You are on page 1of 2

Political Azylum story

I’am Caleb I grew up in chritianism family I have one sister and a half sister.
When I had 7 years old my father was candidate to the delegue post for Jacquet. He
was a member of group 184 but he never found a gouvernemental post. In 2010 he was
a member of PHTK when this party gain the election, they didn’t give him the post
they promised. My father introduced my big sister in polical since 2010. But she
saw another way to integrate by her own contact she will intergrate fusion.
One day she invited me to assist at a political discussion in 2019, she taught me
that we are going to change the country by our ideology because didn’t believe in
Haitian political it always the same scene, the same schema. After 3 years there
will be election and we have to work for our opinion.

An 2020 li kreye yon asosiyasyon pou defann dwa fanm eke m t edel nan bay ide, aprè
li t al konpoze nan BED pou yo t chwazi 3 moun pou Lwès 1 e li te sekretè li t
kòmanse travay pendan prezidan Jovnel t sou pouvwa a. Men an meme temps gen de
reyinyon depil paka ale li konn voyem reprezantel.

Nou kòmanse jwenn menas se nan zafè monte desann nan BED, nou t resevwa yon appel
enkonu kote yo t fè nou menas yo t di nou se swa nou aksepte lajan oubyen nou mouri
dayè yo konn nan ki zòn nou rete.

Appel sa t twomatize nou anpil sa t vin fè nou chanje nimewo tefefòn epi nap plede
dòmi kay zanmi nou vin pa gen yon kote fiks pou nou rete.

Kom m tap travay nan pwogram VIH mwen vin kwaze ak yon pasyan ki trè enfliyan nan
zafè politik e ki konn abitye wèm nan koze politik. Sa vin fè pasyan sa
otosigmatize tet li pendan ke li panse m pral pale koze l.

Mwen vin ap resevwa appel enkoni kap dim sim pa kite travay la li pap bon pou mwen.
Sa vin ogmante tromatis mwen majorite moun tap dim fom fè deklarasyon lapolis menm
t pè e mwen pat vrèman gen kouraj poum al fèl.

Mwen vin ap mache ak bone linèt nwa lèm pral travay mwen pa travay nan espas lè
pasyan vini pou m wèl.
Mwen rete kote data clerk ak DRO a konn lèm pa sou teren. Epi an fevriye 2022
pendan nap sot bay yon pasyan medikaman kafou maren lè nap tounen nou pase par but
boyer men nou t sou yon moto gen yon moto ki double nou nou ralenti epi gon mesye
ki t gen yon mayo nwa ak yon bout pantalon retire yon 9mm li pwente l sou nou li di
nou desann moto a epi l gadem li souke tèt li dim piti tèt ou du ou pa tande. Epi l
volè moto a li ale.
Men moto a se t moto yo kolèg travay la menm tal fè deklarasyon an 7 mars 2022.
Keum t jwenn menas.

Se lè sam m kòmanse ap etudye strategie poum kite peyi a definitif. Mwen vin pa al
nan koze reyinyon politik ankò m potko ka kite travay la paskem pat gen ase kòb nan
menm poum kite peyi a. M vin fon fason m ret kay zanmi ki ret tou prè travay la e
moun nan travay yo t konprann mwen tou yo vin pa voyem sou teren ankò.

20 août 2022 m t gon zanmi m ki tap marye aprè maryaj m t gen kèk zanmi ki tap fon
ti fèt yo t envitem paske yo t konnen m jwenn viza m pral kite peyi a.
Leum tap sot nan fèt la li t nan 6h lè sa m tap dòmi meyòt m t nan yon kamyonèt
leum voye jem gon machin ki tap swiv kamyonèt la m remake menm vizaj ki t rale zam
sou mwen se li ki tap kondwi machin nan aprè sa m pa konn anyen se leum vin pran
konsyans m remake m lopital m mande enfimyè a sa map fè la li dim fè aksidan li
mande m konbyen dwèt mwen wè m di 5 epi li fèm yon pous. Li mandem eskem sonje
nimewo moun lakay mwen epi m bay nimewo sèm nan.
Aprè yo koud sousi m ak tet mwen yo panse pyem yo. Epi lèl jou yo voyem ale. Papa m
t byen ak yon enfimyè se li ki t kontinye vin pansem jiskaske yo sikatrize.
M vin kite Ayiti 26 oktob 2022, mwen rantre Meksik 6 novanb 2022 yo pat banm so
rantre yo t voyem back sendomeng. Aprè m vin rantre Meksik 9 desanb 2022 epi m
rantre USA 4 février 2023 poum ka mande azil.

You might also like