You are on page 1of 2

Règ gramè ak sentaks kreyòl

Men kèk règ ki eksplike fonksyònman lang kreyòl.

• Yon fraz kreyòl se menm jan ak franse : Sijè + Vèb + Konpleman


Egzanp: [Pastè a] [preche mesaj Kris la].

• Gwoup non an se Non + Detèminan. Egzanp : [Pastè] [a]


Sòf pou kèk detèminan (endefini, nimeral, òdinal) ki plase avan non an.
Egz : Yon pastè / kèk bagay / premye bagay / senk pwen.

• Fòm detèminan atik defini an


La (a, nan, an) pou sengilye / yo pou pliryèl
Nou wè atik defini an plase apre non li detèmine a. Li kapab pran divès fòm daprè dènye
son ki nan mo li detèmine a.

- la apre yon konsòn oral (b, ch, d, f, g, j, k, l, p, r, s, t, v, z ak apre y epi w)


Egzanp : Kay la, solèy la, sik la.

- a apre yon vwayèl oral (a, e, è, i, o, ò, ou)


Egzanp: po a, chou a, fi a, manje a

- nan apre yon konsòn nazal (m, n). Egzanp : chanm nan, kann nan

- an apre yon vwayèl nazal. (an, en, on). Egzanp : pen an, ban an, pon an

• Lòt detèminan (demonstratif ak posesif)


- detèminan demonstratif la se : Sa a (sila a) pou sengilye epi sa yo (sila yo) pou
pliryèl.
Egzanp : Pastè sa a, kretyen sa yo

- detèminan posesif yo gen menm fòm ak pwonon pèsonèl yo (mwen, ou, li, nou,
nou yo). Yo Konn genyen pa avan epi fòm detèminan aktil la apre yo tou.
Egzanp : Bib mwen, bib mwen an, bib pa mwen an./ Bondye li, Bondye li a, bondye pa li
a.

• Fòm predika
An kreyòl, se pa toujou vèb ki ranpli fonksyon sa a. Nenpòt mo kapab ranpli fonksyon
predika a nan yon fraz.

- Predika vèbal (predika a se yon vèb)


Egzanp : Jak preche pawòl la. / Moun yo asepte levanjil la
- Predika nominal (predika a se yon non)
Egzanp : Jak pastè legliz batis depi 20 an. Mwen kretyen depi mwen timoun.

- Predika adjektival (predika a se yon adjektif)


Nou kontan la jodiya. / Ala moun yo entèlijan ! Mesaj la te long.

- Predika advèbyal (predika a se yon advèb)


Egzanp : Èske nou la ? Koze sa yo twòp pou nou.

- Predika gwoup prepozisyon


Egzanp : Pastè a nan legliz la. / Timoun yo nan lakou a.

N.B. Predika a pa dekline tankou an fransè oubyen panyòl. Li toujou gen menm fòm nan.
Se pwonon ki devan li a ki di ou nan ki fòm li ye.

• Kijan kreyòl esprime tan ?


Kreyòl divize tan daprè lojik tout moun : Pase / prezan/ lavni.

- Pou prezan an, kapab gen makè 0 devan predika pou montre aksyon an akonpli.
Kapab gen makè ap pou make aksyon an inakonpli.
Egzanp : Mwen li liv Ebre a. / M’ap li liv Ebre a.

- Pou pase, nou sèvi ak makè te pou montre aksyon an akonpli epi makè te ap (t’ap)
pou montre aksyon an pa ko akonpli.
Egzanp : Lè ou te rele m nan mwen te soti. (Mwen pa te la, mwen te gentan soti).
E : Lè ou te rele m nan mwen t’ap soti (Lè telefòn nan sonnen an mwen t’ap kite lakay
mwen men mwen te la toujou.)

- Pou lavni (fiti) nou mete ap, va, pral, ava, a devan predika a.
Egzanp : Mwen pral pale avèk ou talè. M’ap vin wè ou demen. M’ava wè li, m’a konnen
li, lè m’a kanpe bò kote Jezikri.

You might also like