You are on page 1of 2

Resèt #1

BENY GIYON 
RETIRÉ GIYON SOU OU

Koman wap fè sa, wap bezwen :


1) Yon galon dlo lanmè, peye dlo a lèw pranl
2) Yon pat la lwa
3) Dlo repiyans 
4) Yon mak savon lave blan san sèvi 
5) Fèy monbenbata 
6) Grenn kanpe lwen
7) Yon balèn blan, limenl epi fè demand ou sou li

Melanje tout Sam diw yo nan yon kivèt blan oubyen yon ti kivèt san sèvi epi lage yon pyès monnen
nan beny lan. Epi al benyen metew fas solèy leve lè wap benyen an epi toujou kite balèn ou limen. 
Pa bliye prezante kivèt beny lan bay 4fasaf avanw komanse. Epi pendan wap benyen pale kozew
tankou ou ka di: Tout fos négatif ki sou mwen se pou yo soti. Tout vye bagay ki sou mwen ki
anpechem evolye m voye yo ale elatriye.
Byen konsantrew pandan wap fè travail sa pa kite moun deranjew.

Si gen yon bagay ou manke konprann poze kesyon paw la nan yon komantè poun ka réponn ou.
Ayibobo tout zansèt peyim.

Pou moun yo toujou ap rale kòb li men sa lap fè 


Lap ht 3 ti pake tabak anpoud
Yon kone poud arete dezòd 
7 grenn laj vyolèt
Yon pake roro li 
7 grenn sèl kwizin
 
Preparayon
wap pran yon ti bokal ki gen kouvèti 
Wap melanje tout bagay mete ladan ok
Lè wap mete roroli a 

Men sa wap di
Yo relew san konte 
Yo relew akrekre
Si yon moun ka rale tout grenn sa yo 
Yo mèt rale tout kòb mwen
Men si yo pa kapab se pou lajanm rete la 

Depi ou gen pyès sa a sou ou menmke yo ta mete yon bagay pou ou li pap touchew ok

POU W KA CHÈCHE DEBLOKAJ NAN BITASYON W

Wap rive nan bitasyon an


Wap chache yon pye bwa yo diw ki sèvi
Wap achte 3balèn wouj, ble ,blan
Wap achte kleren blan
Wap achte siwo kann
Wap al nan kafou pou jete kafe dous ak amè 
Wap fè liminasyon sa nan mouda pye bwa
Wap fè wonn pye bwa sa ak fari'n frans lan
Wap fè wonn li toujou ak siwo kann nan tou
Epiw limen 3balèn yo sou non bitasyon
Bò manmanw ak papaw
Pou mande saw bezwen an
Epi jete dlo jete kafe dous jete kafe anmè
Jete kleren tou 
Pou mande lapè frechè trakilite gras
Pou tèt wou delivrans
Pa bliye anvanw limen chandèl la
Konsakrel ak 4fòs kosmik yo
Epi ranje yon tikabann bò pye bwa
Bat pou yon ti dodo pwanw epi yap
Vini pale avèw!

Koman pouw benyen yon timoun kont Malfékté

Ou pwale chache Féy lougarou pranl sou pawol ou peye, se pa achte non souple
Wap bezwen yon zoranj si  vét
Yon Florida
Poud bb
Wap bezwen yon asyét blan yon kivét blan
Wap mete féy la nan kivét la  wap fwotel manmam ak papa kap fwote l di sa nou vle pou timoun
nan
Mete florida mete poud mete yon bó nan zoranj
Si a  léw finn byen melange l manman ak papa timoun nan ap benyen li a de byen benyen l.
Léw fini ou pire lot bó zoranj lan nan asyét blan mete Florida mete dife, apre    manman  ak papa
pitit la youn ap pasel bay lot nap travése l 7 fwa  apre fiksyonen timoun nan byen fiksyonen.
Asyét blan sa mete l anba kabann ou pou 7 jou
Ma Féy yo rés beny nan kivét la jete yo nan twalét

You might also like