You are on page 1of 5

KAÏ (Richard CAVE) feat Rutshelle - Kanse /Powered by MTL Cliff

Lyrics:

[Verse 1- Richard]

Di mwen pouki ,chak fwa’w soti

tèt mwen pati cheri

Tèlman m’jalou, mwen sanble m’fou

mwen paka viv ..san ou

Sa’k anpeche’w renmen cheri

jan tout lòt fanm renmen

Ou toujou prese, je’w toupatou,

ou fè tèt mwen vire

[Chorus]

Ou fè tout sa mwen rayi cheri

Poutan se ou m’renmen

Poutan se ou m’renmen cheri…

Ou fè tout sa mwen rayi cheri

Poutan se ou m’renmen

Poutan se ou m’renmen

Bell

[Verse 2-Rutshelle] bell

Flash ou pa bon, kodak ou flou,


foto’w fè a pa sanble’m

Si ou gade’m avèk tout kè’w

wa wè kiyès mwen ye cheri

Aprann chèche, aprann konnen

sa ki nan kè yon fanm

Aprann renmen, aprann sede

sa’k fè bonè yon fanm

[Chorus]

Ou fè tout sa mwen rayi cheri

Poutan se ou m’renmen

Poutan se ou m’renmen cheri…

Ou fè tout sa mwen rayi cheri

Poutan se ou m’renmen

Poutan se ou m’renmen....

Cheri…

solo ....

Sa s’on lot kay

Nou f’on lòt bagay


solo : Wo ou oh * 2

break

Relasyon sa tounen yon kansè cheri

K’ap touye’n san’n pa konnen

L’ap mete nou nan chagren

Relasyon sa pi mal ke lanfè cheri

L’ap fè san’n vire lanvè

L’ap mete nou anba tè....

[Verse 3- Richard]

Men konbyen fwa nou retwouve’n cheri nan men sitiyasyon

M’pa konn kijan, m’pa konn kouman cheri, pou’m jwenn yon solisyon

[Hook-Rutshelle]

Wi mwen kole....

kijan pou’m dekole

Wi mwen kole

Break

Relasyon sa tounen yon kansè cheri

K’ap touye’n san’n pa konnen

L’ap mete nou nan chagren

Relasyon sa pi mal ke lanfè cheri


L’ap fè san’n vire lanvè

L’ap mete nou anba tè

[Verse 4-Rutshelle]

Mwen gade’m nan glas

mwen wè yon moun cheri ki pa sanble ave’m

M’tounen on esklav san diyite cheri, kilè pou’m dekole

Wi mwen kole, kijan pou’m dekole

Wi mwen kole, kijan pou’m dekole

slead : Wo ou oh X2

Break

Relasyon sa tounen yon kansè cheri

K’ap touye’n san’n pa konnen

L’ap mete nou nan chagren

Relasyon sa pi mal ke lanfè cheri

L’ap fè san’n vire lanvè

L’ap mete nou anba tè

[Outro]

Li tounen’l, tounen, tounen on kanse

K’ap touye’n san’n pa konnen


L’ap mete nou nan chagren

Cheri…

Li tounen’l, tounen, tounen on kanse

L’ap fè san’n vire lanvè

L’ap mete nou anba tè

You might also like