You are on page 1of 2

You Don't Want Me • Klass

Tankou yon espri m'tap viv anndan ou


M'te konn tout saw panse
Sekrè'k nan kè ou
Tout emosyon ou
Ou se soley ki te leve jou'm
Se ou'k te fè'm goute privilej lanmou
Tout sa se te ou oh

Kounya n'ap janbe yon kalfou


Jan'm wè'l la n'pap fè demi tou
S'on lwa'k sou teritwa lanmou
Moun pa fòse moun
M'pwal aji kon yon moun grandi
Menm lè nan kè'm s'on ti moun piti
Yon moun pa dwe janm kenbe sa ki pa pou ou
Sa ki pa pou ou non mwen pap pèdi tan'm

[Chorus]
Mpa'p koute febles mwen
Pou'm diw rete avè mwen
You don't want me
I already know--- (let me go)

Mwen pa vle diskite.


Mwen jis wè w'pa vle devwale'm.
Ou kapab pran'm pou egare.
Poutan m'konn plis ke sa'w panse.
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen kwè'w pap janm chanje
Ni ou pap janm di'm la verite

Si tout bagay chanje


M'pap fòse'w ni m'pap oblije'w
Men se enpòtan pou mwen fò'm mande'w
Gen kouraj pou'w di'm sa'l ye
Pou valè koze'n koze'n koze
Ou toujou di map ekzajere
Pou valè pale'n pale'n pale
Mwen prefere ret pou kò'm
Olye se ou ki akonpanye'm

"Klass it is baby"
"Cherie mpa ka fel konsa non"
"Love"
"Klass it is baby yes it is baby"
"El Bruno"

Se kòm yon maladi'l ye


Lè yon kè fi'n tonbe l'pran tan
Pou li leve l'mache men mwen pap lage mwen rete kwè
Avek ou menm se te
Yon preparasyon avan
Mwen jwenn yon moun ki kwè menm jan avek mwen
Yon amoureuse e yon passionnée
M'pa regret tout lane n'pase ansanm

[Chorus]
Se ak tout kèm m'toujou renmen'w
Men mwen pap ka fòse'w renmen'm

"Bondie bon"
"Oskino Ou we"

You might also like