You are on page 1of 1

1 Ezili, o, Kay la mande wouze

Ezili, o, Kay la mande wouze


Ezili, bèl fanm, Kay la mande wouze Si nanpwen dlo, wouze l ake losyon
Ezili, o, Kay la mande wouze Ezili, o,
Kay la mande wouze Ezili Freda,
Kay la mande wouze Si nanpwen dlo, wouze l ake losyon ( Repran l 2fwa )

2. Plenn sou plenn Lakay manbo Zili Mwen tande plenn sou plenn Kannòt mwen sou
dlo Plenn sou plenn Lakay manbo Zili Mwen tande plenn sou plenn Kannòt mwen sou
dlo Ezili, o, konsa yo ye M di metrès, o, konsa yo ye Plenn sou plenn Kannòt mwen sou
dlo

3. Èzili, o, Èzili sa a Èzili, o, Èzili sa a E a sou lanmè a Kannòt mwen chavire Si pa te


Bondye, tout moun yo ta neye
4 Nwaye m ap nwaye Nwaye m ap nwaye Èzili si w wè m tonbe nan dlo, pran m non
Mètrès si wè m tonbe nan dlo, pran m non Sove lavi zanfan yo pou mwen, m ape
nwaye
5 Zili, Zili, Bazil o Zili, Zili, Bazil o Men Zili a soti nan dlo Savalouwe

6 Savalouwe, papa Pyè, Savalouwe Savalouwe, mouche Pyè, Savalouwe Papa Pyè, m
pa monte gonbo Mouche Pyè, m pa monte gonbo Pou m lave chodyè, Savalouwe

7 Ezili Jan Petro M a rele Kay sa, se kay lwa mwen ( woy !) Ezili Jan Petro M a rele Kay
sa, se kay lwa mwen M ape rele manbo Èzili o M ap fout kriye, Manbo Èzili o Seremoni
sa …

8 Se marye m marye ak lwa yo Se pa plase m plase ak lwa Se marye m marye ak lwa


yo Mwen p ap fout divòse ankò Se marye m marye ak lwa yo Se pa plase m plase ak
lwa Se marye m marye ak lwa yo M pa ka divòse ankò Lwa sa yo eritye manman mwen
Lwa sa yo se fanmi m yo ye Se pa achte m al achte lwa sa yo Mwen ka divòse ankò
Lwa sa yo eritye m yo ye Lwa sa yo lwa papa m m yo ye Se pa achte m al achte lwa sa
yo Mwen pa ka divòse ankò Se marye m marye ak lwa yo Se pa plase m plase ak lwa
Se marye m marye ak lwa yo M pa ka divòse ankò

You might also like