis Bank Santral la ki te


byen f nou w malgre dt piblik ekstn nou t ap vin pi wo pandan 10 lane ki sot pase yo sa
pa t gen okenn enpak sou kwasans ekonomi nou an epoutan sa ft nan lt peyi. Se sa ki f
jounnen jodia se tout dwa nou pou nou mande tt nou kijan f yo foure 3 milya dola nan
ekonomi zwilit nou an epoutan nou pa w aktivite ekonomik la k ap reprann manm li epitou
to kwasans lan pa f won pt ? Sitiyasyon sa f nou pa konn kisa pou panse l nou konnen
sou 3 milya sa yo, fk nou mete tou dt entn pou Bank Santral la epitou plizy milyon ak
milya dola dt pou gwo enstitisyon k ap prete kb yo ke seswa bilateral ak multilateral (30
milya goud nan bidj sa nou gen la).

M konnen dt piblik la pa sl paramt pou nou kalkile to kwasans lan. Men nou dwe
admt si nou svi ak dt la pi byen sa ta ka ba bon jan rezilta. Gen nan nou ki pral pran pou
dra blan katastwf natirl yo, pri gaz la kip a janm sispann monte epitou enstabilite politik la.
M santi fk nou ta antre nan analiz sa : Kripsyon, detounman lajan piblik, faktirasyon tt
ng, komisyon tt ng, richs psonl ki ft sou do moun k ap peye taks ak enpo yo.

Preske tout dt ekstn nou an ft ak pr konsesyonl ; sa vle di to enter yo ba anpil


epitou kondisyon pou remt lajan ki te prete a bay anpil avantaj. Se pitit nou ak pitit pitit nou
k ap gen pou remt tout lajan sa yo. Nou dwe mande dirijan nou yo : Kisa yo genyen pou yo
montre nou pou 3 milya sa yo. Eske administrasyon sa nou gen la a ap gen kouraj pou l di
nou ki kote lajan dt la f ? Konbyen megawat anplis, konbyen kilomt wout ki ft oubyen
remanbre osinon f kanal irigasyon, konbyen sistm adiksyon pou dlo ak asenisman nan vil
nou yo, konbyen inivsite tou nf, konbyen p ak ayop tou nf, konbyen enfrastrikti tou
nf ? Nou ta ka kontinye men nou pa t ap janm ka fini.

Pandan yon moman, nou te kw t ap gen bon jan ankt ki te ka konfime osinon
demanti vye akizasyon ki te ft sou komisyon senatoryal la ki te travay sou dosye sa a. Men
ta sanble se te blf, yon operasyon kominikasyon ki te f moun panse sitwayen ayisyen fanm
kou gason ta pral resi konn tout verite a, t ap gen sanksyon ki bay, t ap gen gwo tt ki t ap
tonbe osinon trez piblik la t ap jwenn yon bon pati nan lajan ki te detounen an. Men
jiskaprezan pa gen anyen ki pwouve n ap jwenn sa yo. Kou a te byen planifye paske li te
lakz pa gen okenn kontestasyon sou dosye sa a epitou moun ki te vle mande dirijan yo
regleman pap ka f l ank. Se menm yo menm ki toujou ak dirije osinon yo mete moun pa yo
menmsi se yo k ap f e def ankacht.

Dt piblik la pa pmt gen kwasans nan ekonomi nou an, se pou sa sitwayen ayisyn
kou sitwayen ayisyen dwe al mande regleman ak eksplikasyon pou yo ka jwenn yon gwo
kantite val en plis pou lajan piblik ki envesti a paske se yo kap gen pou al peye enpo pou
ranbouse dt la. 3 milya dola sa y opa dwe pase nan ribrik pt ak pwofi pou kontablite piblik
la. Ayisyen, Ayisyen, jwt pou nou.
Petyonvil 15 avril lane 2017

You might also like