You are on page 1of 3

Mwen rekonesan zye-m yo ka wè

E pou konpreyansyon ke-m jwen-n


Mwen rekonesan pou verite
E chans ke-m gen pou-m sèvi Bon Dieu
Mwen gen yon vizyon
Pou-m kontinye avanse jou aprè jou
Mwen vle mache nan chemen jus e dwat la

A la yon bèl vi le Senyè te ban mwen
Mwen pa gen pou-m sèvi lemon-n ankò
Mwen gen yon fanmi ki renmen-m
E yon Dieu ki pap jan fayi
O-m lwe non li mwen vle tout lavi pou Bon Dieu
2.
Bon Dieu nan mizèrikòd li
E nan amou li l-te ban-n salu
Se gras a pouvwa-l e sajes li
Ke-n genyen revelasyon plan
A tout sa yo ke li chwazi
E kap travay nan-w sèl akò
Li va ba yo la glwa lavi etènèl

You might also like