You are on page 1of 5

Laglwa va anvayi nanm mwen

Moun ki ekri kantik la : Phillip Paul BLISS (1838–1876)


Moun ki mete l an kreyòl : Nou poko konnen l
Moun ki mete misik sou li : James Mac GRANAHAN (1840–1906)
Istwa Kantik la
• Sa se Kantik rèv Philipp Paul Bliss. Li te ekri l, apre l te fin li yon woman sou
relijion yo rele ‘‘la porte d’Ajar’’ de WARD madan Elisabeth Stuart PHELPS
te ekri nan lane 1868. Nan woman sa yo montre syèl la pa depaman ak kèk
bèl pat sou tè a. Yon bagay ki pat kadre ak sa Kalven (Calvin) te preche. Bliss
tout pat twò dakò ak sa non plis, se pou sa l toujou di: ‘‘Pou sa ki gade lè n
va avèk Jezi, pawòl Bib la sifi, n ap wè Jezi nan glwa li’’.
• Denye fwa Bliss chante kantik la se te nan yon kwazad Moody t ap fè nan
Chicago. Avan l kòmanse chante, li te di : « Mpa konn si ma jwenn yon lòt
okazyon poum chante devan nou ankò. Men mvle nou konnen kantik sa se
nannan konviksyonm». Malerezman se te lavèy jou li menm a madanm li ta
pral nwaye nan dlo flèv Petaluma, lè pon sou flèv la te kraze anba tren ki
tap mennen yo lakay yo a .
1
Mwen pa konn nan konbyen tan ma wè Wa de wa m nan,
Selman mkonn yo bagay, l ap espere m laba
Blakawout va kaba limyè va domine
Laglwa va anvayi nanm mwen

Laglwa va anvayi nanm mwen


Laglwa va anvayi nanm mwen
Blakawout va kaba limyè va domine
Laglwa va anvayi nanm mwen
2
Mwen pa konnen ki chan kretyen yo va chante
Ki aksan ki ako zanj yo konn fredone
Men mkonnen le m mele vwa pam nan kantik yo
Ma va adore tankou yo

Ma va adore tankou yo
Ma va adore tankou yo
Men mkonnen le m mele vwa pam nan kantik yo
Ma va adore tankou yo
3
Mwen paka esplike jan pale syel la ye
Men mkonnen le mrive mwen pap yon etranje
Ak yon souri Jezi va di mwen byenvini
Pot syel la va louvri pou mwen

Pot syel la va louvri pou mwen


Pot syel la va louvri pou mwen
Ak yon souri Jezi va di mwen byenvini
Pot syel la va louvri pou mwen

You might also like