You are on page 1of 2

ANN FÈL YON LÒT JAN

FORCE DEMOCRATIQUE HAITIEN INTEGRE


www.democratiefdhi.org • Tel. : 509-4622-9863 • Tel. : 215-833-0499 • www.democratiefdhi.org
E-mail : bureauexecutifnational@democratiefdhi.org
_______________________________________________________________________________________________________________________________

Petyon-Vil
25 jiyè 2022

NÒT POU LA PRÈS


ANN EVITE SA VINN PI RÈD…..

Pèp Ayisyen

Nan yon korespondans a Prezidan Eta zini a, Mesye Joe Biden nan dat 14 janvye 2022, mwen sonje ke m te deklare ke nou
"pa gen okenn lòt altènatif ke chache yon solisyon, menm sil ta yon ti kras enstitisyonèl, anba titèl konstitisyon ayisyen an,
malgre feblès karakteristik konstitisyon sa a. Sa a se, nan opinyon modès mwen, sèl chemen nan yon rezolisyon nan kriz la ki
gen anpil chans rive nan inanimite nan sosyete Ayisyen an nan redwi eksponansyèlman derayman lòd sosyal, politik ak
ekonomik la ki deja yon echèk nan sosyete nou an. Vrèman vre, kòm pa gen anyen ki jam fèt, malerezman nou wè yon
eksplozyon sosyal nan lavi chak jou nou ak pri lavi a, tonbe nan lajan nou an ki fè yon sosyete deja frajil vinn envivabl,
ogmantasyon nan krim, kidnapinn pou ranson ak yon eskalade rapid nan bann ame kap parèt preske tout kote. Sa n ap wè
dènyèman laa pi mal pase sa ki te prevwa e sa pa ta dwe yon sipriz pou pèsonn. Menm kòz la pral pwodui menm efè a, an brèf
si kòz la se yon kontinyèl repetisyon, efè a pral san dout miltipliye nan entansite e se sa ki jodi a bay lagè frè manje frè sa a
kote konpòtman oto-destriktif sa yo vin yon bagay nòmal ki inakseptab.

Sa a an efè dire vrèman pou twò lontan kote nou tande oswa, nou menm temwen krim atròs ke ekriven Syans Fiksyon pa t
kapab panse imajine nan lavi yo, zak kriminèl yo, kidnapinn yo ak anpil atwosite nou temwen chak jou laa. Aksyon sa yo san
sans pou kelke nan nou, men sètènman pa pou moun ki gen kontwòl zak sa yo. Gang ame sa yo sanble ensansib ak asasinay
yo nan yon nivo ke moun sa yo pran plezi nan filme yo ak pibliye yo. Jèn sa yo, san yo pa enkyete pou lavni yo, detwi tout
bagay ki sou wout yo, lavi moun e menm rache ak kout manchèt moun ki mouri yo... Tout bagay sa yo sanble se yon jwèt nan
fotèy, kote Leta montre li pa kapab entèvni. Aksyon san sans saa yo rive nan yon trò lwen kote yo kreye yon sansasyon
repiyan sou yon popilasyon ki bouke e ki pa ka sipòte ankò.

Kriye pèp la tèlman fò ke map mandem a ki pwen li dwe pi fò pou gouvènman Defakto a e pi presizeman Premye Minis Defakto
a, Mesye Ariel Henry, ka tandel. Yon Premye Minis ki jiskaprezan refize fè sakrifis solanèl saa poul leve kite tab la, yon tab ki
desèvi deja pase senk mwa pi lwen pasekel te panse ki legal pou li a malgre li te refize blanchi nonl ki te site nan asasina
makab Prezidan Jovenel Moise.

Pèp Ayisyen, sipozisyon ke nou se viktim entènasyonal la dwe fini. Nou se e nou viktim pwòp gouvènman nou yo e sa depi
1986. Sepandan, m ap pwofite raple Etazini ak Kanada kòm sèl peyi jeopolitik ki pi pre nou yo ke yo byen plase pou mete fen
nan lagè frè kap manje frè sa a e kap detwi nasyon nou an. Kanada kanpe, daprè mwen, avèk rezon, kont livrezon lojistik
defans yo epi li pa sèten sou rezolisyon sekirite a, ak gouvènman sa a. Nan yon mesaj ki pa tèlman klè, yon gouvènman
enterimè responsab ta gen plis chans pou l garanti lojistik yo ak siksè nan batay kont ''Gang Lords'' yo nan Pòt-o-Prens, ki jodi
a vinn tounen Kapital Zonbi nan Karayib la.

Malerezman, fòk mwen di ke sitiyasyon an ap vin pi mal si Misye Ariel Henry ensiste pou l rete nan Primati a. Populasyon an
ke rèl li yo M. Ariel Henry poko janm ka tande a, bouke kouri kite kay yo. Sa fè pèp la mal poul wè moun kel renmen yo ap
disparèt nan lanmè oswa mouri nan egzòd an mas sòti nan vwayaj fatige sa yo sòti Ayiti rive nan Amerik di Sid tounen ale jis
sou fwontyè sid Etazini yo. Majorite a ki pa gen opsyon, pare pou yo mouri isit laa kòm vanyan sòlda an fas opresè yo. Mwen
prevwa yon enzireksyon, kap fè anpil san koule, bagay nou pa janm wè nan istwa peyi d’Ayiti kote frè ak frè angaje yo san
zegal e san okenn objektif defini ke yo konnen, eksepte moun ki pa ka pran sa a kòm yon sò ke yo enpoze sou yo.

NAP FÈL YON LÒT JAN


ANN FÈL YON LÒT JAN

Nou tout te temwen e nou konprann ke destriktè nasyon nou an rive mete sou kote konstitisyon ki deja bwete e yo detwi tout sa
nou rete nan enstitisyon nou yo. Si demokrasi dwe siviv nan dezòd sa a, kote ki sanble pa gen okenn chans pou yon
rezirèksyon politik ak ekonomik rive, se sèlman yon apwòch fèb nan Lakou Kasasyon ki pral fè peyi a soti imedyatman nan eta
anachi sa a ke nou tonbe la. Li pa twò ta pou nou fè apèl ak sa ki rete nan sistèm jidisyè nou an pou nou jwenn yon Prezidan
Pwovizwa; ak yon Premye Minis ki kapab relanse peyi a nan yon eta de dwa ki an sekirite, pwodiktif e ki pi apwopriye. Men,
yon konsansis andeyò Konstitisyon an posib selman avèk pèp la avèk konkou enternasyonal la ki, selon nou, genyen kle la pè
ke nou vrèman bezwen pou sivi nou.

Nou tout bouke wè jèn gason nou yo kote youn ap touye lòt chak jou, nou bouke wè yon Premye Minis Defakto defye lajistis.
Yon Premye Mini ski tèlman ensousyan devan masak kap devlope pi vit pase kansè ka ravaje yon kò. Si entènasyonal la pa fè
anyen imedyatman, mwen prevwa pi move enzirèksyon kote anpil san pwal koule e kap koute la vi plizyè milye, menm dè
milyon ayisyen ak destriksyon pwopriyete piblik ak prive. An nou aji vit e byen pou nou finalman ka viv nan yon eta de dwa.

Ann mete ego nou, dezi pèsonèl nou yo sou kote e ann mete tèt nou ansanm dèyè yon lide komen: HAΪTI. Jenerasyon sa a ak
moun k ap vini yo pral rekonesan anpil anvè nou.

ANN FÈL YON LÒT JAN

_______________________________
Dr. Eddy Delaleu
Sekretè Jeneral-FDHI

mb : Dr.ED
cc : Biro Ekzekitif Nasyonal [BEN], Konsèy Ekzekitif Nasyonal [KEN]
Direktè Medya

NAP FÈL YON LÒT JAN

You might also like