You are on page 1of 2

Agweta woyo

Chan: soufle van Toto Bissainthe

Agweta woyo kitem ale

Kitem ale

Kitem vwayaje nan peyi Alada

Pa mandem pouki?

Al mande papa Legba

Chimen an gran louvri

Pou tout tchovi te ka jwenn kichòy

Nèg isit chanje kadna bayè a

Se sèl yo ki gen kle ,yo antre lè yo vle

Granmèsi lavi, mod pas pa fèt pou pèson

Chimen pa gen mèt

Agweta Woyo lavi isit vire do bay

Pwason kouri kite bò bodmè

Sak kal ateri nan fon lanmè

Gen sa ki travèse fontyè

Agweta woyo

Ou te konn vin repozew arebò bèl sab nou yo

Arebò bèl kot nou yo

Sa fè lontan nou pa wèw

Bagay yo chanje Agweta woyo

Se yon bann fatra kap paweze bò bodmè


Agweta woyo kitem ale

Kitem ale

Kitem al rakonte sa yo lakay

Kitem al di yo kijan lavi tanmen souri bay lanmò

Lèm rive ma met yon banm machwè poum pa bave nan sekèy lavi

Map mare pwent zotèy mwen poum pa vin long

Twò prese pa fè je louvri

Agweta woyo wa di zansèt mwen yo

Mwen voye yon gwo kout chapo pou yo

Libète se tankou yon tonmtonm jeremi ak yon kalalou konmbo

Wa di yo pou mwen tanpri souple redi zorèy politisyen isit yo pou mwen

Yon fason pou lavi ka souri bay tchovi isit.

You might also like