You are on page 1of 3

LIGUE FOOTBALL DE PORT-DE-PAIX

6, Rue Mgr Lebhien, Port-de-Paix Haïti W.I


Tels : 3731-7339/ 4320-3383/ 3747-9135

PWOTOKÒL CHANPYONA IMA-KOPA


A-1 : Chanpyona Ima-Kopa ap òganize pa Lig Foutbòl Pòdepè a nan tèt kole avèk Dieu est
Grand Morgue Privée.
A-2 : Se sèl Club foutbòl ki nan rejyon Nòdwès la kap ka patisipe nan konpetisyon an.
A-3 : Dieu est Grand Morgue Privée ap jere aspè finansye chanpyona Ima-Kopa.
A-4: Lig foutbòl Pòdepè a ap jere aspè teknik Ima-Kopa
A-5: Dieu est Grand Morgue Privée ap gen pou remèt yon anvlòp 200 mil goud, yon twofe
ak 25 meday a ekip ki sakre chanpyon Ima-Kopa.
A-6: Dieu est Grand Morgue Privée ap gen pou remèt yon anvlòp 100 mil goud, 25 meday a
ekip vis-chanpyon Ima-Kopa.
A-7: Chak ekip kap vin jwe yon match nan Ima-Kopa obligatwaman sipoze prezante ak 2 je
ekipman konplè e ba yo sipoze diferan.
A-8: 2 ekip kap jwe yo sipoze prezan a 3h30 pm sou Pak Kapwa lamò pou komisè match la
ka ranpli fich teknik match la yon fason pou match la ka kòmanse a 4h pm.
A-9: Yon ekip ki gen pwoblèm sou wout pandan lap vin jwe yon match sipoze fè kontak ak
manb Lig Foutbòl Pòdepè a pou eksplike sa answit li sipoze pwouve sa ak imaj kote yo gen
pwoblèm nan.
A-10: Komite a pap repòte okenn rankont kite pwograme nan kalandriye a pou yon Club ki
angaje li nan yon lòt konpetisyon.
A-11: 2 ekip ap kalifye nan chak gwoup answit ap gen 2 meyè 3e ki kapab soti nan nenpòt
gwoup selon pwen yo fè.
A-12: Yon dirijan,Yon Jwè, ki agrese yon abit vèbalman ou fizikman, komite a ap sanksyone
dirijan ou jwè ki konsène a pou tout rès konpetisyon an yo pap ka asiste okenn rankont nan
chanpyona a.
A-13: Yon jwè ki gen 2 katon jòn swivi pap ka jwe pwochen rankont ekip li a ap gen pou jwe
a.
A-14: Antrènè, kapitèn ekip yo sipoze rete aprè match la pou fè entèvyou sou Media tout
kote
A-15: Tout katon jòn yon jwè te pran nan premye tou konpetisyon an ap elimine pou
dezyèm faz la.
A-16: Nan dezyèm tou konpetisyon an nenpòt match ki rete a egalite aprè tan reglemantè a
se nan seyans ti obi dirèk ekip yo prale pou yo ka depataje yo.
A-17 : Aprè premye tou a tout katon jòn yo anile.
A-18 : Ima-Kopa a pa gen lis pou ekip yo, kidonk chak fwa yon ekip ap jwe li gen aksè poul
prezante sou teren an avèk 25 jwe, 2 antrenè, yon masè, yon itileyo.
A-19: 2 ekip ki gen menm fòs pwen se meyè atak kap aplike.
A-20: Yon match ki repòte pou koz entanperi se komisyon òganizatè a kap gen pou
repwograme match la nan yon lòt dat.
A-21: Tout jwè ak antrenè ki sou sanksyon Lig Foutbòl Pòdepè a pa otorize pou jwe Ima-
Kopa.
A-22: Yon ekip ki abandone teren an pandan yon match ki tap jwe swit a yon desizyon
abitral ap pèdi match la pa fòfè 3-0.
A-23: Esponnsò Ofisyèl Ima-Kopa a ap ede ekip yo nan frè transpò a.
A-24: Yon ekip ki pagen okenn ka de fòs majè ki prezante sou teren an a 4h35 ap pèdi
match la pa fòfè 3-0.
A-25: Okenn dirijan Club pa gen aksè pou rantre anndan griyaj la ni avan ni aprè match.
A-26: 2 Jwè ki batay sou teren an pandan yon match ap jwe ap tou sanksyone pou tout rès
konpetisyon an.
A-27:Yon jwè ki te sou ban yon ekip ki te abiye ak ekipman ekip la pap ka jwe pou okenn lòt
ekip menm si nonl pat enskri nan fich teknik match la.
A-28: Tout ekip dwe koube anba desizyon abit yo pran.
A-29: Tout Club kap patisipe nan Ima-Kopa a gen pou devwa pou respekte lwa FIFA
yo ansanm ak pwotokòl konpetisyon an.
A-30: LWA FIFA AN VIGÈ….

You might also like