You are on page 1of 3

*ENTRODIKSYON DE KREYASYON YON SITE WEB*

*Kisa Yon Site Web Ye?*


Yon *Site Web* se yon potal digital ki konpoze de yon asanb de *Paj Web* ki devlope nan yon
langaj de programasyon ki rele HTML, CSS e JQuerty, ki gen referans pa yon *domaine
name* sou *entènèt* la.

kote tout dokiman ki entegre nan Site sa tankou: *Imaj, Video, Mizik, Tèks* elatriye… ki jwenn
espas yo nan yon *Hosting* yo kapab vizwalize nan *World Wide Web (WWW)* atravè yon
navegatè *Web* oswa yon Browser.

Li kapab: *Google Chrome, Firefox, Edge, Opera elatriye*…

*Kisa ki yon Paj Web*

Lè nou pale de yon *Paj Web* nou vle fè referans de yon seksyon nan yon *Site Web*, tankou:

*Home Page* ki vle di paj akey, se premeye kote yon Vizitè vizwalize lè li antre sou yon *Site
Web*. Se pou tèt sa devlopè yo toujou teni kont koman yo ap estriktire paj sa, li dwe senp e
atraktiv ki pou pèmèt lè yon vizitè antre sou li pou li pa ale rapid e san ke li pa pran yon
desizyon tankou: antre an kontak avèk antrepriz la oswa moun ki mèt *Site* la, ou byen pou li
plase komand li, swa yon abone ect…

Fè yon ti vizit sou *Site Web* sa: www.sonypromoevagelique.com

Se konsa nou kapab jwen yon *Site Web* konpoze de plizyè seksyon o paj web, sa pral depan
de devlopè a oswa reklamasyon kliyan ki ba li fè Site la pou li a.

*PAJ KI PLIS SOUVAN NAN YON SITE WEB*:

 HOME
 SERVICES / PRODUCTS / COURSES / CATALOG
 ABOUT US
 BLOGS
 CONTACT

*Fonksyon Yon Site Web*

*Site Web* la li la pou li fè pase yon enfomasyon atravè lemond swa de yon antrepriz kelkonk
atravè entènèt. Yon profesyonèl ki gen ampil talan nan nimpot domèn lan, yon *Site Web*
enpotan pou li genyen an reprezantasyon a limenm nan mache Digital la.
*Benefis yon Site Web Genyen*

*Site Web* la gen plizyè benefis men pami tout benefis sa yo gen 2 gwo benefis ki plis fè enpak
nan yon yon biznis oswa yon antrepriz.

1- Benefis la Li kapte vizitè yo pou jiskase yo vin konvèti yon kliyan ou byen fanatik de sa ke
ou ap ofri yo a.

2- Benefis la li pèmèt kliyan yo oswa fanatik yo rete konekte avèk sèvis ou yo ou byen tout
nouvo piblikasyon ke ou fè ki kapab ran yo pran yon desizyon ki profitab ak ou menm.

*Kisa Ki yon HOSTING*


*Hosting* lan se yon anbèjeman ki se yon tip de Computer ki gen yon gwo kapasite ki vrèman
kalifye pou sovgade plizyè dokiman, e ki toujou dwe aktif 24/7 pou navegatè yo kapab toujou
vizwalize *Site Web* yo lè yo al chèche yo sou entènèt la pa mwayen yon *Domaine Name*.

*Kisa Ki yon DOMAINE NAME*

*Domaine Name* lan se direksyon web ou a nan entènèt la ki skripte pa say o rele *HTTPS*
*(HyperText Transfer Protocol Secure)*, se atravè domaine lan yon vizitè kapab rive jwen site
ou a sou entènèt la. Nou kapab diw *Domaine name* lan se Mak Pèsonèl ou. Imedyatman yon
moun tape nom mak ou a nan youn nan navigatè web yo, site ou a dwe parèt.

Yon mak kite deja anrejistre deja pakab tounen anrejistre paske li deja gen yon propyetè ke vle di li deja
gen mèt. Se pou tèt sa avan ou kreye yon Mak Pèsonèl ou dwe menen envestigasyon de li pou ou wè si
li pa egziste deja, paske sa kapab anpeche ou anrejistre Domaine Name ou an.

COMO VENDER TUS SERVICIOS O TUS PRODUCTOS CON FACEBOOK & WHATSAPP

Aprende todo lo que necesitas saber para emprender en internet cualquier producto y lograr la
independencia financiera que tanto andas buscando
Completa Los Datos Abajo Para tener acceso

rrhh@coopmaimon.com

Kisa HTML?
HTML: Se yon langaj de programasyon jan nou te deja konen li an, se sou li yo deplovle yon SITE WEB ki
gen pou definisyon HyperText Markup Language, kote nou kapab intèprete li konsa: se yon
langaje de foma de dokiman pa Hipert Text.

HyperText la se yon ansanm de etiket ki rele an anglè TAGS, li reprezante konsa:

<> </>

 <Start Tag> Tag sa se lè wap komanse declare yon varyab


 </End Tag> tag sa se lè ou fin deklare variab la ou dwen fèmen li avèk liy oblik la.

Pou nou komanse estriktire yon Sit Web nan Langaj HTML a nou dwe teni kont an konbyen de pati yon
Site Web divize.

Yon Site Web li konpoze de 3 Pati nan langaj HTML ki se: HEAD, BODY, FOOT an angle, ki vle di: T èt, Ko,
Pye.

Men Koman ou fè deklarasyon an langaj HTML a:

<Html>

<Head> </Head>

<Body> </Body>

<Foot> </Foot>

</Html>

https://sakpasetuto.teachable.com/p/html5

You might also like