You are on page 1of 16

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

&OUXPEJLTZPO

Sakapfèt sakapfèt, non mwen se Jonhny Homelus. Mwen kontan konekte avè w, e pataje
enfomasyon ki ka ede biznis ou an pran yon lòt dimansyon

Nan ki pozisyon ou ye kounya, kanpe, kouche, chitaɸ?

Avan mwen kòmanse, ban m pataje avè w yon eksperyans ki ta pral ban m enspirasyon
pou m aprann plis e pataje sa m aprann.

Pou 2018 lan, nan mwens ke 6 mwa, mwen te rive rankontre e fè entèvyou sou
«ɸFacebook LIVEɸ» ak plis ke 150 moun ki nan biznis. Mwen te kontan wè volonte ke moun
sa yo genyen, fason yo fè lespri yo travay ak lanmou yo gen nan kè yo pou sèvi ak pote
solisyon pou lòt moun nan kominote yo.

M pa konn si mwen te rankontre w nan peryòd sa a, e menm si mwen pat rankontre w,
mwen kwè ke w gen volonte sa nan kè w pou w ede, sèvi ak pote solisyon pou anpil moun.

Mwen kwè tou ke w merite sa k bon

Eksperyans sa a ke m te fè ya ede m jwenn anpil enfòmasyon sou reyalite ke moun ki nan


biznis ap viv. Youn nan yo se diƼkilte pou vann an kantite pou pèmèt biznis yo an devlope.

Mwen p ap nan manti avè w, se pa tout moun k ap kontan konen ke w gen enfòmasyon ke
w ap jwenn nan pwogram sa a, tankouɸ:

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

ɸ onpetitè ke w genyen k ap tagèt ou nan chèche konn pri w pou bese pa yo an jis
K
pou yo gen plis kliyan pase w.
ɸMove kliyan ki vle kenbe w an otaj, k ap menase pou kite w si w pa desann pri w.
ɸMoun k ap ede w jere piblisite pou biznis ou, sou rezo sosyal oubyen lòt kote k ap
ankouraje w desann pri w jis pou w fè fas ak konpetisyon ki genyen sou mache yan.
Men kòman pou w sèvis ak enfòmasyon w ap jwenn nan pwogram sa a

ɸ i w gen asosye nan biznis ou an, envite l telechaje epi tande pwogram sa a
S
ɸSi w gen yon moun k ap ede w fè piblisite sou rezo sosyal oubyen lòt kote, mande
moun sa a ede w aplike enfòmasyon ke w aprann yo. Pataje ak li kòman li ka
telechaje pwogram sa a.
ɸApre w Ƽnn aprann yon enfòmasyon, pran agajman pou w aplike l nan biznis ou.
ɸPataje rezilta w genyen avè m, pataje l tou ak lòt moun, sa kapab ede moun nan
debloke nan biznis li.
Mwen paka garanti w si konpetitè w yo p ap jwenn enfòmasyon yo avan w, e deside
chanje jan yo fè biznis yo. Rekòmandasyon m pou ou seɸ: depi w Ƽnn jwenn enfòmasyon
sa yo, pa pèdi tan nan mete yo an aplikasyon. Kontakte m, mwen vle ede w aplike
enfòmasyon sa yo nan biznis ou, ekri sou info@konesans.liv
info@konesans.live
e

Lè w ekri m, oubyen moun ki nan ekip mwen, n’ap kontan pataje kontak whatsapp mwen
avè w, pou yon asistans spesyal. M ap mande w atansyon w. Si w gen pwogram sa a,
mande pou lòt vèsyon yo, papye ak videyo

info@konesans.live
Ekri souɸinfo@konesans.live

Ann kòmanse

Youn nan reyalite ki genyen pou moun ki nan biznis, yon jou, y ap gen pou yo bay pri sèvis
oubyen pwodwi ke yo genyen an ak moun ke yo ta renmen genyen kòm kliyan.

Lè moman sa rive, chak moun reyaji yon fason e fason sa a pral detèmine si y ap jwenn
kontra, si y ap fè lavant lan, si y ap genyen yon kliyan Ƽdèl.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Ke se ak lapawòl, ke se pa ekri, kominikasyon sa a ap oblije fèt ant moun ki genyen


pwodwi an ak moun ki vle gen pwodwi sa a.

Si w nan biznis, eske w sonje konbyen fwa ou fè kominikasyon saɸa ?

Oke, nenpòt kantite fwa ke l ta ye pou ou an, ban m rankonte w yon eksperyans ki rive yon
moun mwen.

Christelle, yon jenn Ƽ, ki gen pwoblèm ak machin li. Li rele yon mekanisyen pou vinn gade
pwoblèm lan pou li. Lè mekasyen vini, aprè li Ƽnn gade pwoblèm lan. Tande jan
konvesasyon an dewoule

Christelleɸ : Bòs la, ki pwoblèm ou wè m genɸla a ?

Mekanisyenɸ : A a, ou gen yon pwoblèm elektrik, w ap gen pou w yon pyès nan statè
machin lan,

li bloke kouran, epi machin lan paka demare

Christelleɸ : Sa m ap bezwenɸ? Konbyen kòb sa ap koute mɸbòs la ?

Mekanisyenɸ : Bon, fò m ta gade pou ou, m poko ka di w non

Christelleɸ : Bòs la di m non, mwen bloke wi san machin nan

Mekanisyenɸ : Ou konen, ant achete pyès ak reparasyon, fò m ta kalkile pou ou, m poko ka
di w

-------------------------------------

Finalman apre anpil pale, eksplikasyon ak ezitasyon, mekanisyen an bay Christelle pri yan.
Se kòm si li te wont di l konbyen kòb l ap fè travay la, e se pa premye machinn ke
mekanisyen sa a t ap repare, ki gen pwoblèm elektrik. Kote li te ka poko ka bay pri pyès yo,
men mendèv li Ƽks, li ka evalye l rapid. Se kòm si mekanisyen yan te jennen.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Bon ou ka diɸ: A, mwen menm mwen pa mekanisyen, sa pa konn rive m ak moun ke m vle
gen kòm kliyan, oubyen kliyan ke mwen gen deja. Ou ka di tou, ke w konn tout pri w. Men
banm poze w yon kesyonɸ: Konbyen fwa ou oblije desann pri w, fè piblisite pale oubyen
ekri, sou rezo sosyal oubyen lòt koteɸ? epi jis pou w fè plis lavant, youn nan bagay ou
ensiste anpil li seɸ: diskont, spesyal, epi ou pran di ke w gen pi bon sèvis, pi bon kalite, pi
bon mache.

Eske w oblije kraze beneƼs ke w ap fè sou pwodwi oubyen sèvis ou anɸ?

Aprè reyalite bay pri yan, gen yon lòt reyalite, biznis ou an p ap ka kontinye e ka menm rive
nan nivo pou w fèmen l, si w pa fè ase beneƼs sou pwodwi oubyen sèvis w ap vann lan.
Biznis ou an p ap pwospere si w pa gen bon kliyan ki bezwen pwodwi w ofri l lan, paske l
rezoud youn oubyen plizyè pwoblèm pou yo, nan nivo kote kliyan sa yo vinn tankou paka
viv san pwodwi w lan, ou bezwen kliyan ki konprann valè avan pri, kliyan ki Ƽdèl.

Si pwodwi oubyen sèvis ke w genyen an chita sou bon pri sèlman, ou pa gen okenn
garanti ke kliyan ke w ta renemen renmen genyen an, si l chwazi w pou bon pri jodi ya, ke l
ap re chwazi demen lè l rebezwen. Pa sezi, si l chwazi yon lòt kote ki gen pi bon pri nan
moman an.

Pa gen oken avantaj pou w vinn dezyèm pwodwi ki pi bon mache

Si w p ap vann angro, kote w ka fè kòb sou kantite, si w p ap mete anpil lajan deyò pou fè
piblisite, ou gen enterè fè yon maketing entelijan.

Nan kominikasyon w ap genyen avèk kliyan an, oubyen moun ke w vle gen kòm kliyan an,
si w montre l aklè valè pwodwi w la, w ap jwenn yon eleman k ap ede w vann plis.

Pou sa li enpòtan pou w mete valè pwodwi w lan avan pri, se youn nan opòtinite ke w
genyen pou w fè fas ak konpetisyon, youn nan fason pou w gen kliyan ki Ƽdèl.

Men 5 fason pou w ogmante valè pwodwi oubyen sèvis ou an, k ap ede w fè plis beneƼs,
san w pa oblije desann pri w, ni plede ofri diskont ak spesyal maten midi swa.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Premye fason: Solisyon ke pwodwi lan ofri yan,


montre valè l avan montre pri ke l koute
-------------------------------------

L ap pèmèt kliyan konprann opòtinite ke l jwenn, epi ede w gen plis konviksyon ak
konfyans nan fason w ap bay pri solisyon sa a

Eske w sonje istwa Christelle laɸ? Mekanisyen pat montre valè ke solisyon li yan te pote
pou Christelle. Imajine senaryo sa aɸ: Ann di mekanisyen an ta mande Christelle 2 500
goud pou travay lan, epi Christelle pat dakò, olye li rele yon lòt mekanisyen, li di tèt li, li pral
aprann mekanik pito pou l ka rezoud pwoblèm elektrik ke machinn li ka ba li.

Eske w panse ke 2 500 goud gen plis valè ke tan sa ka pran Christelle pou l aprann
mekanik nan momanɸ? Si l bezwen machinn lan vit, eske li oblije tann li Ƽnn aprann
mekanik ?

Nan ka sa a, li pi rapid pou Christelle pou l peye kòb la, li Ƽni. Li gen yon pwoblèm ki
bezwen yon solisyon rapid, se pa yon pwoblèm ki ka tann plizyè jou, alewè pou plizyè
mwa. Nan ka sa a, tan vo plis ke 2500 goud lan, e rakousi rapid ke mekanisyen an ka ofri
Christelle gen plis valè.
valè.

Anpil fwa nou konn manke konprann ke kliyan ap chèche solisyon, l ap chèche rakousi,
avan w rive nan pri, chèche konprann ki enpòtans solisyon w lan ka genyen nan je kliyan
an, konbyen tan li ka evite l pèdi. Mete enfomasyon sa a avan, nan kominikasyon w ap gen
pou w fè ak kliyan. Enfòmasyon sa a ap pèmèt li konprann opòtinite ke l jwenn. Tout kliyan
pa menm, men kliyan w ap chèche yo p ap kite opòtinite sa a pase.

Nan ki sektè ou yeɸ? Biznis ou an, ki pwodwi oubyen sèvis ke l ap vannɸ?

Kòman ou vle aplike premye fason sa a nan biznis ouɸ?

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Finn tande lòt fason kote ou ka ogmante valè pwodwi oubyen sèvis ke biznis ou an ofri.

Si w toujou bloke, nan fen yan m ap pataje ak ou mwayen m ap ka ede w aplike fason yo
nan biznis ou.

Dezyem fason: Pwoblèm ke pwodwi w lan rezoud,


kreye lòt pwoblèm
Konbine premye solisyon ke w ofri yan ak yon dezyèm solisyon pou nouvo pwoblèm lan

-------------------------------------

Ann pran egzanp Valerie ki se yon pwofesyonèl nan ede plizyè enstitisyon ekri pwojè yo.
Valerie bezwen yon enprimant, paske li enève nan mete dokiman sou kle «ɸusbɸ», epi al
nann sibèkafe.

Finalman Valerie achte yon enprimant, youpiɸ! Li jwenn yon gwo solisyon, sa pral evite l
anpil Ƽstrasyon, pèdi tan, epi gen plis konƼdansyalite ak dokiman l ap prepare yo.

Apre kèk jou Valerie ap bezwen lank.

Donk solisyon enprimant lan mache ak yon lòt pwoblèm ki se pwoblèm lank. Kote ki te
vann li enprimante lan te ka ofri l lank, oubyen konbine pri enprimant lan ak lank ki ka fè l
yon kantite tan, oubyen tou mete l nan yon pwogram Ƽdelite pou l toujou jwenn lank. Kote
sa a te ka ofri l papye ak lòt materyèl oubyen akseswa ke Valerie ka bezwen otomatikman
ke l Ƽn gen enprimant lan. Yo te ka konbine pri enprimant lan ak yon sèvis mentnans pou
X kantite mwa. Sa valab pou pwodwi oubyen sèvis ke w genyen an, ann gade kèk egzanpɸ:

ɸ i kliyan gen òdinatè, l ap bezwen logisyèl


S
ɸSi kliyan gen vès, l ap bezwen kòl
ɸSi kliyan an vle aprann yon nouvo lang, l ap bezwen fè pratik
Si kliyan deplase, ale nan yon peyi etranje kote l pa gen moun, l ap bezwen otèl
ɸSi kliyan manje, l ap bezwen bwè

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Se jis yon reƽeksyon, ou ka konbine premye solisyon ke pwodwi w lan ofri ak youn oubyen
plizyè lòt solisyon ke kliyan ap bezwen.

Mwen envite fè egzèsis sa a.

ɸ i pwodwi oubyen sèvis ke w genyen, ekri l, ki solisyon ke l ofri, youn oubyen plizyè.
K
Ekri yo
A kote chak solisyon, ki lòt solisyon ke kliyan yan ka bezwen apre l Ƽnn gen premye
solisyon an. Ekri yo.
Kòman pou w kobine solisyon sa yoɸ? Fè lyen an, fòk li lojik. Reƽechi sou kòman ou ka ofri
pwodwi w lan, pa sèlman ak premye solisyon an, men ak lòt solisyon tou. Epi w ap vinn
gen yon pwodwi ki gen plis valè, lè sa a pri yan p ap bloke w menm jan, paske w ap gen
yon pwodwi oubyen sèvis ki gen plizyè solisyon.

Ou ka aplike fason sa a nan nenpòt ki biznis ou genyen, menm si w pata ka ofri 2 ou plizyè
solisyon ansanm, fason sa a se yon opòtinite tou pou w vann lòt pwodwi oubyen sèvis ki
lye ak sa w gen deja.

Ekri kesyon ke w genyen sou kòman ou ka aplike fason sa nan biznis ou. Mwen ta renmen
ede w reponn yo. Ann ale pou twazyèm fason an.

Twazyèm fason: Konbine solisyon ke pwodwi w la


ofri ak enfòmasyon de ki disponib sou li
-------------------------------------

N’ap viv nan yon mond kote enfomasyon ale vit, kote ou jwenn menm timoun piti branche
sou rezo sosyal, aplikasyon, sit entènèt. Anpil moun rete konekte sou telefòn, tablèt,
odinatè. Sa kreye anpil traƼk, e nan mitan tout moun sa yo, kliyan w lan pami moun sa yo.
Nan sans sa a, gen anpil enfòsyon ou ka jwenn sou pwodwi oubyen sèvis ou genyen yan.
Reƽechi ak fason ou ka konbine solisyon ke pwodwi w lan ofri ak enfomasyon spesyal ki
disponib sou li.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Gen 3 modèl kliyan ke w ka genyen. Premye yan, se kliyan ki konen ke l gen pwoblèm lan,
men ki pa konen ke w ka ofri l solisyon. Dezyèm lan, se kliyan ki konen ke l gen pwoblèm
lan, men li pa konen ki solisyon pou l chwazi, kliyan sa a gen tandans reƽechi ak pri avan li
reƽechi ak solisyon. Epi twazyèm la se kliyan ki konen ke l gen pwoblem lan, ki konen ke w
gen solisyon yan, men li bezwen yon ti pouse kote pa w pou l pran yon desizyon.

Lè w ajoute enfomasyon sou pwodwi oubyen sèvis ou genyen an, non sèlman l ap edike
kliyan sa yo, l ap gide yo epi sa ka atire atansyon lòt moun. Plis pwodwi w lan gen
atansyon, se plis valè l ap ogmante. Ajoute sou sa, edikasyon ke w ap fè nan bay
enfòmasyon, se tankou yon envestisman nan kliyan yan, e bon kliyan ke w vle genyen yan,
ap kontan anpil pou kado sa a, nan je l, aksyon sa ap ap gen anpil valè.

Toujou bat pou w pataje enfòsyon de kalite, enfòmasyon ki pa disponib tout kote. Se yon
aktivite k ap ede w gen plis kredibilite.

Mwen konn yon jenn Ƽ ki vann myèl, li itilize rezo sosyal trè byen pou w pataje
enfòmasyon sou solisyon ke pwodwi li yan ofri. Ou ka ekri m sou info@homelus.net m ap
kontan pataje kontak li avè w. W ap ka tou voye kesyon ke w genyen sou kòman pou w
aplike fason pou w ogmante valè pwodwi oubyen sèvis ou genyen an.

Katryèm fason: Ofri garanti pou pwodwi w lan


-------------------------------------

«ɸGaranti, garanti, garanti, non, non, non. Se pa mwen ki pral sèvi ak pwodwi yan » se sa
yon moun mwen te reponn mwen, lè m te eksplike l fason sa a.

Petèt w ap repete menm pawòl la tou, e si se ta sa, mwen konprann ou, men banm
eksplike yon sitiyasyonɸ:

Imajine w ta bezwen yon laptòp. Ou pase nan 2 magazen.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Premye kote yan ofri w yon laptòp san garanti, yo di w ke w ap peye pou nenpòt pwoblèm
ke w ta genyen ak laptòp lan, si w ta tounen ak li pou reparasyon

Dezyèm kote yan ofri yon lòt dil, yon laptòp, kote w gen garanti pou yon lane garanti pou
nenpòt pwoblèm ke w ta genyen ki pa pwoblèm materyèl, pa egzanp si laptòp lan ta vin
lan, si w ta bezwen repwograme l, tout sa nan garanti yan. E menm si w ta gen yon
pwoblèm materyèl, yo menm ofri pou yo fè dyagnostik lan gratis pou w ka konen ki pyès ki
gen pwoblèm, kisa pou w chanje ak konbyen kòb sa ka koute, e si yo ta gen pyès lan, y ap
vann ou li a yon pri spesyal paske w gen garanti.

Nan 2 magazen sa yo, kiyès ou t ap chwaziɸ?

Premye an oubyen Dezyèm lanɸ?

Li enpòtan pou w konprann ke garanti gen yon gwo enpòtans nan je kliyan an, li bezwen
konen ke l gen yon moun, yon kote ke l ka konte sou li, ke l ka poze kesyon, ki ka ede l si l
gen pwoblèm ak pwodwi ke l achte yan. Sèvis aprè vant se yon detay ki ekstrèman
enpòtan, garanti w ofri ka ouvri pòt pou lòt lavant ke w ka fè ak menm kliyan an oubyen
yon nouvo kliyan.

Menm si li ka diƼsil pou w ofri garanti sou tout pwodwi oubyen sèvis, depi w kapab fè l, fè
l, ou gen plis pou w genyen ke pou w pèdi, e si li ta vrèman enposib pou w ofri garanti,
mete kliyan an konfyans, ajoute yon eleman sou pwodwi w lan ki tankou yon garanti.

Ki pwodwi ke w genyenɸ?

Ki sèvis ou ofriɸ?

Eske w kapab ofri garantiɸ?

Kòman w ka ofri garantiɸ?

E si w paka ofri garanti, kisa ou ka ofri, k ap tankou yon garanti, k ap reprezante anpil pou
kliyan an, e k ap pèmèt ou ogmante valè pwodwi w lan.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Senkyèm fason : Reĉechi sou kòman ou ka ede


kliyan w lan viv yon eksperyans lè l achte pwodwi
w lan
Kisa li ka jwenn lakay ou ke l p ap jwenn oken lot kote

-------------------------------------

Gen yon pawòl ki diɸ: «ɸYon moun ka pa sonje sa w te di l, men l ap sonje fason ou te fè li
santi l kòm mounɸ».

Se menm bagay la pou kliyan w vle genyen yan. Se pa pwoblèm ke li vle rezoud sèlman, li
gen emosyon, li vle gen atansyon, li se yon moun menm jan avè w. Pa bliye, bon kliyan se
motè biznis ou, se pou li ou fè biznis lan, si solisyon w lan rezoud pwoblèm li, l ap kontan.
Kounya, kesyon an se poukisa pou l chwazi w, menm si w ta pi chè ke lòt kote ki ka ofri l
menm solisyon sa aɸ? Tout bagay la chita nan fason w ap ofri solisyon sa a.

Nan echanj w ap gen pou w fè avèk kliyan, avan ou aprè li Ƽnn achte pwodwi w lan, toujou
sonje pou w ajoute nan sa w ap ofri l lan, yon bagay spesyal ke l p ap jwenn lòt kote, ede l
viv yon eksperyans ke l poko prèt pou l bliye.

Lòt fason ou ka ede l viv yon eksperyans se nan kalite sèvis oubyen pwodwi ke w ap ba li
yan, ofri l plis ke yon solisyon, fè l santi ke li fè yon bon dil, se tankou yon sèvis ki vo 10
000 goud epi li jwenn li pou 1000 goud. Fè l santi ke li entelijan. Ajoute anpil valè nan sa l
kòmande yan, ke li se sèvis oubyen pwodwi.

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Yon dènye egzanp


-------------------------------------

Men kontèksɸlan : Ou se yon graƼs pwofesyonèl, aprè plis ke 2 zan, ou vinn bezwen chanje
telefòn ke w genyen an. Ou vle tou pwoƼte achte yon pi bon telefòn entelijan, ki gen plis
kapasite, ke w ka itilize nan travay konsepsyon ou gen pou w fè pou kliyan w genyen.ɸ
Ou toujou ap pran fòmasyon sou entènèt pou w vinn yon pi bon graƼs.

Kòm ou bezwen telefòn nan prese prese. Ou pase nan 2 magazen, Ou jwenn 2 kote sa yo
ki gen yon modèl ki enterese w. Men gen yon pwoblèm, yo pa gen menm pri

Premye magasen yan ofri w yon Samsung Galaxy A6 pou pou 28 000 goud ( Telefòn # 1)
1

Telefòn # 2 )
Dezyèm magasen yan ofri w menm menm modèl lan pou pou 40 000 goud (T

Kesy
esyon
onɸ: Ki telefòn ou t ap chwazi, Telefòn # 1 oubyen Telefòn # 2ɸ?
2

Poukisa ?

Ekri repons lan __________________________________________________________________

Ekselan, kounya ban m ba w plis enfòmasyon sou sa chak magazen yo ofri w

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Lè w Ƽnn gen enfòmasyon sa yo, kounya, nan 2 telefòn sa yo, kiyès ou t ap chwaziɸ?

Telefòn # 1 oubyen Telefòn # 2ɸ?


2

Poukisaɸ?

Ekri repons lan __________________________________________________________________

Pou n Ĉni
-------------------------------------

Lè w konbine 5 fason sa yo, sa vinn rezime akɸ: fè kliyan yon òf pou pwodwi oubyen sèvis
ou an, yon òf ke l paka reƼze. Menm si yon lòt kote gen pi bon pri pase w, depi valè
pwodwi w lan ogmante, li vinn pi siperyè ke pwodwi lòt lan genyen.

Depi w klè sou ki kliyan ke vle sèvi ak biznis ou an, si pwodwi w lan siperyè nan valè ke l
genyen nan je kliyan an, pri ke l koute pa dwe enkyete w. Yon lòt kote ka gen menm
pwodwi sa a, men pa li yan ka gen yon valè ki enferyè ke pa w lan.

Mwen swete ou aplike youn oubyen plizyè nan fason sa yo

Pa ezite pataje rezilta ou genyen ak mwen, ekri m sou info@konesans.live


e mwen gen yon
kado pou ou

Si w pa vann kantite pwodwi oubyen sèvis k ap ede biznis ou an devlope, w ap rive nan
yon nivo kote ou ka oblije fèmen. Pa bliye ke, depi w idantifye gwoup moun ke w vle sèvi
yo ak biznis ou an, desann pri w, pou w vann plis, pa dwe premye reƽèks ou, chèche
ogmante valè sa w ofri yan pito.

Antouka, bravo ou Ƽnn li oubyen tande 5 fason sa yo

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Mwen kwè ke solisyon ke w ofri, pran w tan ak ènèji pou w mete yo deyò, sa mande anpil
pasyans ak lamou pou sa w ap fè yan. Mwen vrèman swete w vann plis, epi fè plis
beneƼs.

Paske ou rive lwen, e pou m remèsye w pou koneksyon ou genyen avè m, m ap ofri yon
envitasyon spesyal pou w patisipe nan yon seminè lokal oubyen "webinar" sou entènètɸ
k ap fèt sou :

Kòman w ka aplike
aplike fason sa yo
yo nan biznis ou nan mwens keke yon
yon semenn, san w pa oblije
kite kote w ye
ye an, ni depanse anpil kòb pou fè
fè reklam
reklam sou entènèt

Ekri m sou imelɸ info@konesans.liv


info@konesans.live
e pou rezève plas ou

Dènyeman mwen t ap ekplike yon moun mwen 5 fason sa yo, li te tèlman kontan, li ekri yo,
sa te fè m anpil plezi konen ke m te pataje ak li yon enfòmasyon k ap ede l vann plis, fè
plis beneƼs, pandan ke l ap pote solisyon pou plis moun. Men yon semen aprè, li te rele m
pou l te di m li kòmanse aplike fason sa yo, men li te gen kèk kesyon, tankouɸ:

ɸ si l wè ke moun ke l vle gen kòm kliyan yo, pa gen kòb, eske li paka desann pri yan
E
pou yoɸ?
ɸKi reyaksyon pou l genyen lè moun pa pran pwodwi l lan, epi li gen enfòmasyon ke
moun sa yo al pran pwodwi yan yon lòt koteɸ?
ɸEske l p ap fè deƼsi nan bay tout bonis sa yo, nan pwodwi ke l ofri moun yoɸ?
Li wè anpil moun ap fè reklam sou rezo sosyal yo, epi y ap di yo gen pi bon pri, pi bon
sèvis, si l ap fè yon reklam, eske li paka swiv menm metòd lan, eske l pa dwe swiv
menm tandans lanɸ?
ɸKòman pou l kreye yon òf ke kliyan paka reƼzeɸ?
Eske w ta renmen poze kesyon pa w yo ak tande repons ke te bay moun mwen yan ak
anpil lòt repons ankò tankouɸ:

ɸ i kliyan ki gen lajan w lanɸ?


K
ɸKi kliyan ki pare pou l depanse pou l jwenn solisyon ke w ofri yanɸ? »

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ


5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwi

Annatandan ou swiv fòmasyon sa, epi pou ede w ale pi lwen, jwenn repons ak kesyon ou

genyen, m ap envite kòmande kounya yon kit konplè pou biznis ou an, se yon pwogram

fòmasyon ki rele 7DOLA

Sòti sou mindset ou dwe genyen pase sou jan w ap fè maketing, branding, swivi nan

biznis ou, rive sou woutin ou dwe genyen k ap ede w gen plis rezilta, w ap jwenn bon jan

oryantansyon ak coach Guersye, Patrice, Clifford. Se yon opòtinite inik pou w jwenn yon

pwogram konplè konsa, nan yon pri ki p ap rete pou lontan.

Kouri pran kit biznis 7DOLA pa w lan avan l pa disponib ankò.

Klike sou www.7dola.com/rezeve

Lè w tande yon bagay, ou ka bliye l, lè w wè moun fè l, ou ka sonje l, men lè w fè l ou


menm, w ap konprann li.

Mwen vle ede w aplike fason sa yo, ak lòt aksyon k ap pèmèt ou fè plis lavant ak beneƼs
nan biznis ou an, oubyen biznis ou w vle mete sou pye yan. Sa k enpòtan, se pa sèlman
lajan w ap fè yan non, men solisyon w ap ka pote pou anpil moun, enpak pozitif w ap ka fè
nan vi yo, eksperyans ou ka pèmèt yo viv.

Annatandan ke nou rekonekte, mwen vle swete w siksè nan sa w ap antreprann

-------------------------------------

5 Fason pou w ogmante valè yon pwodwiɸ

You might also like