You are on page 1of 4

8 juin 2020 11:08 PM

Les moments les plus tristes de ma vie ce sont des


moments où je me sens éloigner de mon Dieu.

Bonj mw vinn pale nou de amitye chak moun kap


gadem la viv yon moman ak yon zanmi,swa bon
oubyen movè,konsa tou petet gen yon moun kap
gadem la lel tande se de amitye mpral pale ou
gendwa pa vle finn gade vidéo paske ou te viv yon
move moman ak yon zanmi,men kitem diw finn gade
vidéo petet ou ka vinn reyalize se ou kite fè erè.amitye
se youn nan bezwen lòm paske nan lavi ou konn ap
simonte de moman trè difisil,ou bezwen yon zanmi
menm Jezi Lèl te sou tèa lite chwazi gwoup zanmil.sa
nou ka soulinye tout moun pat zanmi Jezi yo e nan
amitye Jezi te genyen yo genyen kite pi entim,kisam
vle fèw konprann jodia,nan tout zanmi kew genyen
oubyen ou te genyen yo ,nou ka klase yo nan twa
kategori zanmi,gen yon kategori sa se de ti zanmi ou
leve avel tout sekwè danfans ou li konenl,anpil fwa
nou ale lekol ansanm,grandi ansanm etc,men sa ka
rive yon peryod nan lavi separe nou youn pa tande
nouvel lot anko,men sa pa anpeche apre yon tan nou
rankontre se bèl akolad,bel kalen zanmi sa te
mankew,zanmi sa anpil fwa li konn ap fèw retounen
nan anfans ou raplew bon e move moman yo,ti mès
nan anfans ou raplew bon e move moman yo,ti mès
ou te genyen pandan lap rigole avèw,zanmi sa.nan
moman sa lipa enpotan poul konen twop bagay de
ou,kesyon map poze moun kap swiv mw yo eskew ta
dwe esplike zanmi sa tout bagay entim ou aprè anpil
tan ou pa wèl?dezyèman si non pou kisa? Dezyèm
kategori zanmi an se de zanmi kila selman pou Yon
avantaj ,pa ezanp yon kamarad lekol ki konen ou ka
edel fè devwa,bal poul nan egzamen,pa ezanp yon
zanmi ki konenw tj gen kob li Salman la poul kraze
saw genyen,an rezime li pala pou ou nan okenn tan
difisil,sepa yon zanmi ou ka konfye tout bagay,sepa
yon zanmi tout ou ka rele ak nenpot lè ou gen yon
prob ,se yon zanmi kila avew selman nan moman tout
bagay ap byen mache ,kou enterè kite lye nou an pala
anko ,zanmi sa kouri kitew,

Gen yon denye kategori Zanmi mta renmen pale nou


se yon konfidan,yon konfidan se tankou yon miwa pou
ou yon konfidan anpil fwa konenw ,ke konesans kew
genyen de pwop Tèt paw,yon konfidan se yon zanmi ki
toujou la pou ou,nan bon ni nan move tan,yon
konfidan se yon moun ki toujou la poul edew avanse
Sou wout siksè ,yon konfidan sepa yon moun ki ap
rete deyew poul lap di sal paka di devanw,yon
konfidan se moun kap goumen pou ou devan moun
men Tèt à Tèt lipap neglije korijew kotew fè erè,yon
men Tèt à Tèt lipap neglije korijew kotew fè erè,yon
konfidan zanmil toujou gen rezon devan moun men
Lè yo ansanm lap tj veye kote zanmil ap bite.yon
konfidan se yon moun ou ka rele a 2 zè 3h nan maten
lap tj pré pou ou.paske prob ou se prob li.yon konfidan
se pa yon moun kap konparew ak lòt zanmiw pandan
lap montrew enferyè,men yon konfidan se yon zanmi
ki fyè de zanmil nenpot jan sa ye,se yon moun ou ka
fè konfyans,se yon moun ki pwèt poul padone,poum
fini mw vinn diw gen kèk desepsyon,gen kèk jan ou
blese nan nanm ou se paskew pat mete zanmiw te
genyen an nan plas li ,petet yon moun ou te konsidere
kòm yon konfidan poutan moun sa sete yon profitè,li
selman te kotew poul profitew,lite zanmiw
okazyonelman men lipatap defann anyen serye,petet
ou te ka konsidere moun sa kòm yon konfidan poutan
moun sa se selman bezwenw poul atenn yon objektif
koul finn atenn li ou pa wè zanmi sa anko,se yon sèl
kategori nan zanmi sa yo kap edew anvanse se yon
konfidan,e tout moun nan lavi bezwen yon
konfidan,yon moun lika pale ,yon moun ki pap jijel
men kap toujou la poul konseyel,yon moun kap toujou
fèl souri lorsque tout va mal,yon moun kap konen Lèl
kontan Lèl fache,yon moun kap rejwi avel nan moman
siksèl yo yon moun tout nan moman feblès li yo kap
bal le bwa poul kanpe anko.si vidéo sa enteresew
patajel,poze kesyon paske nap fè lòt vidéo sou
patajel,poze kesyon paske nap fè lòt vidéo sou
amitye,epi siw gen yon konfidan pataje vidéo sa avèl
an sign d'apreciation e di zanmi sa ou fyè de li.

You might also like