You are on page 1of 2

Pòtoprens, 10 Desanm 2021

Manbo, Royalma VIGILANT


Sekretè jeneral Pou ti bout tan (KNVA)

Envitasyon,

Wa Vodou Ayisyen Augustin Saint Clou di’w ayibobo ak tout bòd KNVA a
nan non ginen an ak tout zansèt nou yo.
Wa a ap pwofite okazyon sa pou’l envite nou nan konferans pou laprès k’ap fèt
nan Sant kiltirèl Manno Charlmagne nan Thor 12 a 10 zè nan maten e nan mach
pou lapè,k’ap fèt nan jou k’ap 17 desanm nan a 9 vè nan maten ,l’ap kòmanse nan
Domèn Ideyal Akachon 32 pase lamantin 54 Pou al bout kot plaj 18 sou Ray la.
Nan kad aktivite sa wa vodou a ak tout amperè,ougan,manbo,rousi
adjenikon,sosyete sivil ,sevitè pou'n mande lapè ak delivrans nan non ginen an
pou Ayiti.
Nan non Gad Makaya a delivrans pou Ayiti, lapè pou Ayiti, kwa sembo
Ayibobo, Ayibobo.

Augustin Saint Clou


Wa Vodou Ayisyen an
Pòtoprens, 10 Desanm 2021

Envitasyon pou : ……………………………………..

Wa Vodou Ayisyen Augustin Saint Clou salye tout reveran ak pastè nan non jezi
ki gen tout pouvwa a e nan non zansèt nou yo.
Wa a ap pwofite okazyon sa pou’l envite nou nan mach pou lapè,k’ap fèt nan jou
k’ap 17 desanm nan a 9 vè nan maten ,l’ap komanse nan Domèn Ideyal Akachon
32 pase pa lamantin 54 Pou al bout kot plaj 18 sou Ray la.
Nan kad aktivite sa wa vodou a ak tout Reveran,pastè sevitè legliz,ap louvri vwa
nou byen fò pou'n mande lapè ak delivrans pou ayiti,sekirite ak estabilite enpòtan
pou nou tout.
Nan non jezi ki gen tout pouvwa a,Wa Vodou a ap remèsye n déjà pou atansyon ‘n
ak bon konprann nou lapè pou Ayiti, lapè pou Ayiti.

Augustin Saint Clou


Wa Vodou Ayisyen an

You might also like