You are on page 1of 91

Ti limyè sou Vodou

Liv ekip chimen zansèt la ekri


anba plim Carl Henry Desmornes.
Epi konkou K.N.V.A.
Si ou se Vodouyizan w ap konprann.
Si ou pa Vodouyizan w ap kontan konprann
Illustration de James Pierre

ISBN : 978-99970-4-014-5
Dépôt légal : 13-10-366
Bibliothèque Nationale d’Haïti

Tous droits réservés © Carl-Henry Desmornes


Enregistré au numéro OEU-P-100000934
Bureau Haïtien du Droit d’Auteur (BHDA)
Pa pouvwa papa Loko Atisou
Ak pèmisyon Atibon Legba
Sou direksyon papa Danmbala Wèdo
E nan non tout zansèt yo
Nou di AYIBOBO.

Nou vle salye de potorik gason


Ki ouvri anpil baryè pou nou ak tout ayisyen
De nanm chaje ak kouraj epi sajès
HERA SIMON
AK
ATI MAX JESNÈ BOVWA
CHIMEN ZANSÈT

Yon jou tankou jodi a, yon ekip inisye Vodouyizan


reyini epi pran desizyon pou travay ansanm pou sosyete
ayisyen an. Yo te reyalize si ayisyen met tèt yo ansanm menm
jan ak 14 Dawou 1791 yo tap ka rezoud anpil nan pwoblèm
yo menm jan ak 1804. Pou yo jwenn fòs ak limyè, ekip sa te
antre nan yon seri priyè, pou yo jwenn wout ak direksyon.

Yo jwenn yo ta dwe fè tout sa yo konnen pou aprann


ayisyen kiyès li ye e kote li soti, aprann li renmen tèt li,
komanse pa kilti li ak tout sa ki gen ladan li. Konsa, ekip la
komanse fè emisyon sou Vodou nan radyo. Yo rele youn nan
emisyon yo « Chimen Zansèt », emisyon sila vin si tèlman
popilè, non an tou kole sou yo.

Emisyon sa fèt chak jou sou radyo soti 10 zè nan aswè


pou rive 3 zè nan maten. Nan emisyon sa, yo bay enfòmasyon
sou kilti ayisyen, espesyalman sou relijyon Vodou. Yo
komanse fè moun konprann se nan Vodou fòs peyi Dayiti
a chita. Kòm se pa tout moun nan nanchon an ki gen chans
tande radyo, ekip la wè fòk li ta ekri yon ti liv. Sitou pou sa ki
lòt bò dlo yo. Se konsa yo ekri « Ti limyè sou Vodou ».

4
Ekip Chimen Zansèt la se :

Carl Henry Desmornes (ougan)


Elien Isac (ougan)
Maxeau Bourgon (ougan, anperè)
Tami Dufresne Isac (manbo)
Clernise Israël (manbo)
Marjorie Galiotte (manbo)
Jean Claude Augustin (ougan)
Jean Robert Célestin (ougan, anperè)
Marie Michèle Mathieu (manbo)
Gina Baptiste (manbo)
Louis Isac (ougan)

Anplis de sa, ekip la mete kanpe yon asosyasyon


ki pou sipòte tout inisyativ Vodou ak Vodouyizan ki rele
KOSOVEH ki se Konfederasyon Sosyete Vodou ak Anperè
ayisyen.

Ekip CHIMEN ZANSÈT la

5
Pawòl moun ki pi gran pase nou

Pou nou ka konprann sa k ap pase kote kò nou pa kapab


rive ak kote je nou pa kapab wè nan kilti zansèt yo nan tan lontan,
lòm te toujou santi yon gwo bezwen pou yo te òganize ti moso
enfòmasyon monn envizib la bay, pou yo te rive konnen sa k ap
pase nan mond sa, kijan yo te konprann fenomèn sa yo. Anvi
konnen sila a, se te pi gwo enkyetid zansèt yo, se menm lide sa ki
pouse travay sou orijin ansestral rit espesifik sa Vodou (Vau d’or)
a fèt. Anpil rechèch sou egzistans Vodou a ki se kilti gran patriyach
yo sitou Gethro te kite kòm eritaj pou Moyiz ak farawon nan peyi
« Egypte »
Lide sa, tankou yon litani lanati ba nou pou nou ka chèche
konnen kokenn chenn mistè ki genyen nan Vodou a. Fason monn
envizib la òganize l tout kote : nan fon lanmè, sou latè ak nan
lespas. Nan lang franse yo rele li « cosmogonie » ki vle di ansanm
konesans nou pa ka konprann e nap chèche fouye pou pote
eksplikasyon, tankou : leve ak kouche solèy la, mouvman la lin
nan, diferan sezon yo, mouvman planèt yo ak zetwal yo. Gwo save
k ap fè rechèch sa yo rele kosmològ.
Etid sa yo fè nou ap poze yon kesyon. Poukisa zansèt endyen
nou yo te konn adore solèy, lalin, zetwal ak anpil lot bagay ki mete
yo nan kontak pafè ak lanati ?
Nou dwe toujou rete annamoni ak lanati, menm jan ansyen
nou yo te konn fè.
Zanmi mwen envite ou li liv sa ak zye nan lespri ou men
non pa ak sa ki nan ko ou a. Mwen gade liv sa tankou yon ti lanp
tèt gridap ki vin pote yon ti limyè nan yon gwo fenwa.
Liv sa ap pèmèt ou konprann tou, poukisa gen yon evenman
ki rive men pa yon lot, lap pèmèt ou kontwole ak itilize anpil
avantaj lanati ba ou, fè ou konprann sa k ap pase ak ki sa ki lakòz
anpil dezod ki gen ladan li, bagay sa yo pa gen okenn rapò ak la
syans ezoterik. Lanati ban nou zouti sa yo pou pèmèt Vodouyizan
pratike ansyen rityèl zansèt yo ki se Vodou.

Potoprens, Dawou 2013


Yves Charles, Grand Maitre de L’Ordre.

6
Avan ou li liv sa

Nap di w yon gran mèsi paske ou pran desizyon pou li liv


nou ekri a. Nou di ayibobo pou sa! Nap mande w pou ouvri lespri
w, sitou louvri kè w. Tanpri, bliye pandan yon ti moman tout sa ou
te tande sou Vodou ak Vodouyizan. Sa va pèmèt ou konprann pi
byen. Si posib chita yon kote pou kont ou, yon kote fre, ki pa gen
twòp bri ou distraksyon. Si w te ka benyen epi mete pafen sou ou
avan, li ta pi bon. Pran san ou, pa prese. Chak fwa ou fini li yon paj
fè yon ti poze, reflechi sou sa ou sot li a.

Kijan nou fè pou nou ekri liv sa a ?

Liv sa se rezilta rechèch ak obsèvasyon yon ekip inisye nan


Vodou. Se sa nou aprann ak sa nou wè nou mete nan liv la, se sitou
sa Lwa yo mande pou nou di pou yo ak sa yo pèmèt nou devwale.
Liv sa pa gen senp, wonga ak maji ladann. Ou pap konn kijan pou
mare pwen ni rele Lwa nan tèt ou lè ou fini li liv sila. Nou pa ekri
liv sa pou nou eseye konvèti pesonn, nou pa kwè nan retire moun
sou wout li, paske sa deranje ekilib lavi li. Si ou alèz kote ou ye a,
rete la. Se sa ki bon pou ou e pou lanati. Fòse yon moun oubyen yon
pèp chanje wout espirityèl li, kidonk konvèti li, se pi gwo krim kont
lavi ak amoni nan linivè.

Liv sila ap ba ou yon bon lide sou ki jan nou menm


Vodouyizan viv e sa ki enpòtan pou nou. W ap jwenn tou, bon jan
enfòmasyon sou lavi, linivè epi sou tèt pa ou. Enfòmasyon ki ka itil
ou tout tan pou viv nan lapè ak kè kontan.

7
Pouki nou ekri liv sa a

Nou ekri liv sa a pou nou pote limyè lakonesans sou


Vodou
1. Tout moun pale pou nou, lè a rive pou nou pale
pou tèt pa nou.
2. Gen anpil ayisyen ki ap chèche eksplikasyon sou
tèt yo, sa yo santi, ak pratik yo leve jwenn nan
fanmi yo. Yo twouble paske :
a) Yo fini pa reyalize yo sou yon wout ki pa
wout pa yo
b) Yap chèche pou yo rekonekte ak pratik
zansèt yo
3. Nou vle fè tout moun konnen nou ka viv nan kè
kontan e kè poze ak lanati, epi youn ak lòt
4. Chak pèp, chak moun gen 3 dimansyon, gen sa ou
wè a, gen sa ou konnen an ki se eksperyans epi
gen nanm ou pa wè a ki se lavi a menm. Espò ak
manje jere kò a, lekòl jere lespri, epi konesans
Vodou pèmèt nou viv annamoni ak lòt nanm ki
nan linivè.
5. Li enpòtan pou konprann chak fwa yon aksyon
pase nan mond vizib la, gen yon aksyon ki
akonpaye li nan mond ki envizib la. Chak fwa ou
pran desizyon fè yon bagay, espri ki akonpaye w
pran dispozisyon pou ede ou  ; se djòb yo. Lè ou
konprann kijan pou fonksyone ak yo, ou viv pi
byen, pi dous, pi lontan.
6. Nou kwè lavi kidonk bondye ki andan nou se
tankou yon limyè andan yon vè lanp. Plis vè lanp
la pwop se plis li klere. Sa vle di plis nou fè byen se
plis nou pwop e plis nou fè mal se plis limyè andan
nou an pa ka klere.Ti liv sa ap edew fè limyè andan
w lan klere pi plis.

8
Men sa ki nan liv la
APRAN KONNEN VODOU
I. Kisa ki Vodou a?
II. Kisa ki ougan, manbo ...... ?
III. Kisa ki kanzo ?
IV. Kisa ki chanpwèl, Bizango..... ?
V. Kisa ki Gad ?
VI. Eske gen moun ki gen pouvwa espesyal?
VII. Kisa ki Lougawou ????
VIII. Kisa ki Pwen ?

KWAYANS VODOU
I. Kote kwayans ak pratik Vodou an sòti?
II. Eske Vodou Ayiti ak Vodou an Afrik se menm bagay ?
III. Sou kisa Vodou kanpe ?
IV. Ki sa ki lavi ?
V. Kijan lavi egziste ?
VI. Pouki Bondye lavi te kreye linivè ?
VII. Ki misyon nou sou latè ?
VIII. Kisa ki lan mò ?
IX. Eske nou ka pale ak mò ?

KONESANS SOU LWA


X. Kisa ki Lwa ?
XI. Eske se lespri mò ki tounen Lwa ?
I. Ki pouvwa Lwa yo genyen ?
II. Ki kote Lwa yo abite?
III. Konbyen Lwa ki genyen ?
IV. Kijan mond envizib la òganize ?
V. Kijan Lwa kominike avèk nou?
VI. Kijan nou pale ak Lwa yo ?
VII. Eske nou oblije sèvi Lwa ?
VIII. Kijan moun pran Lwa ?
IX. Kijan nou ka viv ak Lwa yo ?
X. ki Lwa ki mache ak ki moun ?
XI. Kijan Lwa reklame moun ?
XII. Eske yo konn volè Lwa?
XIII. Kijan ou ka rasanble Lwa fanmi ou ?

9
PRATIK VODOU
I. Kijan nou pratike la fwa nan Vodou ?
II. Kijan moun lapriyè ?
III. Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè ?
IV. Egzanp priyè ki ka ede ou fè priyè paw ?
V. Règleman.
VI. Dat ki enpòtan anpil.
VII. Ben-y ak Lanp.

PAWOL ANPIL
I. Pouki nou tande tout vye pawòl sa yo sou Vodou ?
II. Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou ?
III. Pouki yo di Vodou touye anpil moun ?
IV. Vodou nan listwa ak politik.

10
11
APRAN KONNEN VODOU

Kisa Ki Vodou an?
Nan youn nan lang zansèt afriken nou ki se lang « fon »,
Vodou vle di rechèch nan lenkoni.
Nan yon lòt lang ankò nou jwenn Vodou vle di : adorasyon
espri.
Gen chèchè mistik ki di Vodou egziste avan lèzòm, se zouti
sakre Bondye te itilize lè li tap kreye linivè.
Konsa tou, gen lòt chèchè ankò ki di Vodou se maji, se
konesans sekrè ki gen nan lanati.
Nou jwenn Vodou se fason pèp ayisyen chwazi pou li
eksplike tout bagay nan linivè tankou :
 Kisa ki sous lavi a.
 Kote moun sòti.
 Kote moun prale.
 Eske nou pou kont nou
Vodou, se fason pa nou ayisyen viv nan kè kontan ak kè
poze avèk tout sa Bondye lavi a kreye. Vodou òganize an sosyete e
li gen tout règleman ki fè li yon relijyon : relijyon pèp ayisyen

Kijan Vodou an òganize ?


Vodou gen anpil sosyete, chak sosyete fè pati youn nan 21
nanchon yo, ki se konsa nou rele tribi ki te soti an Afrik yo. Chak
sosyete gen nan tèt li yon ougan, manbo oswa yon sèvitè. Menm lè
yo tout endepandan e yo òganize tèt yo fason ki bon pou yo, chak
sosyete toujou gen moun sa yo :
 Ougan/manbo/sèvitè/sèvitèz
• Se yo ki dirije lakou a. Jan yo konn di a, yo
fè e defè
 Wonsi/laplas/hongènikon/hountògi/manman
ounyò, konfyans kay
• Yo se asistan ougan ak manbo yo. Yo chak
gen travay pa yo nan lakou a

12
Chak sosyete chita nan yon peristil ki se kote popilasyon
an reyini pou diskite bagay ki konsène yo. Se la tou, yo fè lekòl
oubyen trete moun lè yo malad. Peristil la sèvi tou pou anpil lòt
aktivite sosyal, tankou, dans, maryaj ak lantèman. Men sa ou ta
sipoze jwenn nan tout peristil :
 Yon poto mitan.
• Se yon gwo poto ki nan mitan peristil la.
Se sou li tèt peristil la chita. Li gen yon wòl
mistik tou, se li ki fasilite koneksyon avèk
espri yo. Wap wè li toujou gen danbala ak
ayida wèdo sou li.
 Youn oswa plizyè kay lwa, se selon gwosè peristil
la.
 Kote moun ka chita.
 Kote pou tanbourinè yo chita epi jwe.
 Kote pou wonsi yo chante ak danse.

13
Se nan yon kay sakre yo rele badji, yo fè travay mistik. Se la
ougan ak sèvitè resevwa moun ki gen bezwen Lwa yo.
Vodou pa gen yon moun alatèt li k ap dirije e k ap bay
tout moun lòd, nou pa kwè nan sa. An menm tan, plizyè sosyete
gwoupe yo an asosyasyon pou yo defann dwa yo nan sosyete a.
Gen anpil asosyasyon konsa. Pami yo, gen plizyè ki chwazi yon
reprezantan pou al diskite pou yo avèk leta epi lòt òganizasyon. Yo
rele reprezantan sa ATI. Premye moun nou nonmen ATI nasyonal
rele Max Bovwa.
Nan tradisyon zansèt afriken yo, tribi yo te toujou genyen
yon ansyen granmoun kote tout moun ale pou pran konsèy.
Eksperyans nan tèt li, fè yo toujou konsilte li lè yap pran desizyon,
gwo kou piti. Nou rejwenn pratik sa nan vodou. Chak zòn nan peyi
a gen yon ansyen saj ki sanble konn tout bagay, se li ki memwa zòn
la. Nou rele li Ogonoun, avan li mouri li toujou prepare yon lòt pou
pran plas li.

Kisa ki yon ougan oubyen yon manbo ?

Ougan, ougan makout, manbo, sèvitè lakou, sèvitèz.


Tout se moun Lwa yo chwazi bay konesans pou ede moun :
 Ougan ak manbo se sèvitè ki òganize tèt yo pou
pwoteje sekrè mistik pou malfektè pa sèvi ak
yo. Pou rive ougan oubyen manbo ou dwe sibi
inisyasyon. Lè sa yo di ou « Asogwe ». Ki vle di
ason nan men w.
 Ougan oubyen manbo makout se moun Lwa yo
chwazi tou men ki pa fè pati okenn gwoup inisye.
Yo gen yon travay enpòtan yo fè paske yo mache
nan tout bwa ap bay popilasyon an sévis.
 Gen plizyè rit inisyasyon, chak rit rele sèvitè yo
jan pa yo. tout ap fè menm travay la.
Nou gen bòkò tou, ki se yon lòt bagay. Gen ougan ak
manbo ki bòkò tou.

14
 Bòkò fò nan maji ki se yon syans, yo konn anpil
sekrè yo resevwa nan men granmoun yo.
 Yo konn kijan pou yo sèvi ak fòs ki nan linivè pou
yo fè tout kalite mirak.
• Yo konnen kijan pou yo mare pwen :
o Pwen se yon bagay bòkò fè ki
bay moun pouvwa tout moun pa
genyen. Gen tout kalite pwen, se
selon sa ou bezwen regle.
o Syans bòkò pran anpil tan pou
aprann epi li danjere
 Bòkò gen gwo responsabilite devan lanati, se pou
sa lè yo fè dezòd ak konesans yo, Lwa yo pini yo
trè di.

Kanzo

Lè yon Vodouyizan chwazi reponn wi a reklamasyon


Lwa yo, li dwe sibi inisyasyon pou li vini Kanzo, ougan, manbo
oubyen sèvitè. Gen plizyè rit li ka chwazi pou li inisye, tankou deka
oubyen rada. Lè yon moun kanzo, li pase eprèv dife sou rit rada.

15
Kisa ki chanpwèl ?

Lè blan yo tap bwote esklav yo sòti an Afrik, se pa tout ki
te nèg dousman. Genyen ladan yo ki te lwijanboje, nèg danje ki pat
jwe. Lè nèg sa yo rive Ayiti, yo pat rete esklav twò lontan. Byen vit
yo te jete yo nan mòn kote yo te jwenn ak yon ekip endyen endijèn
ki yo menm tou pat nan rans. Listwa rele nèg sa yo « mawon ». De
nan pi gwo chèf nou konnen, te rele Makandal ak Byasou.

Pou yo te ka goumen ak kolon blan yo, mawon yo te


òganize tèt yo an gwoup nou vin rele sosyete. Pou sekirite sosyete
yo ak moun ki te fè pati yo, yo te fonksyone anba anba, se pou tèt
sa yo pote non « sosyete sekrèt », nou pito rele yo sosyete sakre. Yo
pote plizyè non tankou « chanpwèl, Bizango, vlenbendeng, konvre,
zobop» elatriye.

Sosyete sa yo te goumen tout vis tout kondisyon.


a. Taktik geriya yo aprann nan men
endyen yo.
b. Fèy nan bwa pou yo fè pwazon ak
gerizon.
c. Bèt sovaj yo te drese pou atake blan yo.
d. Taktik sikolojik pou yo fè blan yo pè epi
kouri.
a. Krim ak asasina espektakilè.
b. Egzaksyon, kadejak sou blan ak
pitit yo.
c. Zak estraòdinè blan yo pat ka
eksplike.
e. Tout kalite maji.
a. Yo te melanje maji endyen yo ak
maji Afrik ki te fè yo vin fò anpil.
i. Yo te reyisi jwenn anpil
sekrè, nou pa gen dwa
eksplike la a.

16
Nou ka konsidere sosyete sa yo tankou kòmando sekrè
tout lame modèn genyen kounye a. Se domaj lame oubyen lapolis
lakay pat rive jwenn yon jan pou itilize yo. Jis kounye a, menm lè
lagè fini, sosyete sa yo la toujou.

Kisa nou rele Gad ?



Gad se yon pwoteksyon nou ka bay moun, gen plizyè kalite :

 Li konn yon espri nou bay responsabilite pou li


veye sou yon moun lannwit kou lajounen.
 Gen de lè tou, se fòs nou aktive nan lanati pou ede
moun.
 Se moun nan ki gen responsabilite pou li okipe
gad li.

17
Eske gen moun ki gen pouvwa espesyal?

Gen talan lanati ba moun, ki pèmèt li fè bagay anpil


lòt moun pa ka fè oubyen ki pèmèt li fè yo pi byen. Nou rele talan
sa yo don oubyen pouvwa.
 Gen don moun admire tankou
• Don atis (chante, ekri bèl mizik, penti...)
• Don espò (jwe foutbòl, kouri...)
 Genyen tou ki fè moun pè, sitou lè yo pa
konprann oubyen lè yo twò pwisan :
• Gen moun ki gen don pou yo kominike ak lòt
bagay ki nan linivè
• Gen lòt ki gen don pou yo fè nanm yo vwayaje,
nan dòmi kou je klè
• Genyen ki gen don pou yo wè espri

Don sa yo vini ak gwo responsablite paske moun ki


genyen yo ka chanje lavi anpil moun. Moun ki jwenn chans sa, dwe
pran anpil prekosyon pou yo itil linivè. Yo dwe pran dispozisyon
pou yo aprann kontwòle li epi pa kite li vire lòlòj yo.

Lougawou

Kwayans sa yo soti nan pati zansèt blan yo. Nou pa


fin tèlman konnen si se lougawou oubyen vanpi. Dapre kwayans
lan, gen moun ki gen pouvwa pou yo transfòme epi vole tankou
zwazo, yo di yo konn manje ti moun, koze sa pa chita nan Vodou.
Nou menm nou poko janm wè sa ak je pa nou

Zonbi
Yon zonbi se yon kò kote nanm ki te ladan li pa gen
kontwòl li ankò. Pa melanje li avèk moun yo bay pwazon andòmi.

Baka
Se sa nou rele yon kò ki pa gen nanm e yo anime, li
ka nenpòt bagay, li tankou yon robo ou dirije.

18
Pwen
Se resèt majik, bòkò ki konn itilize fòs lanati ka ba
moun. Resèt sa yo pèmèt ou fè plizyè bagay ou pa tap ka fè pou
kont ou. Gen pwen pou tout kalite sitiyasyon.

Gede
Se konsa nou rele nanm ki an transit. Lè nanm nan
kite kò a li fè yon tan an transit nan pirifikasyon. Lè sa li chèche
ede moun pou li ka avanse sou wout li

Konnen pa gen anyen ki enposib nan lanati


E maji se sa ou poko konprann lan

19
KWAYANS VODOU

Kote kwayans ak pratik Vodou sòti ?

Pi fò kwayans Vodou vini Ayiti avèk nèg ki sòti an Afrik blan


te mennen pou yo te vin sèvi kòm esklav.
 Tout nèg sa yo pat soti menm kote paske Afrik se
yon gwo gwo kote.
 Esklav yo te soti nan plizyè tribi diferan, se yo
avèk nèg kreyòl ayisyen yo ki vini bay 21 nanchon
Vodou a.
• Dahonmen, Ibo, Kongo, Arada, Mondong,
Ouolof, Salengro, Mahi, Dereyal, Banbara,
Bizango, Kita, Nago, Wangol, Mazone,
Mousoundi, Krabiyen, Zando, Anmin, Baoule
epi Petwo
 Pi fò te gen menm kwayans oubyen yo te sanble
anpil. Lè yo vini Ayiti yo jwenn avèk endyen
endijèn yo ki te premye mèt tè a epi yo wè se te
menm kwayans yo te genyen tou.

20
Eske Vodou Ayiti a ak Vodou Lafrik la se menm bagay ?

Vodou Ayiti ak Vodou Lafrik la pa menm bagay.


 Menm lè yo sanble anpil, chak tribi afriken te gen
kwayans pa yo.
 Vodou nou gen isit se yon melanj tout sa ki te soti
an afrik yo plis kwayans endyen endijèn yo avèk
kèk kwayans kretyen yo te fòse nou pran, sitou
katolik la.
 Jou ki te 14 Dawou 1791 lan, sou direksyon Duti
Boukman tout tribi sa yo, plis endyen endijèn yo
ak plizyè kretyen ki pat dakò ak sistèm esklavajis
la, te deside pou yo te mete tèt yo ansanm.
• Pami lòt angajman yo te pran, yo te sèmante
pou yo respekte kwayans chak moun menm lè
yo te vle fè yon sèl pèp.
• Se apati jou sa tou, yon ekip Lwa dakò pou yo
vini ede nou jwenn libètè. Lwa tankou mètrès
tè a, Ezili Dantò ak Ogou Feray.
• Se jou sa pèp ayisyen pran nesans.
• Jou sa tou rit Petwo te kreye pou nou te ka fè
lagè libète.
• Nèg ki te rete an Afrik yo pa benefisye melanj
sa.

21
Sou kisa Vodou an kanpe ?

Vodou kanpe sou twa prensip.


1. Tout lavi gen yon sèl sous.
• Sa vle di tout sa ki vivan konekte
ansanm e yo aji youn sou lòt. Depi
ou aprann koute epi ou aprann langaj
inivèsèl, pa gen anyen ki gen lavi ou
pap ka kominike avè l.
2. Tout lavi gen menm fòs.
• Lavi se youn, li gen menm fòs tout kote.
Nou dwe respekte epi pwoteje li tout
kote nou kwaze ak li.
i. Pi gwo erè nou menm lèzòm ka
fè, se lè nou kwè lavi pa nou pi
enpòtan pase pa zòt.
ii. Nou bay tèt nou manti lè nou di
Bondye ba nou misyon pou nou
domine latè. Epi nou sèvi ak
tout bagay kòm restavèk nou.
3. Sous lavi a te toujou la e li ap toujou la, se li ki
Bondye a.

Lavi pat jan m komanse ni li pap janm fini. Li toujou la. Ki vle di,
menm lè bagay li te abite a tankou bèt, pye bwa, moun e latriye
mouri, lavi ki te ladan li toujou ekziste.

Poukisa Bondye lavi a te kreye linivè ?

Moun oksidantal modèn si tèlman arogan e frekan, li


kwè tout sa ki egziste se pou li e se li ki pi enpòtan. Men se pa sa
di tou. Bondye lavi a te kreye lòm ak tout linivè pou lavi a te ka
jwenn kote pou li abite epi grandi. Konsa nou jwenn lavi ekziste
tout kote nan linivè e sou tout fòm. Gen jan lavi ekziste nou poko
janm wè e nou pa menm ka imajine.

22
Kisa ki lavi ?
Lavi a se fòs ki fè tout bagay grandi epi evolye.
 Tout lavi fè youn, menm jan ak lanmè, ki
vle di li se menm nati tout kote menm lè li
sanble diferan chak kote.
 Lavi se kòd ki mare linivè ansanm.
 Lavi fè youn avèk Bondye.
 Bondye a se lavi.

Kijan lavi antre nan yon bagay?

Se bondye lavi a ki se mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van
ki chwazi kibò lap mete lavi.
 Nou konnen li mete li nan pye bwa nan bèt ak nan
moun.
 Nou kwè li mete li nan lòt bagay tankou solèy,
zetwal ak planèt yo.
 Nou kwè tou li mete lavi nan anpil lòt fòm nou pa
ka wè tankou Lwa yo.

Kisa ki misyon nou sou latè ?

Misyon nou an pa twò konplike : Nou dwe pwoteje lavi


Bondye ba nou responsab la epi ede li fè wout li. Bondye mande
tout sa li bay lavi yon sèl bagay. Pwoteje lavi :
 Pwoteje sa ki sou responsabilite ou :
• lavi pa ou, pa pitit ou, pa fanmi ou ak pa
sosyete a
 Pwoteje tout lavi kelkeswa kote ou jwenn ak li
• Menm lè kò a mouri misyon lavi kontinye.
Li toujou bezwen èd ak pwoteksyon.

23
Kisa ki lanmò ?
Sa moun rele lanmò a se lè kò a oubyen nenpòt ki lòt
fòm sispann fonksyone e pa ka sipòte lavi ankò. Lè sa lavi soti e li
kontinye wout li. Tout bagay nan lanati ka mouri, sòf lavi.
Gen lè tou se lavi a ki kite kò a lè misyon li fini. Lavi a
kontinye san kò, men kò a pa ka kontinye san lavi.

Eske nou ka pale ak mò ?


Lè nanm lan kite kò a, li fè yon tan pou li pirifye tèt li
avan lòt misyon li an, Pandan tan sa, li disponib pou li ede nenpòt
sa ki gen bezwen li e fè yo pwofite eksperyans li. Yo pat bezwen
fanmi pou sa. Se nanm sa yo nou rele gede nan Vodou a
Nanm lan sonje tout kote li te pase, e tout eksperyans li
te fè. Moun ki apran koute, ka kominike ak nanm sa yo. Ou menm
tou, lè ou pale yo tande.
Nanm yo bezwen èd paske gen bagay yo pa ka fè pou
tèt yo. Yo bezwen eneji tou. Se pou sa nou menm nan Vodou, nou
jete dlo ak kafe pou yo. Nou fè manje pou yo tou epi nou ba yo
chans pou yo make pwen sou wout yo. Chak fwa yon nanm ede
nou, li make pwen anplis

24
LWA
Kisa yon Lwa ye?
Lwa se youn nan manifestasyon lavi. Se pa tout moun
ki gen pouvwa ak konesans pou wè ak tande yo. Lwa yo se yon
fòm trè trè evolye ki pèmèt lavi ki abite li sèvi ak tout pouvwa li
Lwa pa gen anyen pou wè ak sen katolik, sa se yon manti ki te
itil esklav tankou kolon: esklav yo te di sa pou yo te sispann pran
baton, kolon yo menm se pou yo te ka di legliz yo te reyisi nan
misyon pou yo te konveti esklav yo. Chak Lwa gen yon vèvè.
 Yon vèvè se tankou yon adrès, yon kle nou sèvi
pou rele Lwa oubyen mande li asistans.
 Lè ou trase yon vèvè, ou kreye yon espas kote Lwa
ka manifeste. Lwa viv nan yon lòt dimansyon, lè ou
trase vèvè li, ou pèmèt li jwenn kèk nan kondisyon
kote li abite a
 Vèvè dwe trase avan chak seremoni.

Eske se lespri mò yo ki tounen Lwa ?


Pa tout tan, nanm lavi ki te nan yon moun ou nan
nenpòt ki lòt fòm ka grandi epi li ale viv nan yon Lwa.
 Li enpòtan pou konprann lavi nou rele nanm lan,
ki fè pati de Bondye, ka antre kote li vle. Tout lòt
bagay ki vivan yo se kò vizib ou envizib lavi rete
ladan yo pou yon tan.

25
Ki pouvwa Lwa yo genyen ?

Lwa gen tout pouvwa lavi genyen nou poko fini


konprann.
 Yo gen kontwòl sou tout sa ki egziste.
 Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo òganize
linivè.
 Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo pwoteje
lavi epi ede li sou wout li.
 Yo gen pouvwa ak responsabilite pou yo ede nou
lè nou fè apèl ak yo.

Ki kote Lwa yo abite?

Lwa yo gen posibilite pou yo viv tout kote nan linivè a.


Yo abite nan lanati menm kote avè nou. Sèlman yo nan yon espas
ki pa materyèl. Nou rele espas Lwa yo rete a mond envizib, oubyen
« gedefre ».
Lwa yo viv e òganize tèt yo menm jan ak tout lòt
manifestasyon lavi. Yo gwoupe tèt yo an sosyete e yo fonde fanmi
tou.
Menm jan nou menm nou gen plant ak bèt nou renmen
e nou chwazi okipe, gen fanmi Lwa ki chwazi nou menm moun pou
yo okipe.
Chak moun gen pou pi piti 3 Lwa k ap voye je sou li :
Nou rele yo « Lwa mèt tèt »
Chak pèp gen fanmi oubyen eskòt Lwa ki ap ede li. Se
sa moun save rele « egregò».
Chak mòso tè gen ekip Lwa pa li ki abite li.
Lwa renmen repoze nan pye bwa, nan dlo ak nan van.
Dife tou.
 Tout kote ou jwenn sous dlo, kaskad oubyen letan,
gen fanmi Lwa ki rete la. Nou rele yo mèt dlo.
 Gen fanmi Lwa tou nan gwo pye bwa, tankou
mapou ak figye.

26
Konbyen Lwa ki genyen?

Menm jan gen anpil plant ak anpil bèt epi anpil moun,
gen anpil Lwa.
 Nan kontak Lwa gen ak pèp ayisyen, nou vin
zanmi avèk kèk Lwa. Men sa yo konnen plis yo.
• Ezili, Azaka, Ogou, Danmbala, Marasa,
Bawon, Agwe, Agawou, Loko, Simbi, La
Sirèn ak anpil lòt ankò.
• Si ou vle konnen plis sou Lwa, ou ka
pale ak yon Ougan oubyen yon Manbo,
l ap ede w jwenn Lwa fanmi ou.
 Gen Lwa ki soti an Afrik avè nou. Genyen nou vini
jwenn sou tè sa, genyen ki te vini ak blan yo. Chak
gwoup moun ki vini Ayiti vini ak eskòt Lwa pa yo
tou. Se konsa nou vini gen Lwa arab ak Lwa azi.

Kijan mond envisib la òganize ?

Li mande anpil sajès, anpil egzèsis espirityèl pou rive


nan nivo pou konprann mond envizib la. Sèl sa nou ka di ou : 
 Se la lavi rete lè li pa nan kò, e se la lòt fòm lavi
nou pa ka wè yo rete tou.
 Li gen règleman ki dirije li menm jan ak tout kote.

Kijan Lwa kominike avèk nou ?

Lwa kominike jan ki pi fasil pou li :


 li ka vin pale nan domi.
 li ka vini nan vizyon.
 li ka chwazi nenpòt moun pou pote yon
komisyon pou li.
 li konn sèvi ak bèt oubyen plant pou fè
travay li.
 Li ka itilize tout sa ki nan lanati pou fè
pase mesaj li tankou Dlo, Van, Dife, Lapli
elatriye.

27
Kijan nou menm nou ka pale ak Lwa lè nou bezwen yo ?

Li trè fasil pou pale ak Lwa :


 Ou pale menm jan ou ap pale ak nenpòt ki
moun, yap tande ou.
 Ou ka pale nan kè ou, yap tande ou.
 Lè ou limen yon balèn oubyen yon lanp, li
pi fasil toujou. Flanm dife se tankou yon
telefòn pou yo.
 Si ou vle gen kontak pi dirèk ou ka ale
jwenn yon gid (ougan, manbo, sèvitè lakou
oubyen sèvitèz), l ap ka rele Lwa pou ou
nan tèt li, oubyen sou govi.
• Yon govi se yon krich nou monte
sou règleman yon fason pou nou
pale ak espri.
Ou ka rele Lwa tou lè ou trase vèvè li.

Kijan nap konnen lè yo reponn ?

Lwa yo ap toujou reponn men fòk nou atantif, fòk nou


aprann koute.
 Fòk nou louvri zye nou, louvri zòrèy nou
sitou louvri kè nou.
 Yo ap vin nan rèv nan vizyon.
Lè nou jwenn sa nou te mande a. Lè sa a sonje pou
remèsyel.

Pouki sa nou oblije sèvi Lwa ?

Pa gen oblije nan Vodou. Lwa pa fòse moun sèvi yo.


Lwa renmen nou trete yo an zanmi, an fanmi paske se konsa yo
renmen nou.
 Yo kontan lè nap fè fèt nou envite yo.
 Yo kontan lè nap manje nou pataje avèk yo.
 Yo renmen lè nou fè yo santi nou konsidere
yo.
 Yo renmen nou di yo mèsi lè yo ede nou.
 Tankou tout bagay ki vivan, Lwa yo renmen
28
atansyon.
• Menm jan ou okipe plant ou renmen
oswa yon bèt ou renmen, okipe Lwa
ou renmen.

Kisa ki rive lè moun pran Lwa ?

Gen dèfwa, lè ou ap lapriyè oubyen medite, ou rive vin


annamoni avèk yon Lwa. Se kòmsi ou vin sou frekans Lwa a. Menm
jan lè ou mete yon aparèy radyo sou frekans yon estasyon.
 Lè sa, jan ou wè estasyon jwe nan aparèy
la, Lwa a pase sou ou e ou vibre avèk li.
 Lè sa ou vin gen yon ti kal nan pouvwa
Lwa sa. Sa pèmèt ou fè gerizon ak anpil lòt
bagay.
 Gen moun ki pa janm ka pran Lwa. Se yon
ti frison sèlman yo santi lè Lwa vini.
Gen lè tou, nan dans pandan tout moun ap chante, (ki
se jan nou lapriyè) kote a vin annamoni avèk Lwa ou tap chante
pou li a. Lè sa, Lwa vini epi tout moun ki annamoni ap santi Lwa
sou yo. Ou ap wè lè sa, fòs la pa menm paske se te rejwisans ki tap
fèt.
Lè fòs Lwa pase sou ou, si ou pa antrene w ap gen
difikilte pou kontwòle kò ou.
Fòk nou fè atansyon paske gen anpil moun se estera yo
ap fè, gen chalatan tout kote.

29
Kijan pou nou viv ak Lwa yo ?
Relasyon mèt- esklav pa dwe egziste nan mitan moun
ak Lwa.
 Nou ka tankou manman ak pitit, frè ak sè,
mouche ak madanm
 Nou ka tankou asosye nan biznis oubyen
zanmi.
Viv ak Lwa menm jan nap viv ak nenpòt ki moun
 Mande li ale avèk nou tout kote nou prale
 Envite li pataje sa nou ap manje
 Mande li konsèy
 Sonje sèlman ou pa ka bay Lwa manti.
Lwa yo renmen viv bò kote moun.
 Ou ka ba li yon chanm kay.
 Si ou pa gen mwayen ou ka ba li yon ti
kwen kay, yon ti bwat.
 Ou ka menm chwazi yon pye bwa nan lakou
w pou ba li rete.
 Kèlkeswa sa ou ba li a pran swen li, kenbe
li pwòp. Yo pa renmen salte.
Pa bliye, Lwa yo la pou ede nou, men fòk nou mande.
Si nou pa envite yo, yo pap antre nan zafè nou. Lwa pa deranje jan
moun viv, yo pa gen dwa sa, yo sipoze ede moun viv annamoni.
Yo gen dwa akonpaye nou nan desizyon nou, yo pa gen dwa pran
desizyon pou nou. Si gen ladan yo k ap fè dezod, nou ka pote plent
pou yo.
Okipe Lwa se yon gwo responsabilite, pa fè li si ou pa
serye. Lwa viv pi lontan pase nou, kidonk ou pwale kite li. Prepare
yon moun ki pou okipe li avan ou mouri, oubyen mete li yon kote
tankou sous dlo, rivyè, ou lanmè avan ou ale.

Kisa Lwa manje ?


Lwa manje sa ki nan manje a ou pa ka wè a.
 Chak Lwa gen manje li renmen e li gen jan
li renmen yo kwit li pou li.
 Manje Lwa pa chè, yo manje manje ki soti
nan tè a, tout Lwa renmen manje peyi kote
yap viv la. Yo pa nan anyen ki twò konplike,
ba yo bagay natirèl sèlman.
30
Bay Lwa manje pa vle di fè dans.
 Ou gen dwa nan manje w ap manje chak
jou a, ou retire pa li pou li.
 Lè ou ranje kouvè pou li sou menm tab avè
ou, li pi kontan.
 Ou gen dwa tou se nan plat pa w la ou ba li
goute, li pap nwi.
 Tanzantan, ou ka fè fèt pou li, yo renmen sa
paske lè konsa yo envite lòt Lwa parèy yo
vini fete vini banboche.

Kijan nap konnen ki Lwa pou nou chwazi ?

Chak moun gen Lwa pa li ki deja la pou li.


Ou gen dwa chwazi tou nenpòt lòt Lwa ou renmen.
 Chèche pami Lwa yo sa ki pi sanble avè ou
epi di li ou vle zanmi li.
 Ou gen dwa mande pou Lwa ki renmen ou
pou li manifeste.
Gen de lè tou se Lwa ki chwazi yon moun pou travay
avè li. Lè sa yo di li reklame li.

Kijan Lwa reklame moun ?

Lwa pa reklame moun konsa konsa. Gen plizyè rezon


ki fè yon Lwa reklame moun.
 Dabò lè Lwa reklame ou se pi gwo
benediksyon ou te ka jwenn
 Lwa reklame ou lè li wè lakay ou, yon moun
ki ka ede li fè travay Bondye lavi a.
 Lwa reklame ou tou lè lavi dirije li pou li
ede ou fè travay ou te vini pou fè sou latè.
 Ou gen dwa refize men lè konsa ou ka rate
misyon ou te vini fè sou latè a.
Lè Lwa ap reklame ou, li vini pale avè ou kare kare.
 Oswa li ap vini nan rèv ou.
 Oswa li ap vini pale avè ou nan bouch yon
lòt moun.
 Li pap voye komisyonè pou fè travay sa.
31
Eske nou oblije mande Lwa yo ede nou ?

Non, nap di sa ankò pa gen oblije nan Vodou. Bondye


lavi a kite nou lib e libè pou nou mennen vi nou e akonpli misyon
nou. Sèlman kòm li konnen travay la pa fasil, li mete èd disponib
pou nou.

Eske yo konn volè Lwa?

Pa gen nesesite pou sa. Lwa gen pouvwa pou li separe tèt
li pou li itil tout sa ki bezwen, kèlkeswa valè a. Lwa pa pou peson
e poutan li pou tout moun. Pesòn pa ka posede yo, e poutan tout
moun ka sèvi ak yo.

Kijan pou mwen rekonekte ak Lwa ki te nan fanmi m ?

Eskòt Lwa ki mache avèk yon fanmi toujou la, yo pa janm fè


wonn pòt. Lè ou chwazi pa okipe yo, yo fè silans. Si yon fanmi pèdi
kontak ak Lwa li paske yon jenerasyon te chwazi rejete, nenpòt
kiyès nan fanmi a ki vle ka reprann relasyon ak Lwa yo.
 Dabò fòk ou chèche konnen kiyes Lwa ki
mache ak fanmi ou
• Ou ka mande yon ansyen nan fanmi a
enfòmasyon sa
• Ou ka mande Lwa yo pou yo manifeste :
o Limen yon balèn blan chak swa
pandan 9 jou bò kote yon kivèt
blan plen dlo. Avan ou domi,
wap mande pou yo vini visite
ou. Domi pou kont ou ak kivèt
la bò tèt ou. Depi 9h fòk ou
deja benyen epi kouche, Lwa pa
mache ta jan nou konprann lan.
• Ou ka tou ale kay yon gid k ap ede ou
idantifye Lwa fanmi ou
 Lè ou fini refè konesans ak Lwa ou yo, ou ka
envite yo vini manje ak ou. Sa ka fèt an prive,
konsa tou si gen mwayen ou ka fè yon dans.

32
Epi tou, ou ka komanse fanmi pa w ak eskòt Lwa pa w.
 Komanse pa envite Lwa ou renmen vini lakay
ou.
• Limen lanp li
• Sèvi manje pou li
• Mete koulè li renmen sou ou
 Pa envite yon pakèt Lwa ansanm tout swit,
envite yo youn apre lòt

33
PRATIK VODOU

Kijan yon moun pratike la fwa Vodouyizan a ?

Vodou se tankou yon gwo lakou, ou ka antre soti ladan


li lè ou vle. Li mande sèlman pou respekte tout sa ki egziste ladan
li. E sa ou wè, e sa ou pa wè.
Vodouyizan mache sou prensip sa yo
 viv annamoni e respekte tout sa ki nan
lanati menm lè ou pa wè yo.
 ou gen dwa itilize tout sa ki genyen nan
linivè, men pa gaspiye, se derespektan.
 respekte lavi e ba li pwoteksyon tout kote
li ye e sou nenpòt ki fòm li parèt. Pa bliye,
depi li egziste se swa li vivan, swa li gen
yon vivan ki abite li.
 dakò tout sa ki nan linivè gen menm
enpòtans.
 dakò ou pa ni pi bon ni pi mal pase lòt
bagay Bondye bay lavi.
 Pa deranje anyen sou wout li.
• Bondye lavi a pran san li pou li bay
chak moun ak chak pèp libète pou li
chwazi wout li.
• Pèsonn ni okenn pèp pa gen dwa
chanje wout yon lòt, kòmsi se travay
bondye lap fè.
• Lavi pran fòs lè li fè eksperyans nan
kò ak fòm diferan.
 Chèche konprann wòl ou nan lanati
Gen pratik ak abitid ou dwe pran pou jwe wòl oubyen
kòm Vodouyizan, tankou :
 Jete dlo atè oubyen nenpòt ki lòt bwason,
sa montre ou rekonèt egzistans tout sa ou
pa wè nan linivè
 Lè kè ou kontan w ap fete, envite lòt fòs
lavi ki nan linivè vin fete avè ou. Sa montre
ou apresye travay yo.
 Lè ou nan difikilte mande lòt fòs lavi yo èd.

34
Sa pèmèt yo reyalize misyon yo.
 Pran ka tout sa ki gen lavi ladan li. Sa va
pèmèt ou pwogrese.
• Okipe plant ak pye bwa
• Pwoteje sous dlo
• Pran ka bèt, pa maltrete yo.
• Adopte yon Lwa.
• Bay Bondye lavi a glwa ak respè.
Vodou pran angajman pou li akonpaye e pwoteje lavi tout kote li
ye. Lè ou se Vodouyizan ou gen menm responsabilite sa

35
Kijan ki kote Vodouyizan lapriyè ?

Vodouyizan pa lapriyè menm jan ak lòt moun


 Nou pa resite yon ekip pawòl tou pare
 Se pale nou pale ak Lwa yo oubyen nenpòt
ki lòt bagay k ap viv nan lanati
• Nou ka fè sa nenpòt ki lè, nenpòt ki
kote
 Lè nou gen bezwen yon Lwa, nou rele li epi
nou chita pale avèk li
Lè se fèt yon Lwa oubyen lè nou ap di li mèsi nou fè dans
pou li. Lè sa nou envite li nan yon peristil pou nou ka resevwa li
kòmsadwa, selon règleman. Nou envite lòt Lwa ki zanmi li e nou
pote kado pou li tou. Se sak fè dans yo long. Paske nou dwe salye
chak Lwa selon règleman li ak grad li.
Lè nap fè demand, nou fè liminasyon ki se yon sèvis
espirityèl.
 Liminasyon se lè nou limen lanp, balèn
pou Lwa selon yon règleman espesyal. Se
ladann nou fè demand ak pwomès.
 Liminasyon ka fèt nenpòt ki kote, men fòk
gen yon moun ki konn règleman ki pou
dirije li
 Liminasyon dwe fèt jou fèt Lwa a oubyen
jou Lwa a nan biwo li
• Chak Lwa gen jou pou li resevwa
demand.
• Tout Lwa disponib nan dat espesyal
yo.
• Si gen ijans ou ka mande pasaj.
 Selon enpòtans sèvis la, liminasyon ka fèt
avèk kèk piti oubyen anpil moun. Si ou
aprann règleman yo, ou ka fè liminasyon
pou kont ou lakay ou.

36
Prensip ou dwe respekte lè wap lapriyè

Enpòtan, lè wap fè ofrand pou dans oswa priyè toujou bay sa


ki soti sou bitasyon zansèt nou yo. Pa ofri anyen ki soti lòt bò dlo.

1. Bon lè pou lapriyè se lè solèy ap leve, midi, lè solèy ap


kouche epi minwi.
2. Pa lapriyè lè ou an kòlè
3. Flanm dife enpòtan, fè tout efò pou limen balèn bouji
oswa lanp.
4. Alkòl fasilite kominikatyon ak Lwa sitou lè li boule :
a. Fè posib pou gen yon boutèy kleren oswa wonm,
wouj ou blan
b. Sèvi ak bwason ki soti menm kote ak Lwa a oubyen
lokal.
5. Si ou te fè yon moun yon bagay ki mal, mande padon avan
ou komanse. Li ta pi bon si se moun lan menm ou mande padon.
6. Pa janm mande mal pou anyen ni pesonn.
7. Pa janm mande pou tire revanj.
8. Reflechi byen avan ou reklame jistis :
a. Jistis chèche e jwenn ekilib, li pap pou ou sèlman
men pou tout moun ou te fè ditò tou.
9. Sonje, Lwa ka ede ou, li pa ka fè pou ou.
10. Prepare tèt ou ak kote ou pral lapriyè :
a. Benyen avan ou lapriyè, pandan w ap benyen, pale
ak dlo a mande li pwòpte ou deyò kou andan
b. Mete pafen sou ou, yon pafen Lwa renmen oubyen
youn ou vle fè li kado
c. Met rad blan oubyen koulè Lwa a. Pinga ou ale tou
ni oubyen dekòlte devan Lwa.
d. Pwòpte kote ou pral lapriyè a
 Wouze li ak dlo fèy santi bon, (bazilik,
zoranj, vetivè, sitwon, mant, tibonm) fèy ki
nan jaden w.
 Boule ansan selon règleman priyè ou pral
fè a

37
Genyen priyè espesyal nou fè ak Lwa nou rele liminasyon,
ou ka fè li pou kont ou, men li pi bon lè ou fè li ak 5 ou 7 moun.
Peristil fè liminasyon an kominote lè jou Lwa a, se li ki pi bon
 Priyè liminasyon fèt ak balèn sakre, bouji,
tèt gridap oswa mèch
 Selon règleman li ka fèt ak 5, 7 oswa 21
mèch
 Mèch la dwe limen ak lwil doliv oubyen
lwil Lwa a.

38
Men kèk priyè ki ka enspire ou
(Pa bliye, pi bon lapriyè se sa ou ekri ou menm)

Priyè lavi
Priyè pou bay bondye glwa
Limen balèn blan oubyen lanp lwil doliv, resite priyè sa chak
jou

Bondye lavi a mwen di ayibobo pou ou


Ou ki mèt tè, mèt dlo, mèt dife, mèt van
Mwen vini devan ou jodi a
Voye je gade mwen epi pran ka mwen
Mwen mande ou eskiz pou tout sa mwen ta fè ou pa renmen
E mwen mande pou mete padon,sajès ak lanmou nan kè mwen
Ede mwen respekte ak pwoteje lavi tout kote, tout tan
Ban mwen fòs ak kouraj pou mwen ede sila ki pi fèb yo
Pa kite pouvwa ak richès vire lòlòj mwen
E tanpri pa kite mwen peri anba mechan yo

Ago agosi agola.

40
41
Priyè Zantray
Priyè patriyòt ayisyen Hera Simon te ekri
Resite chak jou

Mwen se ayisyen
Nèg ki soti nan zantray lafrik ginen
Nèg yo bwote vini nan peyi dayiti
Mwen mele san mwen ak endijèn ki te premye mèt tè a
Mwen mele san mwen ak blan ki te vini fè nou tout esklav
Mwen se ayisyen
Moun ki fèt avèk kò, ki fèt avèk nanm, ki fèt avèk bon zanj
Oloum, pa pouvwa li
Ban mwen responsabilite pou mwen mennen respekte ak jwi
Tout sa mwen ka wè ak tout sa mwen pa ka wè sou latè a
Sou kontwòl ou menm Oloum
Ki mèt tè, ki mèt dlo, ki mèt dife, ki mèt van
Se gras a ou nou menm moun
Nou gen pouvwa pa nou sou latè a
E se sa menm ki lavi a.
Pa pouvwa Atibon Legba
Tout fòs kosmik yo antre nan nou, klere je nou
Pou nou bay Zantray ak Vodou a
Fòs, pouvwa, linyon
Pou nou ka fè travay ginen an
Nan lapè ak kè kontan.

Ayibobo.

42
43

Priyè Dantò
Priyè pou mande Dantò asistans, ak lè ou angaje.
Limen balèn ble oubyen lanp lwil maskreti jou madi oubyen
samdi.
Sèvi diven wouj, diri jòn ak pwa nwa, won kou kochon, poulèt
poul nwa, banann peze. Gato ble.

Nan Lafwa, lesperans ak la charite


Pa pouvwa Mèt syèl la, Mèt tè a, Mèt dlo a, Mèt dife a.
Manman Ezili Dantò, mwen, pitit ou, ap rele ou Jodi a
Sou bitasyon manman kite fè manman mwen
Sou bitasyon papa kite fè manman mwen.
Manman Ezili Dantò pitit ou ap rele ou
Ou menm ki soti sou bitasyon manman ki fè papa mwen
E papa ki te fè papa mwen
Panche zòrèy ou Mètrès Dantò
Tande plent mwen manman,
Jodi a mwen pote tout pwoblèm yo devan ou
Se ou sèl mwen genyen kòm defansè depi tout tan
E pou tout tan k ap gen tan.
Pa kite mwen wont devan lenmi yo manman Dantò,
Pa kite pèsonn griyen dan sou mwen,
Mande mwen sa mwen te kwè ?
Mwen priye ou konsa paske mwen kwè nan lanmou
Ou genyen pou chak pitit ou
Ki mache sou prensip ak règleman

Bilolo bilolo bilolo

44
45

Priyè Freda
Priyè pou mande Freda asistans
Limen balèn wòz oubyen lanp lwil de wòz jou jedi
Sèvi diven blan, diri blan, pwason wòz. Gato wòz

Manman Freda
se nan ou mwen mete tout konfyans mwen,
Pa kite m wont.
Ou se yon rèn ki pa nan patipri,
Sove mwen non, delivre mwen,
Panche zòrèy ou bò kote mwen,
Pote mwen sekou.
Mètrès Freda se ou menm ki tout espwa mwen.
Mwen mete tout konfyans mwen nan ou.
Prese vini pote mwen sekou.
Tout moun ki vini jwenn ou se pou yo kontan,
Se pou yo fè fèt.
Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a
Se tout tan pou yo di « Mètres Freda gen gwo pouvwa ».
Pou mwen menm ki se yon malere san sekou
Prese vini delivre mwen,
Se ou menm ki sekou mwen,
Se ou ki tout delivrans mwen.
Prese Mètrès Freda Dahome, Negrès Mamou Ladeh,
Fredasi, Fredala, Fla Vodou-Freda,
Negrès Sousa flè Vodou,

Freda fredasi fredala

46
47

Priyè Kouzen
Priyè pou mete w sou pwoteksyon kouzen, pou ede biznis.
Limen balèn vèt oubyen lanp lwil doliv jou vandredi
Sèvi wonm bitasyon blan, tchaka. Pen mayi.

Kouzen Azaka Mede


men frè w ki vin kote ou
Mwen bezwen pou ede mwen viv tankou moun sou latè.
Pandan ti bout tan mwen ap viv la
Mete mwen sou pwoteksyon ou
Paske mwen konnen yon pye bwa pa ka pouse ni donnen san
rasin minis la.
Mwen mande w pou mache ak mwen
Nan tout sa m ap regle nan lavi mwen
Jaden, jadinay, komès.
Pwoteksyon mwen mande.
Pwoteje pawòl sa yo mwen adrese w la kont tout move santiman
Ogéy, fè wè, jalouzi, rayisans, elatriye.
Mouche Zaka Mede,
Nèg awonbla Vodou,
Kouzen kouzen, odan zaka yombo,
Nèg zakasi, zakala, zaka tonné,
Zaka mazoko, zoko mazaka, zaka krib.

Alaso alaso alaso

48
49
Priyè Simbi
Priyè ougan manbo sèvitè ak moun ki gen don.
Limen balèn wouj oubyen jòn, lanp lwil akasya, jou samdi
Sèvi wonm bitasyon blan

Papa Simbi
Fè nou sèvi zouti pou mete kè poze kote gen la toumant,
Fè nou sèvi medikaman pou bay gerizon kote ki gen maladi.
Fè nou mete tèt ansanm kote youn pa vle wè lòt
Fè nou mete padon kote youn ap derespekte lòt,
Fè nou mete renmen, kote youn rayi lòt
Fè nou mete laverite, kote ki gen dout
Fè nou mete konfyans, kote youn vle twonpe lòt
Fè nou mete lespwa, kote ki gen dekourajman
Fè nou mete limyè, kote ki gen fè nwa
Fè nou mete kè kontan, kote ki gen lapèn
Papa Simbi
Fè nou pito konsole pwochen nou
Olye se konsolasyon n ap chèche pou tèt nou.
Paske lè nou bay nan non ginen yo n ap resevwa.
Se lè nou bliye tèt nou,
Ou ba nou sa nou merite.
Se lè nou padone pwochen nou
N ap jwenn padon pou tèt nou nan men ou.
Nan non w Papa Simbi Andezo, Simbi Yanpaka,
Simbi Ankita, Simbi Anpola,
Simbi Maza, Simbi Makaya, Simbi fèy, Simbi gangan,
Simbi 3 zile, Simbi travo,
Nèg kouloumbwa mennen malo,
Nèg tate kite, nèg biki makaya,
Nèg eskalye boumba, nèg zazi pongwe, Li Gonde Malolo,
Nèg laye, nèg Simbi Laye, nèg Kasamanbilay.
Matipouyi-yi, Madiomansah

Bilolo bilolo bilolo.

50
51
Priyè Ogou
Pou lè ou nan batay
Limen balèn wouj oubyen lanp lwil akasya jou mèkredi
Sèvi wonm bitasyon jòn, diri jòn ak pwa wouj, kòk wouj, kabrit.

Mèt batala. Batala megi


Gason vanyan, nèg ki sezi kle loraj
Ogou feray,
nèg fè, nèg o konba
Nèg janbe malè
Mwen angaje, mwen pwal fè yon wout
An ale avè mwen
Pa pouvwa ougou fè, ogou achade bòkò
Ogou balizaj, ougou djanmsanm, ogou balendjo
Fòk tout lenmi ki bare wout mwen kouri kite mwen pase
Nan non ogou chango,
Tout sa ki poko soti, rete
Tout sa ki sou wout, tounen
Tout sa ki deyò pou atake mwen ap peri
Ak pèmisyon papa legba, mèt kafou,
Gason lagè sou chimen an

Awochenago

52
53
Priyè Bawon
Priyè pou lè ou bezwen asistans zansèt ou
Limen bouji nwa oubyen lanp tèt gridap Jou samdi oubyen
lendi.
Sèvi wonm bitasyon blan, kwi aran sèl ak patat boukannen,
piman.

Bawon Samdi, Bawon simityè, Bawon lakwa


Nèg gedeviwelo, nèg twa wou, twa pens, twa pikwa
Nèg ki gen pouvwa sou tout nanm ki travese
Ou kanpe djanm devan simityè
Se ou k ap veye pòt kote nanm pase
Pòt ki separe limyè ak fè nwa
Tanpri mwen gen bezwen ……….ki travese jou ki te....
Ba li pèmisyon pou li tande mwen
Mwen mande pasaj pou li travese ede mwen
Ou trè pwisan Bawon
Komande nanm yo ki deja travese
Pou vini pote mwen sekou
Mwen mande w nan non gede wensou kensou mazaka lakwa

Kwasenmbo

54
55
Priyè Legba
Priyè pou mande pasaj ak direksyon.
Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent. Nenpòt ki jou.
Sèvi siwo kann. Kwi aran sèl san piman.

Pa pouvwa legba gran chimen, legba avadra, legba atibon


Mèt kafou, mèt granbwa,
Vye vye legba,
legba katawoulo, legba kay, legba gwèto
Ouvè wout ban m pase pou m al regle zafè mwen
Nan non legba kolboso, legba zankliyan, legba fèy
Kite pawòl mwen pase rive jwenn ……….
Antre pawòl la nan lespri li,
Fè li konprann mwen.
Pa pouvwa 21 pwen kafou, 21 pwen simityè
Mwen komande ………………………
Ak 21 balèn ki se 21 nanchon Vodou a
Ki depoze sou vèvè sa
Gras pou ou papa legba
Demand mwen akòde.

Ayibobo

56
57
Priyè Loko
Priyè pou Rasanble fòs kosmik
Limen balèn blan lwil sent. Nenpòt jou
Sèvi wonm bitasyon jòn

Loko badesi koya la onfò,


Wa loko alade
Ki bay 21 grenn kolye pou chèche lavi miyò
Ki komande tout sa ki gen pouvwa
Nan non vye legba,
Rasanble tout sèvitè tout kote
Fè yo konnen misyon mwen
Mande pwoteksyon pou mwen pitit ou.
Ou gen fòs ak pouvwa pou rive tout kote sou tout fòm
Mete mwen sou zèl ou
Nan non zansèt yo
Pou mwen ka fè travay ginen an

Ayibobo

58
59
Priyè Danmbala
Priyè pou wè klè devan ou
Limen balèn blan oubyen lanp lwil sent jou Dimanch
Sèvi siwo dòja. Pijon blan. Gato Blan. (Ze peyi sou farin frans)

O Danmbala wèdo tokan miwaze


Nèg salavantior
sila bon ke pasa wilibo wilimen
Nèg gwo bèt sèt tèt
Aprè dye aprè dye aprè dye
Nèg ki wè tout bagay ki konn tout bagay ki fè tout bagay
Nèg ki te la avan tout bagay
Voye limyè pou mwen
Klere devan mwen
Retire wòch ak pikan sou wout mwen
Bouche tou ki ka fè m tonbe
Papa danmbala, nèg dokosi dokosa
Gid tout sa ki gen lavi
Nèg ki akonpaye zansèt yo anba kal batiman
Lavi mwen nan men ou

Ago agosi agola

60
61
Priyè Marasa
Priyè pou twouble lenmi
Limen balèn blan lanp lwil doliv, lendi.
Sèvi kola blan. Mayi ak pistach griye. Sirèt (manje dyò)

Pa pouvwa marasa dosou, dosa, dose, zenzou, zenze


Marasa dogwe, marasa jimo, marasa bwa, marasa kay
Choukèt marasa, marasa gwèto
Melanje tout sa k ap fè konplo kont mwen
Fè tout sa yo fè dèyè mwen tounen kont yo
Nan non Ati bon Legba mèt kafou
Bare tout wout ki mennen mechan yo devan pòt mwen
Demare tout move pwen non mwen ladan li
Fè yo pa wè mwen lè y ap chèche mwen
An nou fè konplo pa nou pou lavi ka vanse
Nan limyè ak kè kontan pou tout moun.

Ayibobo

62
63
Règleman

Nan lavi moun gen moman ki enpòtan anpil, tankou lè w


fèt, lè ou pran konsyans, lè ou ap marye epi lè ou ap mouri. Nan
Vodou nou gen fason pou nou akonpaye ou nan tout moman sa yo.
Konsa tou, gen moman nan lanati, nou pwofite pou rale fòs sou
nou. Nou gen de moman tou pou nou voye fòs pou zansèt yo ak
paran nou ki te trase chimen pou nou. Nan Vodou, sa nou fè nan
moman sa yo rele règleman.

Lè ou fèt.

Lè yon moun fèt ki se lè nanm li antre nan mond vizib la, li


komanse yon misyon. Pou li ka rive reyisi misyon sa, lanati mete 3
Lwa a dispozisyon li k ap avè li jouk li kite kò li. Nou menm paran,
si nou vle ede moun sa, nou dwe fè li konnen byen vit ki posibilite
ki gen pou li. Nou dwe tou prezante li bay eskòt Lwa k ap mache ak
fanmi an bò manman kou bò papa. Nan Vodou, nou rele moman
sa « andoye ».

64
Moun ki gen mwayen ka fè bèl fèt, dans, envite zanmi ak
lòt Lwa pou fè konesans ak ti moun lan. Oubyen ou ka fè yon ti
seremoni tou senp lakay ou. Li enpòtan senpleman pou swiv etap
sila y :
1. Chèche konnen ki gwo Lwa ki te nan biwo jou ti
moun nan te fèt. Chèche tout sa Lwa sa renmen,
tankou :
a. koulè, manje, pye bwa, pafen, lwil.
2. Prepare yon chanm kay oubyen yon kote ki fre
nan lakou a.
a. Pwòpte kote a, ak dlo epi fèy ki repouse
move espri.
b. Fè kote a bèl, mete flè mete plant.
c. Fè trase vèvè Lwa a.
d. Limen ansan Lwa a.
e. limen yon lanp ak lwil Lwa a epi sèvi manje
li pou li.
f. Resite priyè envokasyon Lwa a epi chante
chante li yo. Nenpòt ki gid dwe ba ou priyè
envokasyon Lwa a.
3. Pandan nou ap chante
a. Bay ti moun nan premye ben-y chans li,
epi mete pafen sou li, pase lwil doliv nan
fontèn tèt li. Sere dlo a.
b. Abiye ti moun lan ak koulè Lwa li.
c. Prezante ti moun nan 4 fasad epi resite
priye ou ekri pou li a.
Se la tou parenn ak marenn ap pran
angajman pou kore ti moun sa.
d. Plante yon pye bwa sou non ti moun lan
epi wouze pye bwa ak dlo ou te benyen
ti moun nan. Enpòtan, mete manje ou te
separe pou Lwa a ak kòd lonbrit ti moun
lan nan tou wap plante pye bwa a.
4. Separe manje bay lafanmi ak envite yo. Ou mèt
sèvi nenpòt manje depi se manje ki soti nan tè
dayiti. Tout fòs yon pèp se nan tè li li soti.

65
Lè ou gen konesans

Pandan ou ap grandi, rive yon lè se ou ki pou pran kontwòl


ak responsabilite sa ou fè. Lè ou santi ou rive nan moman sa, ou ap
fè menm bagay yo te fè pou ou jou yo te fè ou fè konesans ak Lwa
yo. Sòf, lè sa, se ou ki pou fè tout afè w pou kont ou.

Lè ou ap marye

Lè yon fi ak yon gason deside marye, yo pran plizyè


angajman :
 Yo ini kò yo.
 Fanmi yo ak zanmi tounen yon sèl kolòn.
 Sa ki pi enpòtan, eskòt Lwa gason an ak eskòt
Lwa fi a melanje. Yo vin fòme yon lòt eskòt tou
nèf ki pwal responsab fanmi tou nèf la. Eskòt
sa pa ka kraze, se pou sa li enpòtan anpil pou
reflechi anpil avan ou pran desizyon sa.

Li pi bon li lè ou marye nan yon peristil oubyen nan yon


lakou, men ou ka fè maryaj la lakay youn nan moun ki ap marye
yo. Wap gen bezwen prezans yon gid espirityèl, (ougan, manbo,
sèvitè lakou), paske travay la gen anpil règleman.
 Avan seremoni a.
a) Fòk li anonse maryaj la e rezoud tout konfli
ki te ka genyen.

66
b) Fòk li prepare ak 2 moun yo lis Lwa k ap
envite epi prepare manje pou yo.
 Jou seremoni a.
a) Fòk li rele e resevwa tou de eskòt Lwa yo,
pa gason an ak pa fi a
b) Fòk eskòt yo pran angajman pou yo ede
nouvo fanmi a. Chèf eskòt la ap vin nan tèt
yon moun pou li fè sa.
c) Fòk li resevwa Lwa envite yo.
d) Fòk li veyatif tou pou Lwa dasomann pa vin
gate fèt maryaj la.
 Apre seremoni a.
a) Yo ap remèt marye yo 2 pye bwa pou yo
okipe ansanm.
• Flanblwayan oubyen akasya yo
ap plante pou Dantò (lanmou ak
pwoteksyon)
• Siwèl oubyen bazilik pou Freda (pasyon
ak pwosperite)

67
Lè ou mouri
Gen 2 bagay ki kòz la mò :
• Lè lavi chwazi kite kò a
• Lè kò a pa ka sipòte lavi ankò.
De bagay sa yo sanble men yo pa menm e nou pa ka jere yo
menm jan. Moun ki pa inisye pap ka fè diferans lan. Kidonk fòk se
yon inisye ki pou chante antèman. Nou menm nan Vodou nou rele
sèvis mò « Bohoun ».
I. Lè lavi chwazi kite kò a :
• Sa rive lè lavi fin fè wout li oubyen lè l ap pèdi
kontwòl sa k ap fèt ak kò sa a. Lè sa, nou sèlman
asire nou kò sa pap ka sèvi pou lòt bagay.
II. Lè se kò a ki pa ka sipòte lavi ankò :
• Lè sa nou gen travay pou n fè pou nou ede lavi soti
nan kò a. Pa bliye kò a se te kay li, nanm lan ap fè
tout posib li pou li rete.
Nan tou de ka sa yo, nou dwe ede nanm nan rekonèt li pou
li ka retounen nan mond envizib la. Lè li soti nan kò a li on ti jan
dezoryante li ka pèdi wout li. Avan li tounen nan mond envizib la,
li gen pou l pase yon tan reyadaptasyon e pirifikasyon. Nanm lan
fè tan sa nan dlo e nou dwe ede li soti aprè 1an plis yon jou.

68
Chimen zansèt
Chimen ki pi di zansèt yo te travèse se chimen yo te pran
pou yo soti lafrik pou rive ayiti.
Yo te pase anpil mizè anba kal batiman nan yon vwayaj ki
te dire 28 jou pou pi piti.
Nou konnen nanm ki pa janm mouri an toujou sonje mizè
li te pase.
Nou konnen tou, nou ka ede yo sipòte soufrans la si nou
lapriyè pou yo e si nou pataje soufrans lan avèk yo, menm lè sa
pase lontan.
Nan lide sa, n ap ankouraje tout ayisyen pou yo pran 28 jou
nan ane a pou yo kore lespri zansèt yo :
• Pandan 28 jou, sa ki kapab ap fè jèn.
• Pandan 28 jou n ap limen yon balèn espesyalman
pou yo.
• Pandan 28 jou chak ayisyen dwe resite yon priyè
pou yo chak jou.
• Padan 28 jou sa ki kapap ap chwazi viv yon
soufrans nan non zansèt yo.
• Pandan 28 jou tout peristil dwe limen yon lanp
delivrans pou yo.

69
Men règleman 28 jou a pou Vodouyizan
• Mete yon boutèy bitasyon blan chita sou yon glas.
• Limen lanp lwil doliv ak yon ti siwo myèl, oubyen
yon balèn blan chak swa avan ou dòmi.
• Resite pawòl sa yo ki se priye zansèt :
o Nèg, nègès ki anba kal batiman
Pran kouraj kenbe la
Ou poko konnen sa, men ou gen pou fè listwa
Ou gen pou kase tout chèn ou wè ki nan pye
ou
Ak chèn ki nan pye lòt
Mwen limen lanp sa pou ou.
L ap ba ou direksyon
Mwen mete siwo myél ladan li
Pou ka geri maleng ou
Epi soulaje soufrans ou
Kenbe la Grann,
Kenbe la Gran papa
Ou gen pou gran devan lèzòm.
W ap rive yon kote ki rele sendomeng
Wa chèche wè ak nèg ki rele Makandal,
Boukman
Tousen, Desalin, Kapwa, Kristof ak lòt ankò
Wa fè kolòn avèk yo
E wa wè pouki ou te pase mizè sa.
Nou di ou mèsi pou peyi ou ban nou an.

Komanse 17 Jiyè pou bout 14 Dawou nan seremoni bwa kay iman.

Boule bwa.

Sa se yon fèt nou menm nan Vodou nou separe avèk anpil
lòt mistik. Chak ane, jou ki 24 jen nou fè sa nou rele seremoni boule
bwa. Menm lè anpil moun fè l jou ki 24 la, bon lè mistik la se jou

70
ki 21 avan 1 è nan maten. Tout Vodouyizan pwofite pou yo remèt
tout pwoblem yo nan dife solèy la. Jan Vixama ki te sakrifye tèt li
pou pèp ayisyen, ap ede pote pwoblem yo ale. Se yon règleman ki
trè senp.
Ou ap gen bezwen
• Bwa sèd ak bwa zakasya
• Ansan gri
• Lwil zakasya
• Yon recho twa pye tou nèf si w ap fè l lakay
ou

Jou ki 20 Jen kou li pwal minwi pou antre nan 21 Jen, ou


ap limen bwa yo nan recho an.
Lè dife a pran w ap ajoute ansan epi w ap mete anvlòp
kote ou te ekri tout pwoblem ou vle elimine nan vi ou.

Gen anpil lòt règleman ankò nan Vodou. Gen règleman


pou tout sitiyasyon. Lè ou bezwen, si Lwa yo pa vini di w sa pou
fè, ou ka konsilte yon ougan oubyen manbo ka gide ou. Chak
nanchon gen prensip pa yo menm lè se menm rezilta yo ap
chèche.

Liminasyon
Liminasyon se jan nou antre annamoni avèk Lwa yo. Li
pi bon lè nou fè liminasyon an gwoup konsa nou youn ede lòt e
nou parèt ini devan Lwa yo. Yo renmen sa. Liminasyon dwe fèt
sou règleman Lwa wap onore jou a, men tout liminasyon dwe
respekte baz sila yo.
Pou fè liminasyon wap gen bezwen :
• Yon kivèt ben-y giyon pou pirifikasyon.
• Yon kivèt ben-y chans pou benediksyon.
• Balèn sakre.
• Recho dife pou boule ansan ak lèt demand
yo.
• Tab epi bwat pou resevwa ofrand ak kado.
• Yon lanp ki limen sou règleman nap fè pou
jou a.
71
Rityèl liminasyon.
1. Pirifikasyon.
a. Kote nou pral fè seremoni a dwe
lave, netwaye epi ansanse, moun k
ap fè travay sa dwe benyen avan, epi
yo pa dwe manje vyann ni fè sèks o
mwen yon jou avan liminasyon an.
b. Lè moun yo komanse vini, yap lave
men yo nan kivèt ben-y giyon an.
Lè sa, yo ka depoze yon ofrann nan
bwat ki la pou sa.
c. Si yo poko gen balèn sakre , y ap tou
pwofite pran youn
2. Salitasyon.
a. Moun k ap mennen seremoni a, ap
wonble Lwa yo epi l ap eksplike sou
ki règleman liminasyon sa pral fèt.
b. Asistans lan ap chante chante ki fèt
pou sa, epi tanbourinè ap akonpaye.
c. Nan moman sa, Lwa ki presan ap
manifeste.
3. Liminasyon.
a. Apre nou fin salye Lwa yo epi
chante pou yo, tout moun ap pran
balèn sakre yo epi yap limen yo nan
gwo lanp règleman an.
b. Nap depoze lèt demand yo nan
recho dife a.
4. Adorasyon.
a. Tout moun ap tounen nan sal la
avèk balèn lan tou limen
b. Mèt seremoni an ap fè nou salye 4
fasad.
c. Se lè sa nap fè demand nou.
d. Epi nap chante chante ki fèt pou
adorasyon.

72
e. Lè nou fini fè demand, nap etèn
balèn yo epi nap sere yo pou nou
limen chak swa pandan sèt jou.
f. Depi Lwa kontan, li ap vini pale ak
nou apre adorasyon.
5. Mèsi
a. Moman sa enpòtan anpil, paske se
lè pou nou di Lwa yo mèsi pou sa
yo fè deja.
b. Nan moman sa, nenpòt ki moun ka
voye chante pou Lwa yo
c. Tout moun ki jwenn kichoy nan
men Lwa yo, dwe patisipe
6. Ofrand.
a. Avan nou ale, youn ap salye lòt nan
non Lwa yo epi nap depoze kado ak
ofrand sou tab ki la pou sa.

73
Dat ki enpòtan anpil.

21 Desanm - 6 Janvye
o Se Makaya, se lè sa ougan kase fèy nan bwa pou fè
medikaman pou rès lane a. Se lè sa pou bay Gad manje. Pandan
tout lè sa se Simbi ki kòmande avèk Gran Bwa Ile. Nan lè sa, nou
pwofite pou nou refè tèt nou ak netwaye kote nap viv. Nou pran
remèd pou kò nou e nou lave kay nou ak bon fèy. Se bon lè pou
pran ben-y chans sitou nan dat 21 Desanb.

21 - 22 - 23 Desanm
o Lè sa, ou ka remèt Ati solèy tout pwojè ou genyen pou
ane a pou li monte ak yo. Moman sa a mache ak yon evènman
nan lanati yo rele « Soltis ivè» ki se lè limyè komanse reprann
fòs sou fè nwa.

6 Janvye
o Jou sa nou resevwa 3 Wa, nou rekonèt kòm 3 gwo ougan
saj.

21 - 22 - 23 Mas
o Nou danse rara pou fete lavi ki ap boujonnen, lanati ki
remanbre. Nou onore Lwa nou rele Ayizan velekete. Lè sa nou
chire ayizan ki se flèch palmis la. Endyen ki te sou tè a te fete fèt
sa tou. Fèt sa mache ak evènman natirèl yo rele « Ekinos » ki se lè
limyè ak fènwa gen menm fòs. Aprè premye Ekinos lane a, limyè
vin gen plis fòs pase fè nwa.

1er Me
o Nou fete kouzen zaka. Se li ki komande mwa sa, ki asire
sa nou mete nan tè a ap bay bon rezilta.

18 Me
o Se jou Mèkredi 18 me 1803 drapo ayisyen an te soti nan
djèvò ki se kote nou mete moun ak lòt bagay nou vle bay fòs
espesyal. Drapo a te pase 30 jou sou règleman pou nou te mete

74
nanm sou li pou yo te ka rekonèt li nan mond envizib la e pou li
te kouvri nou nan batay. Travay sa te fèt sou bitasyon Gran Giton,
yon manbo nan Akahè. Nou dwe refè seremoni sa chak ane pou
drapo a toujou gen fòs. Se sèl drapo ki pase nan djèvò ki dwe
flote sou palè nasyonal, palè jistis ak sou paleman.

21 - 22 - 23 Jen
o Se lè nou remèt Ati Solèy tout pwoblèm ak dezagreman
pou li desann ak yo. Fèt sa tou, mache ak yon evènman natirèl yo
rele « Soltis ete » ki se lè limyè gen plis fòs nan ane a, menm jan
tou se le sa li komanse pèdi fòs devan fè nwa. Jou sa, Jan Vixama
disponib pou li ede nou.

16 Jiyè
o Se fèt rèn peyi Ayiti, Lwa ki te pran responsabilite pou li
te goumen pou nou te ka jwenn libètè, se jou Mètrès Ezili Dantò.
Jou sa tout ayisyen konsekan dwe al wè li lakay li Sodo, epi fè
fèt pou li.

17 jiyè - 14 Dawou.
o Nou fè sa nou rele Chimen Zansèt. Se yon trant jou nou
chwazi pou nou ede zansèt esklav yo sipòte soufrans anba kal
bato negriye. Pa gen anpil moun ki konnen pou yo fè sa. Ou gen
dwa fè li nenpòt kilè nan ane a, li pi bon lè ou chwazi fè li, pou li
bout jou seremoni bwa kay iman. Pandan trant jou, ou dwe dòmi
atè, pa fè sèks, fè jèn, pa manje manje kwit ni sèl, menm jan yo te
fòse zansèt yo fè. Oubyen ou ka chwazi fè nenpòt lòt sakrifis ou
ka sipòte pou zansèt yo, li sitou enpòtan pou lapriyè epi limen
lanp. E se sa ki chimen zansèt la. Lè ou pase pa la, ou konprann
ayisyen, ak ayiti.

25 Jiyè
o Se fèt Ogou Feray, li menm tou te goumen bò kote Mètrès
Dantò nan lagè endepandans. Li te pran tèt lame Lwa ki te kale
Lwa blan fransè yo. Se sak ki te pèmèt nou genyen tou sou latè.
Nou rekonèt li nan Desalin premye chèf nanchon ayisyen.

75
14 - 15 Dawou
o Sa se pi gwo fèt nou ayisyen. Se jou sa tout 21 tribi afriken
yo e tout sa ki pat dakò ak lesklavaj te fè yon sèl pou yo te kreye
pèp ayisyen, anba tankou anwo. Jou sa nanchon ayisyen te pran
nesans. Se ougan Boukman ki te negosye epi siyen kontra sa, ki
mande pou nou te al libere tout sa ki te nan esklavaj anba tankou
anwo. Kontra sa te siyen ak san Jan Vixama ki te bay tèt li kòm
sakrifis nan seremoni ki te fèt nan Bwa Kay Iman. Se Mètrès
Dantò, chèf ki komande latè, ki te reprezante eskòt Lwa yo avèk
patnè li Ougou feray. Se sa ki fè drapo nou an wouj e ble. Ble pou
Dantò, wouj pou Ogou.

1er Oktob - 1er Novanm


o Se mwa nou kite pou espri zansèt yo. Se lè sa nou onore
yo nou pale ak yo e se nan lè sa tou yo ka ede nou nan tout sa
nou ap fè e nou menm ka ede yo sou wout yo. 1er Novanm nou
fè gwo fèt pou nou di yo mèsi e ba yo fòs pou yo kontinye wout
yo. Peryòd sa komanse lè fènwa pran fòs sou limyè aprè 2eme
« Ekinos » ki gen nan ane a, 21, 22 ak 23 Septanm.

76
77
BEN-Y AK LANP

Pratik ki enpòtan anpil pou nou menm Vodouyizan se


pran ben-y, lave kay avèk limen lanp. Se mwayen nou jwenn ki pi
fasil pou nou antre annamoni avèk lanati epi antre an kominyon
avèk Lwa yo. Gen yon kantite ben-y avèk yon pakèt resèt pou
lave kay ou. Konsa tou, w ap jwenn plizyè lanp ou ka limen. Se
selon sa ou vle fè, e ak ki eskòt Lwa ki mache ave ou.

Ben-y chans
Ou ka pran ben-y chans nenpòt lè, depi ou santi ou bezwen
li. Ben-y chans toujou akonpaye moman enpòtan nan lavi. Lè ou
fèt, lè wap marye, lè ou mouri. A pa de lè sa yo, pi bon lè pou pran
ben-y chans, se le 21, 22, 23 ak 24 Desanm. Solèy la ap pare pou li
remonte e ou tou remonte avèk li. Ou pran ben-y chans a minwi.
Men ki sa ou ka mete nan yon ben-y chans.
• Flè
Woz blan, woz wouj, jasmen,
• Fwui
Pòm, frèz, anana, melon, kataloup, rezen.
• Lwil
Woz
• Engredian espesyal
Lèt bèf, siwo myèl
• Pafen
Byennèt, pompeia, vetivè, florida, kolibri.

Pran ben-y la nan yon kivèt blan tou nef, limen yon balèn
blan pandan tout tan w ap benyen an. Si w vle ou ka vide
yon boutèy chanpay sou ou apre.

78
Ben-y giyon
Ben-y giyon se yon ben-y ou pran lè ou bezwen retire
devèn ak malchans. Bon lè pou pran li se 21, 22, 23, ak 24 Jen.
Menm jan ak ben-y chans, ou ka pran li lè lide ou di w. Li fè sans
pou pran ben-y chans lè ou fini pran ben-y giyon, menm jan ou
dwe pran ben-y giyon avan ou pran ben-y chans. Ou dwe pran
ben-y giyon a midi.
Men kisa ou ka mete nan yon ben-y giyon.

• Fèy
Zo devan, amwaz, 3zom fò, lanni, pèsi,
sitwon sèl.

• Dlo
Dlo lanmè,

• Engredyan espesyal
21 sitwon, 1 ba savon lave, 1 digo, 1 gwo
kwi.
Si ou jwenn yon ti kal sann dife bwa sen
jan, mete li nan ben-y lan.

Toujou kite balèn ou limen lè w ap pran ben-y. Tout sa ou mete


nan ben-y, se li ou mete nan dlo pou lave kay. Ou fè yo menm lè
tou.

79
Lanp
Lanp se mwayen ki pi dirèk pou kominike ak mond envizib
la. Ou ka fè tout bagay avèk lanp, fè demann pou Lwa, pale ak
zansèt fanmi ou epi lòt mò… Yon bon lanp ka ede ou nan kèlkeswa
sitiyasyon. Gen lanp pou tout ka. Lanp byen monte gen anpil
pouvwa. Nou ap ba ou kèk egzanp lanp ke w ka itilize. Tout lanp
fèt ak mèch koton peyi. Pi piti tan pou limen yon lanp se sèt jou.
Selon règleman ou ka limen li pou pi lontan.

Lanp chans:
Lanp sa limen ak lwil doliv lwil de woz, lwil zanmann dous,
lwil jasmen andedan yon anana.

Lanp travay:
Li limen ak lwil machin ki sèvi, roroli, poud mache prese,
priz tè nan 7 mache diferan, 7 moso vyan cochon nan 7 mache
diferan. Lwil maskreti nan yon ti chodyè twa pye.

Lanp giyon oubyen devèn:


Lanp sa limen nan po kokoye sèch ak lwil maskreti plis
poud kanpe lwen ak voltije.

Lanp cham:
Lanp sa limen nan yon po kokoye ole avèk lwil doliv, lwil
jasmen, lwil de wòz epi siwo myèl.

Lanp delivrans:
Lanp sa limen nan yon bòl blan ak lwil doliv, mete roroli
avèk dlo kokoye ole.

Lanp angaje:
Lanp la limen nan yon kwi, avèk lwil maskreti ak poud
respekte kapitèn epi ban m komande, piman pike.

Lanp liberasyon:
Lanp sa limen nan yon ti chodyè twa pye ak lwil maskreti
epi grès kochon, roroli, precipite wouj, vu dajan.

80
Lanp cho:
Lanp la limen nan yon kokoye sèch, lwil maskreti ak grès
kochon, presipite blan, piman pike, respekte kapitèn, roroli.

Lanp fwèt:
Limen nan bòl emaye blan wap depoze nan yo kivèt dlo,
lwil doliv ak lwil trankil.

Lanp pou pale ak mò nou:


Limen 3 oubyen 7 mèch koton nan yon asyèt emaye blan
ak lwil doliv. Depoze yon tas kafe dous, yon tas kafe anmè bò kote
lanp la.

Kòm chak Lwa gen lanp espesyal pa li, ou ka toujou limen


lanp Lwa epi ou adrese demann lan dirèkteman pou li. Nan tout
lanp, ekri sa ou bezwen an nan yon fèy pachemen vyèj epi mete
li nan fon lanp la.

81
PAWOL ANPIL

Pouki sa Vodou gen yon bann tout vye pawòl sa yo sou li.

Pawòl sa yo vini nan lèzòm ki ap eseye eksplike travay


Bondye jan pa yo. Epi nan moun ki pè sa yo pa konprann.
 Kolòn blan yo ki pat dakò nèg nwa te ka gen
konesans ak relijyon te di Vodou se fetich,
idolatri, vye pratik moun sovaj, moun iyoran
yo adopte. Lè nou kale blan sa yo nan lagè
1803, lawont fè yo deklare Vodou se bagay
malefik, bagay dyab paske se sèl jan yo te ka
eksplike yon pakèt esklav ki pat menm moun
te mete yo do yo atè. Malerezman, gen pami
nou k ap repete pawòl blan sa yo toujou san
yo pa reflechi. Yo pa wè se tèt yo y ap denigre.
 Gen anpil gwo moun ki soti nan gwo peyi ki
ap bay anpil manti, yon fason pou yo fè nou
menm ayisyen rayi tèt nou epi rejete pratik
zansèt yo. Konsa nap vin pi fèb e nou pap ka
goumen kont pratik esklavajis modèn yo.
• Yo fè tout bagay pou Lwa yo ban nou
do.
• Tanzantan yo bay estatistik pou
montre nou pa reprezante anyen nan
popilasyon an.
• Yo eseye dechouke Vodou 13 fwa deja,
touye anpil moun ak pi fò nan pye bwa
nou.
• Yo ale nan sit mistik nou, kote Lwa yo
rete epi yo eseye gate yo. Plante kwa ak
bati legliz.
 Gen plizyè malfektè ki pwofite iyorans moun
pou dechèpiye yo.
• Moun sa yo pa ni ougan ni manbo. Yo
konn pa menm inisye. Nou rele yo :
Dyèg, Malfektè, Mayetizè.

82
• Gen ougan ak manbo ki pèdi wout yo,
bliye sa yo te sèmante. Epi ki ap fè
dezòd ak don yo resevwa pou lajan.
Lwa toujou trase ekzanp sou yo, fè yo
peye. Yo konn pase trè mal pou tout
moun wè.
 Gen plizyè gwo òganizasyon ki envante bagay
mete sou do Vodou, yon fason pou yo fè lajan.
« Lagè » kont « Satan le dyab » se yon gwo
biznis ki fè anpil moun, isit kou lòt bò dlo, fè
anpil anpil kòb.

83
Eske gen sakrifis ak manje moun nan Vodou.
Nou pa fè sakrifis.
 Lè nou ap fè fèt nou touye bèt ak plant pou
nou bay tout moun manje.
• Avan nou menm nou manje nou retire
pa Lwa pou li paske li menm tou li
manje. Sa li manje nan manje a ou pa
wè li e li pa deranje lè li pran li.
• Gen Lwa ki pa manje tout bagay, lè sa
ou dwe prepare manje a pa pou li jan li
renmen li an.
Nou pa manje moun non plis.
 Menm lè te gen kèk tribi afriken ki te konn
manje moun, bagay sa sispann lè yo rive
Sendomeng. Sitou aprè seremoni Bwa kay
Iman kote nou te mete baz Vodou nou gen la
jodi a, ki mete lavi devan.

Pouki yo di Vodou touye anpil moun.

Kòm Vodou se yon bagay anpil moun pa konprann e anpil


moun pè aprann, yo lage anpil koze sou do li.
 lapolis sispann fè ankèt depi li sispèk gen
Vodou. Kifè depi yo bezwen la jistis bay vag, yo
di se Vodou.
• Lè yo touye moun.
• Lè yo vole afè moun.
• Jou lapolis mete yon brigad « inisye
Vodou» andan li, bagay sa ap sispann.
 Konsa tou, moun ki pa vle travay, ak moun ki
fè erè nan lavi yo, chèche eskiz nan Vodou pou
eksplike echèk yo. (Lwa toujou ap peze yo)
 Genyen tou ki pran pòz se Lwa ki fè yo fè bagay
dwòl, pran pòz yo ap sèvi Lwa pou yo fè mès
yo.
Men tou lè ou se yon moun ki ap bay pwoblèm anpeche lavi
mache, yo ka pote plent pou ou. Lè sa lavi ka chwazi kite w.

84
Vodou nan listwa ak politik.

Kwayans yon pèp tankou kwayans yon moun toujou


akonpaye li nan tout moman nan egzistans li. Lè ou gade byen,
relasyon yon pèp avèk eskòt Lwa li, nan sous de tout sa ki rive pèp
sa. Konprann tou, sèl jan ou domestike yon pèp, se lè ou fè li rejete
eskòt Lwa pa li. Lè sa li tounen yon pèp restavèk. Lè nou gade nan
listwa, nou wè gen pèp ki rive pèdi tè yo tankou pèp jwif, men kòm
yo pa janm pèdi kwayans yo nan eskòt Lwa pa yo, yo rejwenn tè
yo e yo rejwenn fòs yo. An nou gade ansanm kisa ki rive nou depi
lafrik.
 Lesklavaj te posib paske nou tap goumen youn
ak lòt depi an Afrik. Se frè ginen, ki te vann
blan frè ginen parèy yo. Lè a, Lwa yo te fè silans
paske yo pap chwazi kan nan mitan frè ak sè.
 Lè nou te resi antann nou nan bwa kay iman,
Lwa yo te tounen vini jwenn nou. Jou ki te 14
Dawou nou te di tou nou pa tap tounen nan
ginen ankò, nou te pran desizyon fòme yon pèp
tou nèf. Apre diskisyon, nou te siyen kontra
sou kijan nou ta pral viv. Nou te gen pami nou :
• esklav ak pitit esklav
• blan ki pat dakò ak vye kondisyon ki te
gen nan koloni a
• endyen ki te rete vivan

85
Nou te sèmante :
 nou ta pral goumen pou nou pran tè sa pou
pèp tou nèf la te jwenn yon kote ki rele li chè
mèt chè mètrès.
 tout moun ki patisipe nan lit la ap kapab viv
sou tè a jan li vle ak kwayans li depi li pa nwi
lòt yo.
 Tout moun ap gen menm dwa ak menm chans
sou tè a, pat gen afè se tè ni byen papa m kite
pou mwen.
 Tè sa se ap tè libète, depi yon moun rive sou li,
moun sa te granmoun tèt li.
 Pèp sa te gen pou obligasyon ede tout moun ki
te vle jwenn libète.
 Chak moun te gen pou obligasyon defann tè sa
jouk li mouri.
Aprè antant, nou te pale ak mond envisib la e nou te
mande èd. Mètrès Dantò ki toujou la pou li ede moun k ap batay
pou jistis ak libète, te renmen pwoje nou an, li te reponn pou li
ede nou. Men ki kondisyon li te poze :
 Respekte angajman nou te pran nan mitan
nou. Li la pou li ede pèp ayisyen, li pa la pou li
ede de twa grenn ayisyen.
 Li te mande pou pèp sa mete Lwa yo devan
nan tout sa k ap fèt.
 Li mande rekonesans ak mèsi pou li menm ak
tout lòt Lwa ki dakò goumen :
• Lwa ginen ki te soti avèk nou an afrik.
• Lwa endyen nou vinn jwenn sou tè a.
Lè sa, menm jan Jezi te dakò pase pou pèp jwif la, jan
Viksama te pase pou pèp ayisyen an. Kondisyon te poze, kontra
te siyen.

86
Mètrès Dantò ak Lwa yo respekte pati pa yo. Kisa nou
menm nou fè ?
 Gen pami nou ki, depi lagè fini, deklare se pitit
blan yo ye oswa yo te deja libere, kidonk gen tè
ak byen ki dwe pou yo paske se eritaj papa yo
oubyen se ansyen mèt yo ki te ba yo li.
 Gen nan nou ki te gentan bezwen plis fòs, yo ale
chèche lòt espri ki fè kwè yo gen plis pouvwa
pase espri ki te fè lagè avèk nou. Drapo nou
chanje koulè plizyè fwa nan bagay sa a.
 Nan goumen pou tè, nou bliye afè endyen an
nèt. Nou pa kite yon ti kras tè pou yo.
 Nou pa bay Lwa yo rekonesans, ni nou pa di
yo mèsi :
• Nou pa jamè rekonèt Lwa endyen yo ki
te resevwa nou sou tè sa.
• Nou pa janm aprann pitit nou ki wòl
Lwa te genyen nan listwa pèp ayisyen
• Nou refize fè fèt pou yo, e lè gen nan
nou ki vle fete yo, rès moun yo fè gwo
kolè.
• Nou pase kontra nou te fè avèk yo anba
pye nou epi nou al siyen lòt kontra avèk
Lwa blan te sèvi pou toupizi nou. Nou
remèt eskòt blan yo avni pitit nou, swa
dizan yap fè edikasyon.
• Dènye kou a, nou fè konplo ak Lwa
blan pou nou mete Lwa ginen yo deyò.
Nou sibi trèz atak dechoukay sou yo ak
moun ki rete fidèl ak yo.

87
 Sèl pati nou respekte se pati kote nou ede lòt
pèp jwenn libète. Petyon ak Desalin te ede lòt
pèp Amerik di sid. Nou te bay Etazini koutmen,
epi Ayiti te toujou premye peyi ki rekonèt
endepandans peyi Afrik yo. Nou menm ede
fòme gwo òganizasyon ki te vle mete tèt
ansanm pami tout pèp sou latè. Jis kounye a,
pèp nou te ede ap di nou mèsi, yo pa bliye.
Nou pran anpil prekosyon nan liv sa pou nou pa di w
gade sou zòt, men kòm nou pa ka pale istwa san ou pa gade sa
ki fèt bò kote ou, an nou voye yon je ka gwo vwazen nou ki se lè
Etazini e ki te nan menm sitiyasyon ak nou.
 Menm jan ak nou, yo te gen lakay yo twa eskòt
Lwa. : Endyen, Ginen ak blan ewopeyen. Menm
jan ak nou yo te deside goumen pou yo te gen
yon tè pou yo, epi fòme yon pèp tou nèf. Kòm
se blan eropeyen ki te fè batay la, selon kontra
yo, men kisa yo fè.
• Yo te chwazi goumen ak Lwa blan
kretyen paske se sa ki te avèk zansèt yo
depi yo te soti an ewop e yo rete avèk
yo apre batay.
 Yo remèt espri yo peyi a epi kòm
pèp, yo mete Lwa sa yo devan
nan tout sa yap fè.
 Menm lè yo te touye pi fò nan
endyen yo, Jis kounye a yo kite
ti moso tè pou yo. (resèvasyon)
 Menm lè yo makiye sa y ap fè,
chak ane yo bay Lwa endyen yo
respè nan yon fèt tradisyonèl
endyen ki rele « Thanksgiving ».
 Chak ane tou, yo sonje zansèt ak
mò yo nan fèt « halloween »

88
Nan tout lòt kote nou gade, nap jwenn chak fwa yon
pèp viv annamoni ak eskòt Lwa li, li viv byen.
 Chak pèp gen eskòt Lwa pa li, chak fwa yon
moun mouri, nanm li ale ranfòse eskòt Lwa
pèp li. Se eskòt Lwa yon pèp ak tout ekip mò
li nou rele egregò, ki se kote fòs mistik ak
memwa yon pèp chita. Nou dwe konprann
pa gen pèp sou latè ki gen menm egregò. Nou
dwe konprann tou, sa ki nan egregò yon pep
se li lap bay avantaj. Lè yon pèp bezwen vanse,
se nan egregò l li ale chèche fòs, se la li jwenn
eksperyans zansèt yo epi limyè ki pou gide li.
Si yon pèp pèdi kontak ak egregò li, l ap vire
tankou yon machin san volan, l ap nan eré tout
tan. Si tou yon pèp aksepte mache sou egregò
yon lòt, lap yon pèp restavèk. Tout sa nou sòt
di la, valab pou moun ak fanmi tou.

89
Lè ou fin li

Nap fè ou konpliman paske ou li tout liv la. Sa montre


ou apresye efò nou fè pou nou ekri li. Nou konnen ou pap
konprann tout bagay tout swit, pa dekouraje. Reli liv la ankò,
men fwa sa, limen yon balèn bò kote ou avan.

Kounye a ou konprann, konnen ou se yon limyè ki gen pou


klere pou lòt ki poko wè klè.
Ayibobo.

90
Elien Isac
Elyen Isac alias Sanba L fèt jou ki te 1er mai 1965 nan yon
fanmi Vodou. Papa li ak gran papa li te ougan. Se yon militan trè
aktif nan kominote Vodou a. Li monte òganizasyon CECILE, epi
li se yon nan manm fondatè K.N.V.A. Anpil moun konnen li sou
non Sanba El, animatè emisyon Kilti Kreyòl sou Planèt Kreyòl
106.5fm.
Wap jwenn Sanba El nan (509) 37349204

Jean Maxeau Bourgon


Maxo se twazyèm jenerasyon ougan nan fanmi li. Se
yon anperè chanpwèl tou. Avèk plizyè lòt ougan ak manbo li te
patisipe nan kreyasyon K.N.V.A. Li se chèf sosyete Zoko Mazaka
ki chita nan Fontamara.
Wap jwenn Maxo nan (509) 37416329 oubyen nan
maxeaubourgon@gmail.com

Tamy Dufresne Isac


Manbo Marijan fè yon sèl avèk Mètrès Dantò chak
dimanch nan emisyon Fiyèt Dantò. Li bay tout li menm pou li fè
travay Mètrès la epi ede li soulaje soufrans tout fanm dayiti. Li
pran ason nan men mari li Sanba L.
Wap jwenn Manbo Marijan nan (509) 36938715

Clernise Israël
Yo atis melanje ak yon profesè lekòl, Manbo fifi ap sèvi
ak tout sa li konnen pou li lave je Vodouyizan. Li fè lekòl tout lè
tout kote li kapab, li ap dirije sosyete Palmis Sakre epi li se yon
enperatris chanpwèl.
Wap jwenn manbo fifi nan (509) 38638589

Jean Claude Augustin


Ti Pastè jan nou rele li se yon ansyen pastè ki jwenn wout
zansèt yo.
Wap jwenn ti pastè nan (509) 47107457

91
Carl Henry Desmornes
Kal Anri Demòn fèt jou
ki te 19 Janvye 1960. Tankou
anpil ti ayisyen nan klas
mwayèn nan, li te leve an
katolik. Li te batize, kominye,
konfime, e marye nan legliz
katolik. Li te fè tout klas li kay
frè Sen lwi yo nan Pòtoprens
aprè sa li te pati al aprann
mekanik o Zetazini.

Jou ki te 28 Janvye 1998,


malfektè zenglendo te tire
madanm li kite manman 3
pitit gason li. Pandan li te
nan doulè, li reyalize li pa ka
kontinye viv san li pa okipe sa
kap pase bò kotel. Se konsa li
pran desizyon pou li patisipe
nan zafè peyi li.

Li ouvri yon estasyon


radyo, Planèt Kreyòl (106.5 Fm), epi li komanse entèrese sou kijan moun bò
kote li ap viv. Bondye voye sou wout li Elyen Isac alias Sanba El, yon ougan ki
montre li Vodou. Avèk Elyen yo antre nan edikasyon ak fòmasyon pèp ayisyen
sou Vodou, yo met ansanm ak lòt ougan epi manbo tankou Tami Difrèn, Maxo
Bougon, Kleniz Izrayèl, pou travay la vanse pi byen. Yo fè emisyon Kilti Kreyòl
ak Chimen Zansèt sou radyo Planèt Kreyòl (106.5 Fm). Jodi a ekip sila pote
pou ou : TI LIMYE SOU VODOU. Yon liv ki ka ede moun konpran relijyon
ayisyen an.

Wap jwenn Carl Henry nan (509) 37020511ou byen nan anbyanssa@gmail.com

You might also like