You are on page 1of 6

Rapèl : Kou gramè kreyòl / Segondè IV

Preparé pa : Me Evens SERVIL, av

Nati mo (kategori gramatikal)


1-Non
Nou batize non yon mo ki pèmèt nou endike yon moun, yon bèt, yon objè kèlkonk oubyen
yon reyalite.
Egz. : Vital, Woje, manman, tifi, chen, ban, wout, chèz, lanmou, pèp, lajwa,….
2-Pwonon
Yon pwonon se yon mo ki ranplase yon non oubyen yon gwoup non pou evite yon repetisyon.
Nou distenge : pwonon pèsonèl, pwonon demonstratif, pwonon posesif, pwonon relatif,
pwonon endefini, pwonon entèwogatif.
2.1. Pwonon pèsonèl : mwen, ou, li, nou, nou, yo.
2.2. Pwonon demonstratif : sa (sa a, sa yo) ; sila( sila a, sila yo)
Pwonon demonstratif yo plase devan oubyen dèyè yon predika.
Egzanp : Pran sa a. / Pran sa./ Sa yo monte./ Sa a ale.
2.3. Pwonon posesif : pa mwen,pa ou,pa li, pa li a, pan ou an,pan ou an, pa yo a.
Pwonon posesif yo plase devan oubyen dèyè predika.
Egzanp : Pa mwen an sou tab la.
Pwonon posesif yo fòme apati pwonon pèsonèl yo (ekspresyon posesè) epi ak eleman « pa »
ki eksprime objè posede a. Pou plis presizyon pafwa yo itilize yon detèminan.
Egz. Pran pa mwen an pou mwen.
2.4. Pwonon relatif
Jeneralamn,nan lang kreyòl la « Ki » se mo ki jwe wòl pwonon relatif. Li kapab plase dèyè
oubyen devan yon predika.
Men mo sa yo ka jwe wòl pwonon relatif lè yo plase dèyè yon vèb : a, an, la, nan)
Kay Jak rete a bèl. ( La maison où habite Jacques est jolie.)
2.5. Pwonon endefini
Pwonon endefini yo endike kantite epi yo eksprime sa ou pa kapab defini. Yo kapab plase
devan oubyen dèyè predika : plizyè, tout, okenn, kèk, anpil, youn, de,…
Egzanp : Plizyè kraze nan kay yo.
Mwen achte youn.
2.6. Pwonon entèwogatif
Nou jwenn de (2) tip pwonon entèwogatif nan kreyòl la : « sa, kisa » pou inanime epi
« kiyès » oubyen « kilès » pou anime.
Egzanp : Sa ou di ?
Kisa ou di ?
Pafwa de pwonon sa yo konn egzije prezans yon pwonon relatif.
Egzanp : Sa ki pou ou la a ?
Kisa ki pou ou la a ?
Kiyès/kilès : pou anime
Egzanp : Kiyès ou ap tann la a ?
Kilès konn anplwaye pou inanime, lè li reprezante yon eleman nan yon gwou[ oubyen nan
yon ansanm.
Egz. : Kilès ou ap achte nan òdinatèsa yo.
Kilès bezwen yon pwonon relatif pou li jwe wòl sijè.
Egz. : Kiyès ki kraze machin nan ?
3-Vèb
Yon vèb se yon mo ki esplike nan ki eta yon moun, yon objè(yon bagay), yon èt vivan ye ;
oubyen se yon mo ki esplike yon aksyon oubyen yon eta.
Egz. : bale, tayem fimen, fini, chita, resevwa, chante, benyen, mache, pale,…
4-Advèb
Yon advèb se yon mo ki plase bò kote yon lòt avèk wòl pou make sans mo sa a, savledi pou
pote yon sèten presizyon oubyen yon ti varyant. Yon advèb se yon makè. Yo pa chanje fòm sa
vle di yo envaryab.
Klasman advèb yo
Nou klase advèb yo daprè sans yo, an advèb ki kapab eksprime lamannyè, kantite oubyen
entansite, tan, lye, afimasyon, negasyon, dout.
a) Advèb mannyè : dousman, vit, rapid, mal, byen, gratis, debou, eksprè, ansanm,…
Nou kapab ajoute yon kantite advèb ki genyen « man » nan finisman tankou : fasilman,
malman, lejèman, rapidman,…
Advèb mannyè reponn ak kesyon : Kòman ? Ki jan ?
an) Advèb kantite : Li endike nonm ak kantite : ase, twòp (twò), anpil, plis, tèlma, tout,
bokou, prèske, tout,…
Advèb kantite reponn ak kesyon : konbyen ?
Egz : Mèsi anpil.
b) Advèb tan : Li fè konnen kilè aksyon oubyen eta a fèt : yè, demen, jodiya, kounyeya,
ankò, pafwa, souvan, anreta, touswit, avanyè, talè, pita, atò, toutalè, toutan, toujou, davans,…
advèb tan an reponn ak kesyon ; kilè ?
Egzanp : Mwen ap vini wè ou demen.
ch) Advèb lye : Li endike kote aksyon an ap pase a : anwo, anba, dèyè, nan mitan, isit, laba,
toupatou, touprè, anvan, anndan, ladan, la, deyò,isi, isit, lwen, atè, anlè, kote, toukole,
lòtbò,kote,bò…
Advèb lye reponn ak kesyon : ki kote ? ki bò ?
Egz. : Mwen kouche anndan an.
d) Advèb afimasyon : Li sèvi pou bay asirans : wi, asireman, reyèlman, san okenn dout,
vrèman, sètènman, an verite.
Egz : Sètènman, mwen ap vin travay.
e) Advèb negasyon : Li nye yon bagay, li fè konnen aksyon oubyen eta a pa pase : pa, non,
nonplis, jamè, janm, nanpwen, pèsòn, ditou,poko, paka…
Egz. : Pèsòn pa vini nan fèt la.
è) Advèb dout : Li fè konnen ou pa fin kwè nan sa predika a endike a : petèt, san dout,…
en) Advèb entèwogasyon : Yo entwodui yon fraz kesyon : kibò ?, ki kote ?, kijan ?, kilè ?,
konbyen ?, kouman ?, Poukisa ?
f) Advèb opinyon/ jijman : pwobableman, dapre, anverite, selon,toutbon, sètènman,…
g) Advèb lyezon : Yo mare yon lide ak yon lòt ki ap suiv : epi – se konsa – konsa - ansuit

5-Adjektif
Nou distenge plizyè nan lang kreyòl ayisyen :
a)Adjektif kalifikatif : endike kalite, defo oubyen karakteristik sa ki an mouvman oubyen sa
ki pa an mouvman. Se eleman leksik yo ye.
Men kèk :bèl, entelijan, nwa, ble, kare, brigan, mechan, janti, gwo, gra, gran, vye, jenn, frèt,
cho, parese, onèt, bon, kout, ti, dwòl, fen, long,won, nèf,
Egz. : Li fè yon bèl pitit gason.
Remak : Adjektif kalifikatif la kapab plase devan oubyen dèyè non li kalifye a.
Li mete yon vye kòl nwa.
an) Adjektif demonstratif : Nou sèvi ak adjektif demonstratif la, lè n bezwen moutre moun
yo, bèt yo oswa bagay yo n ap pale de yo a. Yo toujou viniapre non yo detèmine yo. Lis adj,
demonstratif yo, se :
Sengilye Pliryèl
Sa, sa a, sila a sa yo, sila yo
Egz. : Mèt sa a gen anpil bon bèt sou li.
Elèv sa yo entelijan anpil, anpil.
Remak : Nou itilize « sa » pou endike li pre epi « sila » li lwen.
b) Adjektif posesif : Nou sèvi ak detèminan adjektif possif yo nan kreyòl la pou n endike
kilès ki mèt : moun yo, bèt yo oswa bagay yo. Yo toujou vini apre non yo detèmine yo.
Men yo :
Sengilye Pliryèl
Mwen, mwen an Mwen yo
Ou ou a ou yo
Li, li a li yo
Nou, nou an nou yo
Nou, npu an nou yo
Yo, yo a yo
Egz : a) Plim mwen an pèdi. an) Devwa li a pa bon.
b) Tout elèv yo te fè devwa yo.
ch) Adjektif endefini : yo detèmine non yo san y opa bay twòp presizyon (enfòmasyon) sou
yo. Adjektif endefini yo toujou mache avan non yo detèmine yo. Lis detèminan adjektif
endefini yo, se :
chak – tout- plizyè- nenpòt- anpil- divès- pèsòn- okenn- pyès,…
Egz. : Jak pran divès mango nan panyen an.
Chak moun gen defo pa l.
Okenn elèv pa fè nòt.
d) Adjektif nimeral
Gen de kalite adj. nimeral nan kreyòl la :
-Adj. nimeral kadinal : sa yo sèvi pou konte, tankou : en, de, twa, ven, senkant, san, mil,
milyon,…
-Adj, nimeral òdinal : sa yo sèvi pou n maker an, sa vle di : pou n montre kilès ki premye,
dezyèm, twazyèm, ventyèm, santyèm,milyèm,… nan yon gwoup.
Egz. : Riko achte moto a pou san mil goud.
Pou egzamen mwa sa a, Menndèl premye,Jwani dezyèm.
6-Prepozisyon
Prepozisyon se mo ki kapab mete an relasyon yon konstitiyan nan yon fraz ak yon lòt
konstitiyan fraz la.
Men kèk prepozisyon : ak , avèk, sou, anwo, devan, dèyè, deyò, depi, nan, pandan, kole, san,
sou, pou, pami, anvan, selon, bò, nan mitan, toupatou, vizavi, lakay, anfas,ant, jouk, jis,
eksepte, kont, …
Li ekri sou ban an.
Reamak : Nou rankontre tou yon seri tèm yo rele lokisyon prepozitif.
Men kèk : pa anndan, bò kote, pa deyò, sou anlè, sou anndan, bò dèyè, sou kote, pa bò isit…
Atansyon : Gen kèk prepozisyon (anba, anwo, anlè, anndan, devan,…) ki sanble ak advèb
nan itilizasyon yo. Pa egzanp, lè yo plase nan fen fraz la oswa yo gen yon atik ki plase aprè
yo, yo se advèb, lè yo akonpaye yon gwoup non yo se prepozisyon.
Egzanp : Jak chita anba a. (advèb)
Mako chita anba tab la. (prepozisyon)
7-Atik
Detèminan atik se yon ti mo ki mache ak yon non, yon gwoup non oubyen yon adjektif
kalifikatif nan fason pou pote plis detay sou bagay la (non, G. non)
Nou distenge 2 kategori atik nan kreyòl la :
a)Det. Atik defini : Yo menm, yo bay anpil presizyon sou non yo detèmine yo. Atik defini yo
toujou mache apre mo yo detèmine a.
Lis atik defini yo, se :
Sengilye pliryèl
A, la (lan), an, nan yo
Dèyè non
Egz : Poul la manje mayi a.
Ban an kraze anba elèv yo.
Dèyè adjektif kalifikatif
Soulye nwa a .
Pantalon blan an chire.
Dèyè yon prepozisyon
Boul la travèse pa bò isit la.
Dèyè yon vèb
Mwen wè kote Mak chita a.
an) Det. Atik endefini
Det. Atik endefini an detèmine non yo san presisyon. Li toujou vini anvan non l detèmine yo.
Nou jwenn yon sèl mo ki se « yon ». Li toujou sengilye. Si yo ta mande n jwenn pliryèl li, n
ap annik ajoute apre yon an « bann osinon, pakèt »
Segilye pliryèl
Yon = un, une yon bann, yon pakèt = des
Egz. : Mèt la ban m yon kado.
Gen yon pakèt ( bann) fèy bwa nan lakou a.

8-Entèjeksyon
Entèjeksyon se yon mo oswa yon gwoup mo ki nan fraz ki eeksprime yon gran relasyon
emosyonèl. Li fè konnen si nou fache, si nou sezi, si nou dekouraje…
Men kèk entèjeksyon
Adye ! Bondye ! frenk ! Ayayay ! enben ! hoy ! ouf ! enben ! krik krak ! wipip ! ey !
Mezanmi ! zafè ou ! Anmwey ! koumanman ! wouh ! Tonè ! Podyab ! Wifout ! Alamizè !
Mesye ! Alatraka ! olala !, Woy…
Remak : pa bliye apre yon entèjeksyon, genyen toujou yon pwen ekslamasyon ( !)
9-Konjonksyon
Yon konjonksyon se yon makè ki fè lyezon ant 2 mo, ant 2 gwoup mo.
Gen 2 kalite konjonksyon :
-Konjonksyon ki rakòde 2 mo oubyen 2 gwoup mo kingen menm wòl y ap jwe nan fraz la : yo
rele yo konjonksyon kowòdinasyon.
-Konjonksyon ki make depandans youn genyen anvè lòt la : yo rele yo konjonksyon
sibòdinasyon.
a) Konjonksyon kwòdinasyon : fè lyezon ant 2 gwoup mo ki jwe menm fonksyon.
Men kèk: ak, avèk, okontrè, e, donk, oubyen, epi, men, ni…ni,…
Egz. : Nou bezwen kaye ak liv.
Nou pral travay epi nou va repoze.
an)Konjonksyon sibòdinasyon : rele 2 gwoup fraz ki jwe menm fonksyon.
Men kèk : afòs, paske, malgre, akòz, pandan, amwenske, pase pou, apre, anvan(avan), pou,
depi, poutèt sa, si, jan, kòm, konsa, kòmsi, jouk, kou, sòf si, olye, sizoka, tankou, depi, osinon,
lè (lò), depi,…
Egz. : Mwen pa vle manje paske mwen gen vant fè mal.

You might also like