You are on page 1of 1

Chan TKL

TKL kenbe fem pa lage selimye jezikri nou ye.

Le nou chita nan lakou lakay poun aprann pataje, gen moun ki di nou se kominis an nou kenbe pi fem.

Le nou chita nan fanmi yo diskite pwoblem nou yo, gen moun ki di nou se lasigal an nou kenbe pi fem.

LESPRI SEN AN SOUFLE NAN MITAN TKL YO, LI CHWAZI PWOFT LI VLE NAN
LEGLIZ PV YO. LEGLIZ PP LA, LEGLIZ POPIL A, KI DI NAN NON JEZI, FK
SA CHANJE.
Ak fs Lespri Sen an, TKL leve kanpe, Nan tout bitasyon yo, pou l gaye bon nouvl la, Pou
rankontre Jezi Kri a, ki nan lavi tout pv yo, Se konsa li f misyon l, ak renmen nan Legliz la.

Pwofet yo gen de je men yo pa we ak yo se ak je lespri a yo we sa kap pase yo we kijan mechan


touye, yo we kijan boujwa biye, touye piye Jezikri a ki se chak pov malere.

Pwofet amos tap preche pe Amazyas te fache, mon pe di li pa nan politik, poul pa tande
kritik,kritik kont yon bann esplate pe amazyas tap soutni. Se pawol Bndye nan liv Amos
chapit ...vese...

SE SA SE SA, SE SA TKL LA YE SE SA SE SA MISYON JEZI NAP AKONPLI


1-Avk konkou, ak fs Lespri Sen an Nap pouse T.K.L. la pi devan Pandan nap chache viv
mesaj Kris la Nan tradisyon ak kilti pp nou an
2- Premye Kretyen yo te konn viv ansanm Tout sa yo gen yo te konn pataje l Yo tap mache
gaye bn Nouvl la Gras a konkou pouvwa Sentespri a

3-Yo te gen anpil konfyans nan Bondye malgre yo te konn jwenn psekisyon se sa ki f yo te
jwenn anpil gras Pou yo te kontinye Misyon sila.

4-Nan tout Pawas, nan tout Chapl nou la Desann nan bitasyon yo se pi rd Rasanble tout
kretyen yo ansanm Pou f yo konnen Jezi Kri pi plis.

5-Anonse denonse konsyantize Se menm travay sa a TKL ap f F konnen Reny Bondye a pre
rive Pou Kretyen yo chanje fason yap viv.

6- Nou pa chita nan bl diskou slman Nou mete moun chita pou yo reflechi Pou yo pran
konsyans de fason yap viv.

You might also like