You are on page 1of 13

Ki sa Dekoksyon ye?

1. >
2. Aprann Fè Remèd>
3. Ki sa Dekoksyon ye?

Ki sa Dekoksyon ye?
 Post published:14 juin 2022
 Post category:Aprann Fè Remèd
 Post comments:0 commentaire

DEKOKSYON = Se lè w bouyi plant yo.

Men Ki jan w fè sa jeneralman:

Mete 30 g plant/fèy frèch, oswa 25g plant sèch, nan 4 tas dlo (ki bay anviwon 1 lit),

a) Bouyi plant lan (yo) pandan 5-10 minit nan yon veso ki bouche ak yon kouvèti.

b) Lè l fin bouyi, retire l sou dife a, kite l tyèd epi pase nan paswa oubyen yon grèp pou wete ma yo.

Pinga nou bouyi plant yo twòp pou elimine pwopriyete (ajan aktif) ki nan plant yo. Chak plant gen yon nivo
chalè li ka tolere, fè atansyon pou pa depase l. Sinon, se dlo koulè n ap bwè men se pa te vre paske tout benefis
yo ap fin detui.

_________///________________///__________///____________
Ki sa Enfizyon ye?
1. >
2. Aprann Fè Remèd>
3. Ki sa Enfizyon ye?

Ki sa Enfizyon ye?
 Post published:14 juin 2022
 Post category:Aprann Fè Remèd
 Post comments:0 commentaire

ENFIZYON = Se lè w bouyi oswa prèske bouyi dlo a epi w vide l sou plant la ou toufe l.

a) Vide anpe dlo bouyi sou 30 g plant frèch (25g si l sèch)

b) Toufe l ak yon kouvèti epi kite l poze

c) Lese te a tyèd epi pase nan paswa oubyen yon grèp pou wete ma yo.

Gen enfizyon solèy:

Lè sa w mete plant nan dlo frèch epi w kouvri resipyan ki gen dlo ak plant lan, ou mete l nan solèy oswa yon
espas soèy la bat sou li.

Gen enfizyon lalin: Ou fè menm bagay la men w lese deyò ekspoze anba lalin lan. Gen dòz espesyal pou sa.

________________///___________///___________

De (2) Mannyè Prensipal Pou Prepare Remèd Fèy: ak Dlo oswa


Alkòl
1. >
2. Aprann Fè Remèd>
3. De (2) Mannyè Prensipal Pou Prepare Remèd Fèy: ak Dlo oswa Alkòl
De (2) Mannyè Prensipal Pou Prepare
Remèd Fèy: ak Dlo oswa Alkòl
 Post published:10 juin 2022
 Post category:Aprann Fè Remèd
 Post comments:0 commentaire

Toutan n ap bouyi te, men li enpòtan pou n konn fason efikas pou n prepare remèd fèy yo. Anpil fwa nou mal
prepare plant yo non sèlman nan fè vye melanj ki kont-endike men tou nan jan nou prepare remèd fèy la. Gen
moun ki bouyi fèy yo twòp jiskaske yo rive detwi, redui oswa andomaje prensip aktif yo bezwen nan plant lan.

I).- PREPARASYON REMÈD FÈY: 2 Kategori Preparasyon Nou Ka Itilize Pou Pi Bon Rezilta. Fason pou
Prepare Te Ki Fèt ak Dlo:

LÈ N AP PREPARE TE AVÈK DLO, gen de (2) jan jeneralman nou ka fè sa:

1) Swa nou fè “DEKOKSYON“

oswa,

2) Nou fè “ENFIZYON“

DEKOKSYON = Se lè w bouyi plant yo.

Men Ki jan w fè sa jeneralman:

Mete 30 g plant/fèy frèch nan 4 tas dlo (ki bay anviwon 1 lit),

a) Bouyi plant lan (yo) pandan 5-10 minit nan yon veso ki bouche ak yon kouvèti.
b) Lè l fin bouyi, retire l sou dife a, kite l tyèd epi pase nan paswa oubyen yon grèp pou wete ma yo.

ENFIZYON = Se lè w bouyi oswa prèske bouyi dlo a epi w vide l sou plant la ou toufe l.

a) Vide anpe dlo bouyi sou 30 g plant frèch

b) Toufe l ak yon kouvèti epi kite l poze

c) Lese te a tyèd epi pase nan paswa oubyen yon grèp pou wete ma yo.

POZOLOJI KI PI SOUVAN ITILIZE POU DEKOKSYON AK ENFIZYON:

Se 1 tas (250 ml apeprè) pou bwè 3 fwa X jou.

KONSÈVASYON:

Ou dwe bwè ou itilize tout te ou fè ak dlo (pa ak alkòl) nan espas 24 èdtan pou randman ak sekirite; epi
konsève l byen nan espas plizoumwens frèt.

II).- LÈ N AP ITILIZE ALKÒL NAN PREPARASYON AN: KONPOZE / TRANPE / KÒS


(ALKÒLATI & TENTI)

N ap jis touche 2èm kategori a men nou p ap rantre nan detay; detay la pou pita nan yon lòt pòs. Men li
konsènen plant nou prepare avèk kleren oswa ak alkòl yo tankou lè n ap monte boutèy kòs elatriye:

Lè w ap fè yon Konpoze/Tranpe/Kòs/Rasin (nan langaj teknik nou ka di yon: Alkòlati oswa Tenti), lè sa ou
itilize yon yon alkòl: alkòl etilik (oubyen etanòl), Wonm oubyen klere lokal tankou Rhum Barbancourt,
(ideyalman ki 70°, men tout alkòl ki koumanse nan 50° oswa 55°, 60° ou ka itilize yo tou). 5 Etwal la rive 86°.

N a rantre nan detay sou itilizasyon kleren an yon lòt fwa. Gen te dous, gen te sèl. Tout 2 enpòtan swivan ki
kalite plant ou te w ap bay ak pou ki maladi oswa nan ki ògan ou vle dòz ou konpoze a rantre.

ENPÒTAN: Li enpòtan nou fè atansyon ak plant yo epi trete yo tankou tout medikaman. Pa monte mal sou yo,
mande prensip ak dozaj yo si n pa konnen, epi toujou mande pwofesyonèl swen sante n ou doktè n konsèy
medikal anvan nou konsome yon plant sitou si n deja malad ou nan preskripsyon.

_____________\\\\\____________\\\\\\____________

Aprann Melanje Plant Pou Fè Remèd


1. >
2. Aprann Fè Remèd>
3. Aprann Melanje Plant Pou Fè Remèd
Aprann Melanje Plant Pou Fè Remèd
 Post published:10 juin 2022
 Post category:Aprann Fè Remèd
 Post comments:0 commentaire

Tout moun ka vin maton nan konpoze remèd fèy pou pwoteje ak pwolonje lavi yo ak antouraj yo. Se aprann
pou vin konnen. Se konnen ki fè.

Nou plis prefere pale sou “fòmil” oswa “dòz” remèd fèy ou plant olye nou itilize mo resèt la. Fòmil remèd fèy
oubyen dòz yo se yon melanj sinèjik oubyen yon konpozisyon maton kote n reyini plizyè plant ansanm pou
ranfòse ou miltipliye pouvwa terapetik ou fòs netrisyonèl plant sa yo pou trete ou fè prevansyon kont maladi.
Lè plant yo melanje yo bay yon lòt kichòy ki diferan ak jan yo ye lè w itilize yo pou kont yo. Chak koze gen
prensip pa l. Se pou sa yo konn itilize konsèp alchimi nan domèn remèd fèy tou paske pwosesis oswa atizay
nou itilize nan marye plant ak plant pou transfòme ak konpoze yon lòt sibstans (dòz) la se sa menm ki fondas
Alchimi an. Se konenn ki fè. Yon doktè fèy pa yon jwèt.

Nou Tout Ka Aprann Manipile Plant yo

Nenpòt moun ka aprann konpoze ou itilize dòz fèy yo. Se pa sèlman moun ki gen don ki gen dwa fè gerizon ou
sèvi ak fèy ann bwa. Depi w aprann ak swiv prensip fondamantal yo w ap kapab fè mirak ak plant yo. Men se
pratik ki pral ba w abilite ou bezwen an. Nan Remèd Fèy Ayisyen an, sa ki pi enpòtan se lè w pèse etap kote w
amonize ak plant yo, lè sa w nan dimansyon pou kominike ak plant yo nan respè youn pou lòt, lè sa nou tabli
yon relasyon vibratwa ou entim; nan moman sa, tout koze yo konn vini pa ensten. Moun ki gen don yo deja
gen dimansyon sa davans.

Gen 3 Pati Fondamantal Ki Enpòtan Pou Konpoze Fòmil ou Dòz ak Plant yo. Metòd la dwe tankou yon triyang
oswa dyagram ki gen 3 pwent. Men 3 pwent yo oswa klas plant ou bezwen nan fòmil la:

1) Manman Plant oswa Plant Kle (Plant Prensipal) |70%-80%|

2) Plant Sipò |15%-20%|

3) Plant Koutye (Plant Aktivasyon | Katalizè) |10%-15%|

1) Manman Plant (Plant Prensipal | Primè)

Plant kle yo se manman plant ki nan fòmil la ki la pou trete ou kontrekare pwoblèm sante w ap adrese a.
Manman plant yo se anviwon 3/4 nan fòmil la. Ou ka itilize plizyè plant an menm tan pou jwe wòl plant kle
nan yon melanj fèy. Tout plant nan bwa gen dwa jwe wòl manman plant nan yon dòz remèd fèy swivan ki sa w
ap chache reyalize ak remèd w ap konpoze a. Jeneralman plant prensipal sa yo, pa dwe depase fouchèt 70%-
80% melanj la. Yon alchimis avanse nan domèn nan kapab opere deyò fenèt pousantaj sa yo men se konnen ki
fè.

2) Plant Sipò

Lè w fin melanje Manman Plant yo ansanm, se apre sa pou w ajoute “plant sipò” yo pou kontinye konpozisyon
dòz la. Wòl nouvo plant sa yo se fòtifye, ranfòse, amòti oswa sipòte “manman plant” yo nan malaksaj dòz la.
Yo nan resèt la presipalman pou fasilite efikasite ak transpò prensip aktiv ou byenfè plant manman yo, epi sa
ki enpòtan plant sipò yo jwe wòl amonizatè pou plant kle yo. Plant sa yo varye: yo nitritif se vre men souvan
yo on ti jan lakòl lakòl, tankou yon glis sa ki pèmèt yo amonize dòz la tou; yo se plant trankilizatè, se kalman
yo ye, yo kalma melanj lan, yo amòti ou regilarize dòz la nan vibrasyon ou frekans nou nòmal la. Plant sipò yo
dwe nòmalize dozaj fòmil w ap konpoze a. Plizyè plant ka jwe wòl sipò nan yon dòz an menm tan. Ansanm yo
okipe yon pousantaj lejèman depase yon 1/2 ka nan yon melanj; li varye nan fouchèt 15%-20% nan melanj lan.

3) Plant Koutye (Plant Aktivasyon | Katalizè)

Twazyèm kouch plant ki rantre nan monte dòz la se yo ki pral jwe wòl katalizatè pou aktive pouvwa tout plant
ki nan resèt la alawonnbadè nan nivo doktè fèy la oswa moun k ap fè melanj lan bezwen an. Men wòl prensipal
yo se aktive sistèm kò nou oswa aparèy nan kò a nou vle fokis sou li a pou kò moun nan ka byen resevwa dòz
la. Plant sa yo soti nan klas plant cho yo, plant stimilan yo, ki fè w twalèt souvan (laksatif), ki fè w pipi anpil
yo (dyeretik), plant ki fè w swe anpil yo (dyaforetik). Plant Katalizè yo se yo ki pran pi piti espas nan dòz la: se
anviwon 10%-15% nan fòmil remèd plant w ap monte a. Se kategori plant sa yo ki poze aksyon katalizay la, sa
vle di ki kreye yon pouse pou elimine blokaj ak fasilite dòz la rantre kote l dwe rantre nan kò a.

Si n renmen travay la, an nou envite moun vin Like | Abòne ak paj la. Se konsa w ap jwenn plis klas mèt nan
domèn Medsin Fèy la.

________________________///_______________/////______________________

#Medikaplant | #Vye_Ewòl | #Aprann_Fè_Te | #Konpoze_Dòz | #Fòmil_Remèd_Fèy | #Manman_Plant |

Kèk Prensip Jeneral Pou Prepare Te Plant


1. >
2. Aprann Fè Remèd>
3. Kèk Prensip Jeneral Pou Prepare Te Plant

Kèk Prensip Jeneral Pou Prepare Te


Plant
 Post published:10 juin 2022
 Post category:Aprann Fè Remèd
 Post comments:1 commentaire
Tout règ toujou gen eksepsyon men jeneralman gen yon estanda nan mannyè nou manipile plant yo swivan ki
pati nan plant lan n ap itilize pou fè remèd. Men kèk prensip fondamantal pou prepare dòz yo depan ki pati nan
plant lan n ap itilize tankou fèy, rasin, grenn, kòs, fwi, djondjon:

A) Fèy – Ou bezwen toufe ou chode yo nan dlo cho nan yon veso ki kouvri ou bokal fayans ki byen bouche
pou omwen 21-27 minit ou plis tan toujou. Ou ka fè dekoksyon tou, sa vle di, bouyi fèy la sou dife 7-10+ min,
tan an ka varye swivan plant lan ou nesesite.

B) Rasin – Pandan yon peryòd anviwon 21-47 min ou dwe mete yo nan yon veso dlo sou dife, lese l kalma
byen kalma san ou pa kite l dlo a bouyi. W ap lese l sou dife a pou l chofe lejèman (mijote = simmer) dekwa
pou rasin yo ka rann tout benefis yo san domaj.

CH) Grenn – Nan ka grenn yo, jeneralman se enfizyon yo rekòmande, men nan majorite ka, yo pile, moulen,
kraze oswa blennde grenn yo, pafwa menm itilize yo an poud anvan yo tranpe yo sou fòm enfizyon.

D) Kòs – Teknik yo itilize pou kòs yo ka varye swivan ki kalite kòs y ap itilize pou konpoze dòz la. Nan
majorite ka akòz kòs yo di anpil, se bouyi yo bouyi yo, se sa nou rele dekoksyon. Men gen kèk kòs ki gen lwil
esansyèl ladan yo ki volatil anpil, lè w ap manipile kòs sa yo, ou oblije chode ou tranpe yo pito, lè sa w itilize
teknik nou rele enfizyon an.

E) Fwi – Pi souvan li preferab pou n konsome fwi plant yo kri, nan eta òganik, pou n ka jwi tout benefis fwi sa
ofri. Se sou fòm sa fwi yo pi efikas. Men tou ka fè ji ak yo, nan kèk ka patikilye nou konn fè dekoksyon ak po
fwi a oubyen redui fwi a anpoud pou itilize sou lòt fòm, sa ki ka mande pou w gen ekspètiz nan domèn lan
pafwa pou byen manipile l nan sans sa. Li pa konseye, sof nan ra ka gen plant ou ka fè sa, pou nou bouyi fwi
yo.

F) Djondjon (chanpinyon) – Depi se ak djondjon ou annafè sitou djondjon ki seche, se bouyi pou w bouyi yo,
itilize teknik dekoksyon, pou ou kapab fè yo rann tout chay nitriman yo gen anndan yo ki boure ak polisakarid.

SONJE SA:

– Pataje pou ede lòt aprann. Pataje, mande abòne ak paj la pou sipòte.

– Medsin Fèy Ayisyen an pa domèn pou nou lese nan men chalantan nan atoufè k ap di pa yo pi bon sou
pretèks pou fouye pòch nou. Se konnen ki fè! Toujou gade rezilta yo. Sante se dwa inivèsèl tout moun dwe
posede, fèy nan bwa yo la pou ede n pwoteje ak pwolonje lavi. Pran kontwòl pwòp sante nou, nou dwe premye
doktè tèt nou e sa n ap mete nan kò nou dwe premye medikaman nou. Konsa lavi n ap long.

____________////__________///___________///_________

Lis Tèm Teknik


1. >
2. Langaj Teknik>
3. Lis Tèm Teknik
Lis Tèm Teknik
 Post published:10 juin 2022
 Post category:Langaj Teknik
 Post comments:1 commentaire
– Alopesi: Chit/pèt cheve ou pwèl
– Anjin: enflamasyon nan gòj
– Kaminatif: ki elimine gaz nan vant
– Depiratif: ede elimine move sibstans toksik yo soti nan òganis yo
– Dismenore: doulè règ, règ difisil.
– Amenore: règ pa vini, absans règ
– Non syantifik: se sou non sa yo rekonèt plant lan nan kominote syantifik la. Li ede idantifye plant yo: Ekz,
jis tape l sou Google, l ap ba n foto + non plant lan nan lòt lang.

……….Lis l ap grandi ti pa ti pa.


Relasyon konplike
Ayisyen genyen avèk
remèd tradisyonèl e
remèd oksidantal
MAY 5, 2015 by DR. FRITZ-GERALD LAURENT 0 0 0 0 1
This post is also available in: English
This post is also available in: English

Nou tout konn tande pale de efikasite sa nou menm Ayisyen nou rele Asowosi a. Kwayans lan se
li ka geri anpil maladi tankou pwoblèm bann, maladi sik, maladi tansyon, kolestewòl, ak lòt
pwoblèm dijestif. Nou menm konn fè blag sou jan lwil maskreti/maskriti se remèd ki geri tout
bagay: kòmanse sou moun ki fè chit, rive sou grip. Pandan mwen ap ekri atik sa, mwen raple’m
eksperyans mwen lè mwen te timoun ann Ayiti kote ni grann mwen, ni manman mwen te toujou
genyen yon te espesyal ki koresponn ak tout sitiyasyon. Jisakprezan, chak fwa mwen panse ak te
asowosi, figi mwen mare. Si’w bwè te sa deja, ou konnen jan li gen move gou. Nenpòt maltèt
oubyen fyèv mwen te genyen, mwen te deja konnen te asowosi a te nan wout. Mwen pa te
renmen’l, mwen te kwè ke li t’ap fè’m refè. Remèd lakay se toujou premye e pafwa sèl grenn liy
tretman nan kominote ayisyen an. Kesyon ki devan nou jodia se: èske tretman sa yo mache vre?
Eske yo san danje? Eske poukont yo yo ka trete/geri yon moun ki malad? Epi, poukisa anpil
Ayisyen pa vle resevwa swen medikal oksidantal (modèn)?

Nan domèn medikal la, yo konsidere trètman majorite doktè itilize kòm remèd konvansyonèl.
Remèd konplemantè ak altènatif se yon gwoup de pratik medikal e pwodwi ki pa soti de lòdinè.
Yon tretman ki pa soti de lòdinè ap tonbe nan kategori konplemantè a si ou itilize li avèk remèd
konvansyonèl. Yon egzanp se lè yon moun bwè kafe amè ansanm avèk konprime pou doulè. Yon
tretman ap vin tonbe nan kategori altènatif la, si ou itilize li nan plas remèd konvansyonèl. Yon
egzanp se lè yon moun itilize kafe amè kòm sèl tretman pou yon maltèt. Anpil moun kwè ke
majorite Ayisyen tonbe nan dènye kategori a paske pou nou gen 2 kalite maladi: se swa li se
maladi Bondye (natirèl), oubyen li se move maladi (move lespri/dyab). Maladi natirèl an jeneral
pa dire lontan. Maladi sa yo ka rive souvan e se anviwonman nou ki koz yo tankou: manje ki mal
prepare, dlo ki pa potab, lè ki polye elatriye. Nou konsidere maladi ki parèt bridsoukou e ke nou
paka eksplike kòm maladi mistik e trè serye. Nan ka sa yo, anpil al ka yon Ougan pou al chèche
konnen ki tretman lwa yo genyen.
zansèt nou yo pat konn ekri pratik sa yo, ki vle di pa te
genyen yon apwòch sistemik. Ki vle di ke anpil nan pratik
ak remèd lakay nou yo pase de bouch an bouch. Pi bon
memwa ke nou kapab raple nou se lè grann te konn
bouyi yon ti bonm te jenjanm pou fanmi an.
Anpil nan remèd tradisyonèl/altènatif yo ke nou konnen yo se tradisyon kiltirèl ki pase de yon
jenerasyon a yon lòt. Kondi yon kòlèg mwen, Sherley Accime, yon terapis lisansye e ekspè nan
domèn sante konplemantè, “zansèt nou yo pat konn ekri pratik sa yo, ki vle di pa te genyen yon
apwòch sistemik. Ki vle di ke anpil nan pratik ak remèd lakay nou yo pase de bouch an bouch. Pi
bon memwa ke nou kapab raple nou se lè grann te konn bouyi yon ti bonm te jenjanm pou fanmi
an. Malgre peyi oksidantal yo konsome anpil manje ki pa natirèl, te jenjanm se remèd ki pwoteje
kò a kont bakteri, ede avèk dijesyon, e ede kò a degaje enèji. Yon lòt tradisyon ke nou pa janm
bliye, se jan depi tou piti, yo te pale nou pou nou pa manje kay moun, men manje lakay ou pito.
Lasyans modèn konfime benefis ke moun jwenn nan jenjanm, yon konesans ke Ayisyen te
genyen depi dik dantan; manje lakay siyifye manje manje ki prepare avèk entansyon, lanmou,
swen e epis ki bon pou lasante.

Nan yon etid ke Memorial Sloan-Kettering Cancer Center a fè, yo jwenn ke Asowosi/Asosi
(Momordica charantia) gen plizyè benefis tankou: prevansyon kansè, tretman pou
sik, lafyèv ak enfeksyon. Se vre ke nan kèk eksperimantasyon nan laboratwa ki montre benefis li,
men yon kosyone ke “gen plis etid ki pou fèt pou rekòmande itilizasyon li.” Nan zafè itilize
Asowosi/Asosi pou konbat maladi sik, plizyè etid ki fèt sou bèt ak lòt ti etid ki fèt sou moun
demontre ke Asowosi/Asosi ka desann nivo sik moun. Anplis, yon etid an 2014 bay prèv ke lè
yon moun konsome Asowosi/Asosi kri oubyen nan ji, li ka efikas pou desann nivo glikoz nan
san.

Konya ke nou vin aprann, anpil nan pratik ke granmoun nou pat ka eksplike yo, genyen merit
syantifik. Anpil lòt remèd tradisyonèl vin antre nan remèd konvansyonèl la. Anpil nan
preskripsyon medikaman ki disponib jounen jodia gen orijin yo nan sa grann nou te konn bay
nou yo. Kòmanse sou kafe amè pou maltèt (nou vin wè ke kafeyin se youn nan engredyan aktif
nan Excedrin), rive sou tout benefis nou jwenn nan myèl, oubyen sitwon ak anpil lòt fèy, kilti
nou an rich nan fason pou trete anpil kondisyon. Malgre benefis ke nou jwenn nan lanati ak tout
remèd lakay, fòk mwen avèti nou pou nou pa depann twoòp sou remèd sa yo pou tout maladi.

Jenerasyon nou an dwe ale pi lwen ke zansèt nou yo pou


nou konprann remèd tradisyonèl la syantifikman, kontni
yo, eleman yo, efè segondè e jan yo reyaji ak lòt
medikaman. Nou pa janm konnen, petèt remèd
konvansyonèl la ap benefisye de rechèch sa.
“Majorite remèd altènatif/tradisyonèl pa nesesèman danjere” deklare zanmi mwen, yon medsen
ki ap pratike medsin an Ayiti Karry Jose Felix. “Pou nou menm doktè byen komprann pasyan
nou yo, nou dwe konsidere kwayans paysan an, tradisyon li, olye nou inyore yo. Nou dwe toujou
konsidere ki enpak serye ke kwayans pasyan an ka genyen sou maladi a. Jenerasyon nou an dwe
ale pi lwen ke zansèt nou yo pou nou konprann remèd tradisyonèl la syantifikman, kontni yo,
eleman yo, efè segondè e jan yo reyaji ak lòt medikaman. Nou pa janm konnen, petèt remèd
konvansyonèl la ap benefisye de rechèch sa. Jenerasyon nou an tou dwe edike pasyan Ayisyen
pou kreye yon anviwonman de konfyans pou nou mete disponib sant sante ki apwopriye ak
remèd ki apwouve e teste. Travay la anpil, men li byen merite pou nou fè jefò sa.

Pi bon apwòch pou viv an sante se swen prevantif regilye kay yon medsen ki diplome, avèk yon
stil vi byen balanse. Maladi grav tankou maladi kè, kansè, sik, responsab lanmò chak 7 sou 10
Ayisyen daprè Center for Disease Control (2013). Maladi grav sa yo prevantab si genyen yon
kolaborasyon avèk yon doktè. Enfeksyon ki koze pa vye move kondisyon lavi pran chèn. Kolera,
tibèkiloz, lafyèv tifoyid, malarya, H-pylori ak anpil lòt maladi anviwonmantal ka redwi anpil si
pasyan yo swiv tretman yo.

Dr. Hans Michel Pierrot, yon medsin de premye swen, zanmi danfans, ak kòlèg mwen, deklare:
imajine mwen menm ki ap fè yon konsiltasyon nan yon sal ki cho, mwen ap swe, epi bri nan lari
a anpeche mwen tande anyen nan stetoskòp mwen. Mwen nan yon sant sante ki pa gen kabann,
anyen menm.” Nou ka konprann poukisa anpil Ayisyen pa renmen ale kay doktè. Anpil lòt jis pa
genyen mwayen oubyen aksè a yon doktè. Mwen menm konn tande moun ki di: “li te byen
anfòm anvan li te al wè doktè a…” Yon premye atik pibliye isit la de Dr. Kenny Moise demontre
anpil nan pwoblem sistèm medikal Ayiti an genyen kòmanse sou move anviwonman travay pou
rive sou mank edikasyon medikal pou doktè yo. Sa se yon lòt diskisyon nèt.

Lè nou gade pasyan yo, Ayisyen afekte pa anpil faktè sosyal tankou rasism, pwoblèm moun
anwo, moun anba, vyolans politik, povrete, elatriye ki rann yo siseptib a maladi. Lè ou gen yon
moun ki ap bat dlo pou fè bè epi pa genyen yon sistèm ki bay aksè ak swen medikal gratis
oubyen a pri abòdab, ijans pou yon moun al wè yon doktè pa ekziste. Ki fè ke, lè yo resi ale kay
doktè, souvan li gentan twò ta. Eksperyans lopital Ayiti se tèt chaje; kòmanse ak liy men longè,
ekipman demòde, pou rive sou medikaman ke yo pa kapab achte swa paske yo pa genyen kòb la,
oubyen paske pa genyen medikaman an nan peyi a. Anpil Ayisyen fè kòb yo de jou an jou, pa
genyen anpil travay ki ofri vakans maladi, ki vle di yon vizit lopital, ki ap pran tout yon jounen,
koute moun nan kòb. Lè ou nan bezwen, ou oblije pran tout mezi. Anpil moun ki pa gen tan
oubyen mwayen pou ale kay doktè achte medikaman nan lari san panse ak dat ekspirasyon,
itilite, efè segondè, entèraksyon ak lòt medikaman, dòz etc. Movèz itilizasyon medikaman ka gen
konsekans grav; e konsekans sa yo vin ranfòse ide anpil Ayisyen genyen ke remèd
modèn/konvansyonèl pa bon.

Nou ka komprann poukisa anpil Ayisyen pa fè doktè ak


lopital konfyans akoz de kondisyon deplorab ki ekziste
nan domèn sante ann Ayiti. Se pou tèt sa, nou pito lage
nou nan sa grann nou te aprann nou.
Nou ka komprann poukisa anpil Ayisyen pa fè doktè ak lopital konfyans akoz de kondisyon
deplorab ki ekziste nan domèn sante ann Ayiti. Se pou tèt sa, nou pito lage nou nan sa grann nou
te aprann nou. Pou nou konbat reyalite sa yo, nou kenbe fèm tradisyon lakay yo ki se yon melanj
tradisyon Afriken ak Taino ak yon ti gout nan sa nou jwenn lakay blan an. Li esansyèl pou nou
genyen yon apwòch konplè sou lasante. Pou nou ka gen lasante e rete an sante, nou bezwen yon
dyèt byen balanse, fè espò, pratik tradisyonèl kote nou manje manje natirèl ki pou pwomouvwa
stabilite nan selil nou ansanm ak swen prevantiv kay doktè. Yon politik sante konplè ak
finansman pou sante piblik dwe swiv transmisyon maladi. Nou dwe kreye yon relasyon ant
remèd tradisyonèl ansanm ak konvansyonèl pou yon apwòch konplè sou lasante.

You might also like