You are on page 1of 2

🐄CORONA PA GEN BÈF SAN KE*🐝

🆘 Depi nan tan lontan yo toujou di🤔

Bèf san ke BD pouse mouch pou li🤔

Pawòl sa bay anpil espwa✔

Souvan n vle lage tout nan men Bondye☑

Nou pa janm eseye fè yon pa✔

Nan tèt nou lamàn gen pou tonbe☑

Si se konsa nou tout chire

🐄 **Bèf san ke konn souke kò'l pou mouch vole* 🐝

🆘Nan peyi la _chine_ *CORONA* parèt😷

Yo di Lemond gen pou frape🤔

Peyi nou panse'k Gen gwo jarèt🦵

Te gentan ap fè efò pou prepare😷

Gouvènman peyi'n te chita ap ranse🤪

Yo inyore ke lavi nou pa asire😭

Yo Tonbe di Bondye ap pwoteje😔

Paske nou se bèf san ke🤔men Yo bliye

🐄 **Bèf san ke konn souke kò'l pou mouch vole* 🐝

🆘Tout jounen milyon ap gaspiye💸💵

Maten midi swa yap vwayaje✈

Gaspiye lajan pou kanaval🔊

Ak ti Zanmi yap bay cho Labadi‍♀


‍♀
🏄‍

Jamè di ann fon bon lopital🏥

Paske kan yo malad yal fè wout yo Etazini🇱🇷

Ebyen Fwa sa nou tout nan ka😡

Paske *CORONA* cancel tout viza❌

Wi se vre n se bèf san ke men!


🐄 **Bèf san ke konn souke kò'l pou mouch vole* 🐝

🆘 Opozisyon plede fèn pran lari👣

Janmen met tet ansanm pou konstwi yon klinik isi💉💊

Ti krik ti krak ou tande yo laba


Men yap itilize'n pou yo fè koudeta♂
‍🤼‍ ‍

Vire tounen se vle pa vle fò'l ale😔

Men w pa janm tande Ann fè sa pou la Nasyon🇭🇹

Tonbe di'n se bèf san ke poun reziye😭

Ebyen *CORONA* ap fè n kite Lanbisyon😡

🐄 **Bèf san ke konn souke kò'l pou mouch vole* 🐝

🆘 mezanmi Ann fè anpil Prekosyon😭

Paske *CORONA* pa nan Prejije‍♂


‍♂
🤷‍

Kit ou Moun lavil ou andeyò nan seksyon🌑

Siw neglije'w gen pou kriye😷

Se vre nou tout se bèf san ke ‍♂


‍♂
🤷‍

Men nou gen patisyon pa'n poun jwe🎵

Pèp Ayisyen an nou lite

Paske

🐄 **Bèf san ke konn souke kò'l pou mouch vole* 🐝

✍ *Écrit Par JOSEPH Ilfrann

*Vijilans, pridans, solidarite. Venceremos* 👍🏻👍🏻👍🏻😷😷😷💪💪💪💪

You might also like